395px

Auto-Psí

D-Fi Powèt Revòlte

Auto-Psy

Dezabiye m fas on piblik paske rad pa fè mwàn
Rad pa fè mwàn menm jan kouwòn pa fè wa
Orizon m fè nwa, m repati ak plim mwen kòm tòch
Mizik: Mwayen pou m pakouri mond lan san kòb pòch
On lon vwayaj, pou akonpanye m kèk nòt
Ak on ravaj nan kè m gen prezans kèk mò
M ekri lavi m, rim mwen yo soti nan fon kè m
On kè brize k ekri lanmou ak espwa l a fonn èn
Pou yo te konprann mwen byen m t oblije ekri vyolans
Pèdi nan koridò Castro, ak djab m t ap fè womans
Plonje nan abim, echèk te pran m pou sib
Donk m te tante lenposib pou te konn limit posib
Pran sa m merite yo pa ban m

Avan l ale li te di m on rèv ap ret on rèv si tout fwa m ret nan kabann
D-Fi asasinen rèv manmi Rhod
Diplòm, kostim, kravat, pase jounen nan biwo
Donk m konprann si l pa fyè m pa fè l
Pwomès ke m ap sòti men m ap eseye miyò a chak pa m fè
Chak vè sèvi pou nwaye chagren m
Silans konn pale gen on oseyan doulè dèyè chak plenn
E chak grenn tèks m krache ranpli ak drama
Frè m pa pè apokalips, m jis pè karma
On nèg ki te vin pou refè lari men lari refè

Se maryaj demon m ak zanj mwen ki te krache reflè m
M grandi nan pèn a pèn ventan m gentan pèdi mwatye nan jenerasyon m lan m grandi nan èn
Ban m di w an vrè, mizè touye espwa pou n viv an frè
Si geto se paradi, ben m pa imajine lanfè
Kot nèg kriyèl pase kwòk mò, menm mwen m pa t ka sen
M grandi ak nèg 15 apre k ta pral asasen
M rap sa k travèse m, pran sa kou terapi
Li fasil pou konn D-Fi, jis koute rap li
M ekri lespwa paske sante pa sifi pou kenbe m anvi
Li pral gen tout sa l anvi rap mwen pral fè eksplwa
Mesaj tankou boutèy nan lanmè
Filip si m vomi lirik se paske vi m anmè

Ou a di manman m pitit li te jis vle rann li fyè
Li renmen l, si l pa di l sa se pask ego l rann li fèb
Di Pasa m pa jwe wòl gran frè m
Li plis modèl mwen ke m modèl li, m tonbe nan lari a m pran dizan fèm
A tout frè k te grandi ak mwen, jodi a kou etranje
Di yo m pa gen souvni, fò w bliye pou sonje
Filip pran pwa chak mo
M fidèl a konviksyon m, di site Castro m jis pran devan mpa ba l do
Di Gran Paran syèl la te bezwen on ewo, m ekri konba l
Se pa lanmò l ki fè m lapenn men m p ap wè l ap danse konpa
Ankò, l aprann mwen se pa on kouwòn me se valè m kap fè m Wa
Dezabiye m fas on piblik paske rad pa fè mwàn

Auto-Psí

Desnúdate frente al público porque la ropa no me define
La ropa no me define así como la corona no hace al rey
Mi horizonte se oscurece, regreso con mi pluma como un hacha
La música: un medio para recorrer el mundo sin dinero en el bolsillo
Un largo viaje, para acompañarme algunas notas
Y un desgarro en mi corazón tiene la presencia de algunos muertos
Escribo mi vida, mis rimas salen del fondo de mi corazón
Un corazón roto que escribe amor y esperanza que se derrite
Para que me entiendan bien, tuve que escribir sobre la violencia
Perdido en los pasillos de Castro, con el diablo haciendo ruido
Sumergido en el abismo, el fracaso me tomó como blanco
Así que intenté lo imposible para conocer los límites de lo posible
Tomo lo que merezco, no me lo dan

Antes de irse, me dijo un sueño seguirá siendo un sueño si siempre me quedo en la cama
D-Fi asesina sueños, mami Rhod
Diploma, traje, corbata, paso el día en la oficina
Así que entiendo que si no está orgullosa, no lo hago
Promesa de que saldré, pero intentaré mejorar en cada paso que dé
Cada trago sirve para ahogar mi tristeza
El silencio a veces habla, hay un océano de dolor detrás de cada llanura
Y cada línea de texto que escupo está llena de drama
Hermano, no temo al apocalipsis, solo temo al karma
Un tipo que vino a rehacer la calle, pero la calle lo rehízo

Es el matrimonio de mi demonio con mi ángel que escupió mi reflejo
Crecí en el dolor, a penas en mis veinte ya había perdido la mitad de mi generación, crecí en uno
Déjame decirte la verdad, la miseria mata la esperanza de vivir en hermandad
Si el gueto es el paraíso, entonces no imagino el infierno
Donde los tipos gritan hasta que mueren, ni yo pude ser santo
Crecí con tipos 15 después de que se convirtieran en asesinos
Hago rap de lo que me atraviesa, lo tomo como terapia
Es fácil conocer a D-Fi, solo escucha su rap
Escribo esperanza porque la salud no es suficiente para mantenerme con ganas
Tendrá todo lo que quiera, mi rap hará explosión
Mensajes como botellas en el mar
Filip, si vomito letras es porque mi vida es amarga

Tú le dices a mi mamá que su hijo solo quiere hacerla sentir orgullosa
La ama, si no se lo dice es porque su ego la hace débil
Dile a Pasa que no juego el papel de su hermano mayor
Él es más modelo para mí que yo para él, caí en la calle y me quedé diez años
A todos los hermanos que crecieron conmigo, hoy son como extraños
Diles que no tengo recuerdos, hay que olvidar para recordar
Filip, cada palabra pesa
Soy fiel a mis convicciones, digo que en Castro solo voy hacia adelante, no le doy la espalda
Dile al Gran Padre del cielo que necesitaba un héroe, escribí su lucha
No es su muerte lo que me duele, sino que no lo veré bailar compás
Otra vez, me enseñó que no es una corona, sino mis valores los que me hacen rey
Desnúdate frente al público porque la ropa no me define.

Escrita por: