395px

Sombra de Luna (feat. Ja-M EnigmatiQ)

D-Fi Powèt Revòlte

Lonbraj Lalin (feat. Ja-M EnigmatiQ)

Pi gwo fyète m' gen de tèt mwen se deske m'
Lonbray solèy Loup
Kont yon sistèm m' reveye sak gen somèy lou
Rap pèdi souf depi lè pwezi n' pot dèy li
N'reveye l'nan mond Mistè Jan n' te pwomèt li
Aprè Rapè fin fouye tou y'antere l' la
Ki wè pa gen enterè pou n' nan bere l' la
K'pito swiv kouran média, ki pran Rap pou
Bouyon bega
Hip hop se vwa n', se dwa n', se lwa n'
Rap la pasgaj, pasaj
Relem' perispri, ki nanm sak péri isi
Boum bap ki nanm peristil la, dexter isi péri stil la
Men m' pa dekouraje se pa sak pa vle m'
Pase k'banm talan
Map mouri pòv pou sila yo tan pou Rap mw
Ta banm lajan
Se kòm k'andan lespri m' se sak fè
Aparans Mw twonpe w'
Padone frekansite m' si Mistè nan
Pwezi m' sonde w'
Klasik, taktik, matiq, majik, chak rim, m'bati
Rezon k'fè nap ret lonbray lalin nan lavi avi a wi

M pa pè paske m diferan, gen mwen, gen lòt yo
Konba m yo twò vrè, nan on game ki twò fo
M pa twò fò, m se jis on enkonpri
Pa rele m rapè konsyan, chak konsyans gen on pri
Kreye on bondje pou eksplike ou sa ou pa konprann se esans imen an
Syèl la pa limit, se jis chimen an
M se sous limyè a, sou lòt yo m reflete
Gen sa k wè lè siksè m rive, mwen m wè se lè pou m retrete
M pa règ la, m se on eksepsyon
M sensè, kòman pou m ba ou track trip pandan m ap tete lang ak depresyon m
M fè klasik nan dekri on vi lèd
M geri kèk mizik sove vi m, mizik mwen sove vi nèg
M pa nimewo 1 men m inik
Brize chenn yo, yo tout ap kouri dèyè glwa
Mwen m ap kouri dèyè viv lib
Plim mwen plenn ak lalin pou l akouche l p ap tann 9 mwa
M se lonbray li, m briye lè moun k ap koute m yo nan fè nwa

Sombra de Luna (feat. Ja-M EnigmatiQ)

Mi mayor orgullo es de mí mismo, es que yo
Sombra del sol Lobo
Contra un sistema, me despierto de un sueño pesado
El rap ha perdido el aliento desde que la poesía lo ha enterrado
Lo despertamos en el mundo Misterio que le prometimos
Después de que el rapero haya cavado, ya lo enterraron
Que no hay interés para nosotros en este juego
Prefiero seguir la corriente de los medios, que toman el rap como
Un caldo de cultivo
El hip hop es nuestra voz, es nuestro derecho, es nuestra ley
El rap es un pasaje, un pasaje
Llámame espíritu, que es el alma que perece aquí
Boum bap, que es el alma del peristilo, dexter aquí, el estilo perece
Pero no me desanimo, no es que no me quieran
Porque me dan talento
Voy a morir pobre por ellos, tanto por el rap que
Me daría dinero
Es como si en mi mente, es lo que hace
La apariencia me engaña
Perdona mi frecuencia si el misterio en
Mi poesía te sondeó
Clásico, táctico, mágico, cada rima, la construyo
Razón por la que seguimos en la sombra de la luna en la vida, sí

No tengo miedo porque soy diferente, hay yo, hay otros
Mis luchas son demasiado reales, en un juego que es demasiado fuerte
No soy demasiado fuerte, solo soy un incomprendido
No me llames rapero consciente, cada conciencia tiene un precio
Crea un dios para explicarte lo que no entiendes, es la esencia humana
El cielo no es un límite, solo es el camino
Soy la fuente de luz, sobre los demás reflejo
Hay quienes ven cuando mi éxito llega, yo veo que es hora de retirarme
No soy la regla, soy una excepción
Soy sincero, ¿cómo puedo darte un track trip mientras chupo mi lengua con mi depresión?
Hago clásico al describir una vida fea
La música me cura, salva mi vida, mi música salva la vida de otros
No soy el número 1, pero soy único
Rompe las cadenas, todos corren tras la gloria
Yo corro tras vivir libre
Mi pluma se llena con la luna para que dé a luz, no esperará 9 meses
Soy su sombra, brillo cuando la gente que me escucha está en la oscuridad

Escrita por: