Flè Dizè (feat. Vanessa Jeudi)
Rakonte listwa Flè Dizè
Se rakonte listwa prensès geto yo, se rakonte
Listwa ti sè n
Ki grandi nan on sistèm ki aprann li ouvè kuis li avan kè l
Kote se a moun san somèy nèg ap mache vann rèv
Flè Dizè bèl ou a di fe
Men se kot grangou touye lanmou, byen bonè l konprann Je t'aime pa limen dife
Flè Dizè anfòm k on bas
L ap taye banda, sa l pa bay taye l pran ak vyolans, li pa konn womans
Diyite l pran souflèt, menm jan ak machwè
Flè Dizè ap chache fòs, pot pèn li bay Senjak Majè
Flè Dizè grandi ak matant
On dayiva retrete ki te fè l kwè anndan janm li dwe gen patant
Mizè sal bote l, lonè l sabote
Pou yon anbwate jenn anbwate l
Flè Dizè ap sèvi nan ba
Sou chak grenn byè on dola frè m, kouman pou degi pou l pa bay bout anba l
Flè Dizè mache chache men l al dòmi san soupe
Se ak kalòt, kout pwen, bal mawon p ap dòmi san soupe
Ou ka konnen l, yo rele l Wana
Yo pale de li souvan, se li ou kwaze sou twotwa a chak swa
Flè Dizè te gen rèv pou l medsen ou avoka
Men se lè yo fin koupe l y a wè l te bon tankou on zaboka
Flè Dizè kite lwen dèyè l epòk li te sen an
Tout sa ou tande a, Flè Dizè fèk gen ventan
Rèv Flè Dizè mouri
Sou twotwa, anba seren
Sou po l frèt lavi desinen l desinen l desinen
Yo ba l pou kantik sèl melodi
Pou l viv, fò l bwase ren l
Lè solèy mizè l fennen, l fennen, l fennen, l fennen, l fennen
Nan boule bwa gen fè chabon
Chak jou l ap kwaze l men l pa konn mèt li
Flè Dizè ranmase on kaka san savon
Se te apre on bibil
San asistans, Flè Dizè fè silans pou li se sèl mwayen pou l siviv
Chay sot nan ren tonbe sou zepòl
Flè Dizè al gouye sou senpyè pou kouvri malpwòpte senpòl
Apre pòte Flè Dizè pa chè, nan bouske pou okipe youn, li pran on dezyèm, li pran on twazyèm
Konsa lavi maltrete l
Li mizè a k nan mitan pli k sou figi l yo, men longè kòd tete l
Sak rete l s'on ti komès kleren
Ak kèk ansyen kliyan k konn tcheke l apre on gwòg pou on kout ren
Chak fanm gen sèt so, Flè Dizè sou disèt
E si l ta pran on dizuityèm, l ap leve kanpe pi rèd
On jou l a jou
Flè Dizè ap kenbe, Beken di l l ap repare kanmenm, fanm se kajou
Li pa t gen modèl
Ki desten on jenn fi lè kote l grandi a pa gen on bibliyotèk men gen ven bòdèl
Lè sèks se pi gwo lwazi, lè pi gwo djòb se pwostitisyon
La lè on jenn fanm pòv, bote l se malegdiksyon l
E yo gen odas mande l sa l te fè a po bal la
Tan l pase, gen tijenn k ap vini, ba yo plas la
Trantan Flè Dizè fennen
Pèdi nan match lavi a, li paka gouye ankò karyè l oblije fèmen
Rèv Flè Dizè mouri
Sou twotwa, anba seren
Sou po l frèt lavi desinen l desinen l desinen
Yo ba l pou kantik sèl melodi
Pou l viv, fò l bwase ren l
Lè solèy mizè l fennen, l fennen, l fennen, l fennen, l fennen
Flè Dizè (feat. Vanessa Jeudi)
Cuenta la historia de Flè Dizè
Es la historia de la princesa del gueto, es contar
La historia de su hermana
Que creció en un sistema que le enseñó a abrir las piernas antes de amar
Donde la gente sin sueño camina vendiendo sueños
Flè Dizè, hermosa, tú lo dices
Pero es donde el hambre mata el amor, pronto entendió que Je t'aime no enciende fuego
Flè Dizè está bien como un bajo
Va cortando la banda, lo que no da, lo toma con violencia, no conoce a las mujeres
Su dignidad recibe golpes, igual que su mandíbula
Flè Dizè busca fuerza, su dolor le da a Sanjak Majè
Flè Dizè creció con su tía
Una diva retirada que le hizo creer que dentro de sus piernas debía haber un talento
La miseria ensucia su belleza, su honor sabotea
Para un joven que se embriaga
Flè Dizè sirve en un bar
Por cada cerveza un dólar, hermano mío, ¿cómo hacer para que no se le acabe?
Flè Dizè camina buscando, pero se duerme sin cenar
Es con golpes, puñetazos, balas marrones no duerme sin cenar
Puedes conocerla, la llaman Wana
Hablan de ella a menudo, es a quien te encuentras en la acera cada noche
Flè Dizè soñaba con ser doctora o abogada
Pero cuando la cortan, verán que era buena como un aguacate
Flè Dizè deja atrás su época de ser santa
Todo lo que escuchas, Flè Dizè acaba de cumplir años
El sueño de Flè Dizè ha muerto
En la acera, bajo la serenata
Sobre su piel fría, la vida la dibuja, la dibuja, la dibuja
Le dan como canto una sola melodía
Para vivir, tiene que mover su cintura
Cuando el sol de su miseria se apaga, se apaga, se apaga, se apaga, se apaga
En el fuego de la leña hay carbón
Cada día se encuentra, pero no sabe dominarlo
Flè Dizè recoge una caca sin jabón
Fue después de una biblia
Sin asistencia, Flè Dizè guarda silencio, es el único medio para sobrevivir
La carga que lleva en su vientre cae sobre sus hombros
Flè Dizè va a cubrirse con un pañuelo para ocultar la suciedad de su cuerpo
Después de cargar, Flè Dizè no es cara, en la lucha por atender a uno, toma un segundo, toma un tercero
Así la vida la maltrata
La miseria está en medio de las arrugas de su rostro, pero la longitud de su cordón es su pecho
Lo que le queda es un pequeño comercio
Con algunos antiguos clientes que la revisan después de un trago para un poco de cintura
Cada mujer tiene siete males, Flè Dizè sobre diecisiete
Y si toma un dieciocho, se levantará más fuerte
Un día lo hará
Flè Dizè se mantendrá, Beken le dice que lo reparará, las mujeres son guerreras
No tenía modelo
Que destina a una joven donde creció, no hay una biblioteca, pero hay vino en la calle
Cuando el sexo es el mayor placer, cuando el mayor trabajo es la prostitución
Ahí una joven pobre, su belleza es su maldición
Y tienen el descaro de preguntarle qué hizo para llegar a la fiesta
El tiempo pasa, hay jóvenes que vienen, les dan el lugar
Treinta y tantos Flè Dizè se apaga
Perdida en la lucha de la vida, no puede aguantar más, su carrera debe cerrarse
El sueño de Flè Dizè ha muerto
En la acera, bajo la serenata
Sobre su piel fría, la vida la dibuja, la dibuja, la dibuja
Le dan como canto una sola melodía
Para vivir, tiene que mover su cintura
Cuando el sol de su miseria se apaga, se apaga, se apaga, se apaga, se apaga