395px

Poètes en Révolte

D-Fi Powèt Revòlte

Powèt Revòlte

Se pou met fen nan on deba
Chak koumansman gen on fen, e chak fen louvri pòt li pou on nouvo depa
An tout senserite, lwen tout ti mannèv divèsyon
E paske on listwa pa janm gen on sèl vèsyon
Kite m konte ou Kwonik on gwoup Powèt
A l'époque, on gwoup rapè k te pwomèt
Nou te gen foug e n te kwè ke n te ka chanje bagay yo ak pwezi
Anyen pa t ka stope n, menm refi Blay-Z
Sa pral gen 4 an depi m te resevwa apèl Ed
M te nan geto a ap bay levanjil la pandan rap te sanse dead
Se te jou soti albòm Bon Komisyon
Fòk nou te an mòd gèrye, Powèt Revòlte se te on misyon
A nou 2 se t ap byen men twòp rapè k tankou n
Pou sa m te vin ak Wellborn, pou sa m te di Yo Kendy anyen pap fèt san ou
Dream recordz revolisyon ak Pawòl
Rèv la te gran Filip monte abò l
Nou pase de senp foli

A pwojè lavi, ekip la vin konplè ak ajou HD Senfoni
Ann ale, ann al chavire sistèm nan
Nou te pran tèt nou pou Avengers
E pou lide, nou te prè pou sakrifye siksè an
Pa janm rate on okazyon pou ekspoze
Talan l, yo pa t fè n kado, n te blije enpoze n
Anchene sèn, senkwo, emisyon radyo
Nou te rive fè on non san single ni videyo
Hum, la belle epoque

Pozisyon, plim jenyal, punchline, dope lirik, we back to hip hop
E menm si, nou chak te gen karyè solo
Nou te Youn, reyisit Kolektif dwe prensip kay tout MC
Pi bèl la se lè ou ap monte
Anlè a ou pa p ka fè anyen ankò ke desann, siksè on bèt ki mal pou donte
Mwen m te gen on Rèv ak on Plim, on rèv ki koute m lavi m
Mande Dominik, pou rap m sakrifye lavni m
E si sa t ap koute m vi m, m pa ka ap satisfè tout ti kapris
M pran responsabilite m deja al koute Abysses
On maten m leve m tande m ipokrit, m egoyis
Sèl sa m se konyen madanm zanmi m, m opòtinis
Te m di ou, m se on nèg sensè
M gen kòd m respekte nan vi a e ladan l
Madanm on frè se on sèn

M rayi jistifye m
Pou sa m te fè silans
On silans yo panse k te ba yo rezon
Nèg krisifye m
Gen sa k te kanpe sou mwen, gen sa k te kanpe pou mwen
Kòm antouraj m te kenbe sila yo k te la pou ban m kouraj
Plen dout m te elwanye m
Se pa t janm on koze fanm, sinon pouki youn nan fanm yo pa t janm temwanye
M ka gen tò men se pa sa y ap repwoche m yo
Pandan ou tap fè konplo pou ekskli Filip, mwen m te kite l kotche m
Jalouzi se kansè
Si se te koze fanm vre, pouki n te remet an kesyon, mixtape mwen EP m, konsè m
Sakrifis mwen yo peye, m ap kale kò m pou m jwi l
Chak moun gen lo erè pa yo, pèsòn pap vin pran tèt yo pou jij
Piblik mwen m dwe eksplikasyon malgre kritik m tap jwenn tou
Pouki n te delete mizik mwen, mizik Ja-M tou
Ou fè chwa a, se mete grenn pou asime l
Detui on lòt pap fè w konstui tèt ou m asire ou
Powèt Revòlte gran, se nou k pou mete n nan wotè l
Ou te devan , volan te nan men ou men sonje kiyès ki te motè l
Ou ap benyen toutouni, lonbrit ou pa dwe kache
Lwayote moun yo kanpe kote Sa Mache
M redi l, m se on rapè k pa respekte pyès nòm
M fè sa m gen pou m fè, m pa bezwen favè pèsòn

E paske albòm sa se testaman m
E paske m ap ekri istwa m pou nèg pa vin envante istwa ban m
E paske m fèt pou m reziste
E paske m gen respè pou nèg sa yo k fè klik la toujou ekziste
Sakrifis yo anpil, chak nèg endispansab
Ansanm nou reyalize l’enpansab

E paske sekrè yo fè dega, mdeside pale
E paske apre albòm sa m deside ale
E paske m gen dèt pou m peye, sa yo k te pouse monte
E paske devwa m depase volonte m
E paske pwomès se dèt
E paske zetwal yo konn etenn, rèv mwen se pa t vedèt
E paske n gen kòd
Kou Youss di, e paske Powèt Revòlte vin on mòd lavi, li kite efè d mod
E paske gen Filip, A l’infini, Ja-M, MCM, Wellborn
E paske n dwe aderan nou yo on albòm
E menm si m deside se la karyè solo m bout
Nou se sèl rezon k ka fè m tounen nan booth
S on Eritaj, pou lòt jenerasyon an rekòlte
M sispann D-FI, m p ap janm sispann Powèt Revòlte

