395px

Parano

D-Fi Powèt Revòlte

Parano

Vi a rann mwen parano pa kondane m sou jan m wè l
Pi bonè se granmaten, m leve bonè m kwaze ak chanpwèl
On jou ou lòt, plato balans lan ap panche
Donk m pa asire w ke m ap pase tout vi m ap punche
Deja vi sa fatige m
Twòp dilèm, twòp moun pou m desevwa
Vin sta pa si fasine m
Sitou lè m wè sa nèg fè, kijan yo pèdi valè
Sa k te Wa lakay yo pou hit ka zòt tounen valè
M vin wè menm sa m te pran pou lidè a s on follower
Konprann desepsyon m, sèl bagay nan rap mpa twò fyè
M pa twò kwè nan lòm, reyaksyon yo pap etone m
Si m reyisi se pou yo tout, men si m echwe youn pap epole m
Kite m dekone
Avan rèv mwen kwaze ak reyalite a
Ak rès mond lan kite m dekole
Lòm rann mwen egoyis, m renmen tèt mwen ke pwochen m
Kwè nan yo se gwo risk, menm konfyans m pa fè pwòp chen m

M parano, e si tout pwojè m tomber à l'eau
Lòt bò fil kiyès kap reponn chak fwa m di Alo
M parano, m parano, m parano (bis)

Sou ki m ka konte?
M grandi nan panye krab, m wè nèg ap rale m desann chak fwa m vle monte
Gen sa m vle montre limyè men l pito gad dwèt mwen
Jida a chita sou tab lan ap prepare l pou al trèt mwen
Ki wout pou m pran pou m al ka God si tout ap mennen m Wòm?
Yo te di m si m vle al vit, fò m fè wout la pou kòm
Men m te vle al lwen, donk m kite y akonpanye m
Rezilta? Se kòm si m tap bwote dlo ak on panye
Twòp fo frè, mizè rann nèg akrèk
Kijan pou m jwi si sistèm map fuck la pa gen bon k
M fini pa konprann se pa on fin en soi pou vin selèb
M ap viv nan rèv, m fini pa feel tenèb
Li te lè pou m te fè bri, pou mas yo te ka tonbe
M stil ret kwè se pa view sou YouTube ki pral konble m
Men jwenn pè ak konsyans mwen pou mwen se pi gwo defi
Vrè zanmi m se nèg kap show Rhod love, kap fuck D-Fi

Mparano, e si tout pwojè m tomber à l'eau
Lòt bò fil kiyès kap reponn chak fwa m di Alo
M parano, m parano, m parano (bis)

M anvi siksè men a kèl pri?
Bay Castro do? (Hum) Mande Mad-S jan geto a te reyaji lè l t al bèl vil
Se pa bèl rim ki pral nouri fanmi m
A kwa bon pou m ap briye si frè m ap mouri famin
Mouri pa pil, kouri twò vit, pran nan foli lavi avid jouk li rive pouri avni l
Kouri al di l, m p ap tounen esklav apre m fin pran gou mèt
Veye kou trèt kap banm minòt sou fòm goumèt
Si ou ap ban m glwa fè l kounya pa tann jou m die man
Pou ap di tinèg Castro a te gen valè kou diamond
Do m laj, si l ka pot kritik, konsa tou li ka pot glwa si m se pen fò m ka jwenn fwomaj
M fuck omaj posthume, menm si m tonbe sou bal pa rafal
Menm si se sa k tap fè non m resi site
Aprann menm pi bèl mizik la pat ka resisite
Ni G Bobby, ni Dade, ni Dejavoo, ni K-Tafalk

M parano, e si tout pwojè m tomber à l'eau
Lòt bò fil kiyès kap reponn chak fwa m di Alo
M parano, m parano, m parano

Parano

Vi a mi me tiene paranoico, no me condenes por cómo lo veo
Más temprano que tarde, me levanto temprano y me cruzo con el amanecer
Un día o el otro, la balanza se inclinará
Así que no te aseguro que pasaré toda mi vida golpeando
Ya esta vida me tiene cansado
Demasiados dilemas, demasiada gente a la que decepcionar
Ven, no me fascina
Sobre todo cuando veo lo que hacen, cómo pierden su valor
Lo que era rey en su casa, ahora se convierte en valor para otros
Veo lo que antes consideraba un líder, ahora es un seguidor
Entiende mi decepción, lo único en el rap que no me enorgullece
No creo mucho en la gente, sus reacciones no me sorprenden
Si tengo éxito, será para todos, pero si fracaso, nadie me apoyará
Déjame desconectar
Antes de que mis sueños se crucen con la realidad
Y el resto del mundo, déjame despegar
La gente me vuelve egoísta, me quiero más que a los demás
Creer en ellos es un gran riesgo, ni siquiera confío en mi propio perro

Estoy paranoico, ¿y si todos mis proyectos se van al agua?
Del otro lado del hilo, ¿quién va a responder cada vez que digo hola?
Estoy paranoico, estoy paranoico, estoy paranoico (bis)

¿En quién puedo confiar?
Crecí en la trampa, veo a la gente tratando de bajarme cada vez que quiero subir
Hay cosas que quiero mostrar, pero prefieren señalarme
Judas está sentado en la mesa preparándose para traicionarme
¿Qué camino debo tomar para llegar a Dios si todos me llevan a Roma?
Me dijeron que si quería ir rápido, debía tomar el camino correcto
Pero yo quería ir lejos, así que los dejé acompañarme
¿El resultado? Es como si estuviera sacando agua con una trampa
Demasiados falsos hermanos, la miseria vuelve a la gente cruel
¿Cómo puedo disfrutar si el sistema me está jodiendo y no hay buena salida?
Al final no entiendo que no es un fin en sí mismo ser famoso
Vivo en un sueño, al final no siento la oscuridad
Era hora de hacer ruido, para que las masas pudieran caer
Aún creo que no son las vistas en YouTube las que me llenarán
Pero encontrar paz y conciencia para mí es el mayor desafío
Mis verdaderos amigos son los que muestran amor, los que apoyan a D-Fi

Estoy paranoico, ¿y si todos mis proyectos se van al agua?
Del otro lado del hilo, ¿quién va a responder cada vez que digo hola?
Estoy paranoico, estoy paranoico, estoy paranoico (bis)

Quiero éxito, pero ¿a qué precio?
¿Darles la mano a Castro? (Hum) Pregúntale a Mad-S cómo reaccionó el barrio cuando fue a la ciudad
No son las rimas bonitas las que alimentarán a mi familia
¿De qué sirve brillar si mis hermanos mueren de hambre?
Morir no es una opción, correr demasiado rápido, atrapado en la locura de la vida avara hasta que su futuro se pudra
Ve y dile que no volveré a ser esclavo después de haber probado el sabor de la libertad
Cuidado con los traidores que me dan la mano en forma de engaño
Si me vas a dar gloria, hazlo ahora, no esperes a que muera
Para decir que el niño Castro valía como un diamante
Dame la mano, si puede soportar críticas, también puede llevar gloria si soy fuerte, puedo conseguir queso
No me importa el homenaje póstumo, incluso si caigo bajo balas
Incluso si eso es lo que haría que mi nombre se mencione
Aprendí que incluso la mejor música no puede resucitar
Ni G Bobby, ni Dade, ni Dejavoo, ni K-Tafalk

Estoy paranoico, ¿y si todos mis proyectos se van al agua?
Del otro lado del hilo, ¿quién va a responder cada vez que digo hola?
Estoy paranoico, estoy paranoico, estoy paranoico.

Escrita por: