Kotew Te Ye (feat. Richard Cavé)
Depi lè w nan vi m nan m santi m byen
M santi m konplè m santi m plen
M santi m m pa nan mond sa m santi m lwen
M pa bezwen fè sanblan m santi m mwen
Ou fè m sanble on moun, ou fè m bèl
Sa k te enposib pou mwen, ou fè m fè l
M pat kwè nan bonè, ou fè m wè l
Lanmou pat ekziste pou mwen ou fè m kwè l
E lè w pa bò kote m cheri m santi m twoub
Ou se fòs mwen lè w la m santi m doub
M santi m byen, m santi m good
M santi m rasure cheri m santi m koud
Kè m te dechaj cheri ou fè l full
Pat gen pi gwo vagabond ke mwen ou fè cool
M panse w pat reyèl se nan foto w te ye
Pou valè tann m tann cheri kote w te ye
Kote w te ye lè m tap chache w
Kote lanmou t ale
L ale nan tout katye – hey hey
Li pa janm vizite m [2x]
M pap lage w on may – hey hey pa lage pa lage [4x]
M tap regrete pandan tout vi m si m pat brage w
Ou se dwòg mwen, m pa santi m byen si m pa kage w
M pa wè bonè m, m pa wè avni m si m pa gade w
Tè a mèt tranble, mèt gen tanpèt m pap lage w
Pou dat m ap chache w cheri kote w te ye
Pou valè tann m tann ou – kote w te ye
Pou valè desepsyon m pran – kote w te ye
Dat m vle konn sa k rele lanmou cheri kote w te ye
Haha Hey yo Richard – yeah yeah
Ah jan m ap gade a la m nan bon wout la wi – ah sanble sa wi
Ah ou poko gen zin sa nan men w lè w ap viv sa m ap viv la n a diskite – ah blòf
Cavé pa cave je vèt pa je vèt bon e nan men m li ye papa – na wè sa, na wè sa
Kotew Te Ye (feat. Richard Cavé)
Depuis que tu es dans ma vie, je me sens bien
Je me sens complet, je me sens plein
Je ne suis pas de ce monde, je me sens loin
Je n'ai pas besoin de faire semblant, je me sens moi
Tu me fais ressembler à quelqu'un, tu me rends beau
Ce qui était impossible pour moi, tu me fais le faire
Je ne croyais pas au bonheur, tu me fais le voir
L'amour n'existait pas pour moi, tu me fais y croire
Et quand tu n'es pas à mes côtés, chérie, je me sens troublé
Tu es ma force, quand tu es là, je me sens doublé
Je me sens bien, je me sens cool
Je me sens rassuré, chérie, je me sens à l'aise
Mon cœur était déchargé, chérie, tu le remplis
Il n'y avait pas de plus grand vagabond que moi, tu me rends calme
Je pensais que tu n'étais pas réel, c'était juste sur ta photo
Pour savoir où tu étais, chérie, où étais-tu
Où étais-tu quand je te cherchais
Où est allé l'amour
Il est parti dans tous les quartiers – hey hey
Il ne m'a jamais rendu visite [2x]
Je ne te lâcherai pas, pas de façon – hey hey, ne lâche pas, ne lâche pas [4x]
Je regretterais toute ma vie si je ne t'avais pas eu
Tu es ma drogue, je ne me sens pas bien si je ne t'ai pas
Je ne vois pas mon bonheur, je ne vois pas mon avenir si je ne te regarde pas
La terre peut trembler, il peut y avoir des tempêtes, je ne te lâcherai pas
Pour l'instant, je te cherche, chérie, où étais-tu
Pour savoir où tu es – où étais-tu
Pour savoir ma déception – où étais-tu
Je veux savoir ce qu'est l'amour, chérie, où étais-tu
Haha Hey yo Richard – ouais ouais
Ah comme je regarde, je suis sur le bon chemin, ouais – ça a l'air vrai
Ah tu n'as pas encore ce truc dans ta main quand tu vis ce que je vis, on va en discuter – ah blague
Cavé n'est pas une cave, les yeux verts ne sont pas des yeux verts, bon, et dans ma main, c'est là, papa – on va voir ça, on va voir ça