Poètes en Révolte

C'est pour mettre fin à un débat
Chaque commencement a une fin, et chaque fin ouvre la porte à un nouveau départ
En toute sincérité, loin de toutes ces manigances
Et parce qu'une histoire n'a jamais qu'une seule version
Laisse-moi te raconter la Chronique d'un groupe de Poètes
À l'époque, un groupe de rappeurs qui promettait
On avait de la fougue et on croyait qu'on pouvait changer les choses avec la poésie
Rien ne pouvait nous arrêter, même pas le refus de Blay-Z
Ça fait quatre ans que j'ai reçu l'appel d'Ed
J'étais dans le ghetto à prêcher pendant que le rap semblait mort
C'était le jour de la sortie de l'album Bon Commission
Il fallait qu'on soit en mode guerrier, Poètes en Révolte c'était une mission
À nous deux, ça allait bien mais trop de rappeurs comme nous
C'est pour ça que je suis venu avec Wellborn, pour ça que j'ai dit Yo Kendy rien ne se fera sans toi
Dream recordz révolution avec des mots
Le rêve était grand, Filip montait à bord
On a traversé de simples folies

À projet de vie, l'équipe est devenue complète avec mise à jour HD Symphonie
Allons-y, allons chavirer le système
On s'est pris pour les Avengers
Et pour les idées, on était prêts à sacrifier le succès
Ne rate jamais une occasion d'exposer
Son talent, on ne nous a pas fait de cadeaux, on a dû s'imposer
Enchaînant scènes, cinq-o, émissions de radio
On a réussi à se faire un nom sans single ni vidéo
Hum, la belle époque

Position, plume géniale, punchline, des lyrics de ouf, on revient au hip hop
Et même si, chacun avait sa carrière solo
On était Un, le succès collectif doit être la règle pour tous les MC
Le plus beau, c'est quand tu es au sommet
En haut, tu ne peux plus rien faire d'autre que descendre, le succès est une bête difficile à apprivoiser
Moi, j'avais un Rêve et une Plume, un rêve qui m'a coûté ma vie
Demande à Dominik, pour le rap j'ai sacrifié mon avenir
Et si ça devait me coûter ma vie, je ne peux pas satisfaire toutes ces petites caprices
J'ai pris mes responsabilités, écoute déjà Abysses
Un matin, je me lève, j'entends des hypocrites, des égoïstes
Tout ce que je suis, c'est le mari d'une amie, un opportuniste
Je t'ai dit, je suis un gars sincère
J'ai des codes que je respecte dans la vie et dedans
Ma femme, un frère, c'est une scène

Je déteste me justifier
Pour ce que j'ai fait en silence
Un silence qu'ils pensaient leur donnait raison
Les gars m'ont crucifié
Il y a ceux qui se sont tenus contre moi, il y a ceux qui se sont tenus pour moi
Comme mon entourage a gardé ceux qui étaient là pour me donner du courage
Plein de doutes m'ont éloigné
Ce n'était jamais une question de femmes, sinon pourquoi l'une d'elles n'a jamais témoigné
Je peux avoir tort mais ce n'est pas ça qu'ils me reprochent
Pendant que tu complotais pour exclure Filip, moi je l'ai laissé m'attraper
La jalousie, c'est un cancer
Si c'était vraiment une question de femmes, pourquoi remettions-nous en question, ma mixtape, mon EP, mes concerts
Mes sacrifices sont payants, je vais me déshabiller pour en profiter
Chacun a ses erreurs, personne ne va se prendre la tête pour juger
Mon public, je leur dois des explications malgré les critiques que je reçois aussi
Pourquoi avez-vous supprimé ma musique, la musique de Ja-M aussi
Tu fais le choix, c'est mettre des graines pour l'assumer
Détruire l'autre ne te construira pas, je t'assure
Poètes en Révolte, grand, c'est nous qui allons le porter
Tu étais devant, le volant était dans tes mains mais souviens-toi de qui était le moteur
Tu es en train de te baigner nu, ton nombril ne doit pas être caché
La loyauté des gens se tient là où ça marche
Je le répète, je suis un rappeur qui ne respecte aucune norme
Je fais ce que j'ai à faire, je n'ai besoin de la faveur de personne

Et parce que cet album est mon testament
Et parce que j'écris mon histoire pour que personne n'invente d'histoire à mon sujet
Et parce que je suis fait pour résister
Et parce que j'ai du respect pour ces gars qui font que le clique existe toujours
Leurs sacrifices sont nombreux, chaque gars est indispensable
Ensemble, nous réalisons l'impossible

Et parce que les secrets font des dégâts, j'ai décidé de parler
Et parce qu'après cet album, j'ai décidé de partir
Et parce que j'ai des dettes à payer, ceux qui m'ont poussé à monter
Et parce que mon devoir dépasse ma volonté
Et parce que la promesse est une dette
Et parce que les étoiles s'éteignent, mon rêve n'était pas d'être une vedette
Et parce que nous avons des codes
Comme Youss dit, et parce que Poètes en Révolte est devenu un mode de vie, il laisse des effets de mode
Et parce qu'il y a Filip, À l'infini, Ja-M, MCM, Wellborn
Et parce que nous devons adhérer à notre album
Et même si j'ai décidé que c'est là que ma carrière solo s'arrête
Nous sommes la seule raison qui peut me faire revenir dans le booth
C'est un Héritage, pour que la prochaine génération récolte
J'arrête D-FI, je ne vais jamais arrêter Poètes en Révolte

Escrita por: