395px

Fatiga (feat. Lenny Auguste)

Malada

Fatig (feat. Lenny Auguste)

Fatig bay vwa koulè pal
Mwen m mete punch m ap fonse
Chak MC gen mo pa l pou l bay mwen m t ap panse
M Pa g anpil chwa m rete kalm
M tand on dat k anonse
Pou konba a ka vanse
Leve a kanpe a lanse
Se dlo nou tout ap bat
Pou n fè bè e pa dat
Nou on pil men nou an plas
E kòmsi nou ann d on bwat
Strès souvan anpare nou
Ou ta di yo kondane nou
Yo g on jan y ap kale nou
Pou yon fen y ap prepare nou
Li pa fado si w black
Nou s on mago nou chak
Tout Moun nwa yo
Nou se nwayo
Men yo pran n pou n makak
Yo rasis yo tchak
Yo k ban nou plis mak
Pandan n se motè listwa
Pou lònè n merit on plak
Yo pito redwi n
Petri n
Dekrin kòm debri
M ap redi l
Y ap detwin
Nèt
Fè n pran egzil

Se toujou menm pwoblèm yo kolonizasyon
Okipasyon
Domination
Eksplwatasyon
Se menm konsèp yo

Yo bann nou kou a, kou a fè nou mal oo
Yo bann nou kou a, kou a fè nou mal oo
Yo bann nou kou a, kou a fè nou mal oo
Yo tèlman bann kou a, kou a fatige n

Vid anndan m yo grandi koz bri kèm fè gwo eko
M ap respire an ralanti
Wa di sèvo m mand on repo
Dèfwa l plen l a lafimen
Tankou vye kò a s on depo
Dèfwa m nève m s on imen
Ni mwen m tou m g on ego
M pa dakò moun siperyè
Reveye w pou si w te kwè
Se bagay bagay pi stipid
Pou koulè po w ou di w
Meyè
Yo vann Bondye pou tilepè
Si w di li nwa y ap di erè
Yo kenbe n nan stad tiye vè
Nan vant
E tout sa yo di se vrè
M pral ban n on ti sekrè
Peyi a l pou yon ti sektè
Yo k gen lajan
Yo k gen pouvwa
Yo gen kontwòl depi se tè
M konnen byen ke nou tout wè
Franchman m pa konn kisa nou pè
Si moun nan ap sèvi opresè pa fè l konfyans menm si l se pè
Se nou k dwe priyorite a
M wè nou Neglije sa
N pa dwe dakò soufrans sa
Pandan se nou ki eritye la a
Rasin nou verite a
Nou pa dwe meprize sa
Enèji pou n goumen
Fòk nou viv byen
Nou merite sa

Yo bann nou kou a, kou a fè nou mal oo
Yo bann nou kou a, kou a fè nou mal oo
Yo bann nou kou a, kou a fè nou mal oo
Yo tèlman bann kou a, kou a fatige n

Nou chèche n pa twouve
Lavi n ap pran kalòt
N ap karese rèv nou
Men sekrè midi ap touye yo
Nou chèche san twouve
Yo ban nou sa yo vle
Men yo ban nou, yo ban n kou

Fatiga (feat. Lenny Auguste)

Fatiga, da voz, color, habla
Yo pongo mi punch, voy a avanzar
Cada MC tiene su palabra, yo pensaba
No tengo muchas opciones, me quedo tranquilo
Espero una fecha que se anuncie
Para que la lucha pueda avanzar
Levanta, que se lance
Es agua, todos estamos peleando
Para hacer mantequilla y no hay fecha
Estamos un montón, pero estamos en su lugar
Y como si estuviéramos en una caja
El estrés a menudo nos atrapa
Dirías que nos condenan
Tienen una forma de desnudarnos
Para un final, nos están preparando
No importa si eres negro
Somos un mago cada uno
Toda la gente negra
Somos el núcleo
Pero nos ven como monos
Son racistas, son tontos
Nos dan más marcas
Mientras somos el motor de la historia
Por nuestra honra, merecemos una placa
Prefieren reducirnos
Moldearnos
Destruirnos como basura
Yo lo repito
Nos van a desmantelar
Completamente
Hacernos tomar el exilio

Siempre son los mismos problemas: colonización
Ocupación
Dominación
Explotación
Es el mismo concepto

Nos dan golpes, golpes que nos duelen, oh
Nos dan golpes, golpes que nos duelen, oh
Nos dan golpes, golpes que nos duelen, oh
Son tantos golpes, golpes que nos fatigan

El vacío dentro de mí crece, el ruido hace eco
Respiro despacio
Te diré que mi cerebro pide un descanso
A veces se llena de humo
Como un viejo cuerpo, es un depósito
A veces me pongo nervioso, soy un humano
Yo también tengo un ego
No estoy de acuerdo con los superiores
Despierta si creías
Es la cosa más estúpida
Por el color de tu piel, dices que eres
Mejor
Venden a Dios por un billete
Si dices que es negro, dirán que es un error
Nos mantienen en un estado de muerte
En el vientre
Y todo lo que dicen es verdad
Te voy a dar un pequeño secreto
El país es para un pequeño sector
Los que tienen dinero
Los que tienen poder
Tienen control desde la tierra
Sé bien que todos lo vemos
Francamente, no sé qué tememos
Si la persona sirve al opresor, no le confíes, aunque sea un padre
Nosotros debemos ser la prioridad
Veo que lo descuidamos
No debemos aceptar este sufrimiento
Mientras somos los herederos aquí
Nuestras raíces son la verdad
No debemos menospreciar esto
Energía para luchar
Debemos vivir bien
Lo merecemos

Nos dan golpes, golpes que nos duelen, oh
Nos dan golpes, golpes que nos duelen, oh
Nos dan golpes, golpes que nos duelen, oh
Son tantos golpes, golpes que nos fatigan

Buscamos y no encontramos
La vida nos está dando golpes
Estamos acariciando nuestros sueños
Pero el secreto del mediodía los está matando
Buscamos sin encontrar
Nos dan lo que quieren
Pero nos dan, nos dan golpes

Escrita por: