395px

100 Verdades

Baky

100 Verites

Se pa chak jou ou pa wè solèy pou'w panse'w pral wè lapli
Sekrè avèg, siw fèmen je'w, ou ka wè lap li
Chak fwa'w fèb, Lapriyè Se ka sèl apwi'w
Si se vre'w vle viv an pè, anndon'w sèkèy se ka sèl abri'w
Nan mond sa, se pa tout bb ki jwenn bèso man
Ou ka fè vi'w single siw ap chache the best Woman
Dim se vrè ou pa?
Kwè nan jistis men raple'w dèfwa tribinal pa kondane vrè koupab
Ou ka chite
Pouw pa tonbe yo kite'w bite'
Nou chak ka gon ide tan poun antann nou'n pito lite

Sonje, nan Oposizyon pa vle di'w nan lagè
Fè Lapè, akoz de nou twòp ti jeunes al anbatè
Nou wè, men nou pè fouye bouch nou nan zafè yo
Nou vote Leader yo Men nan mind nou nou pa fye yo
Nou just fèmen je'n poun vale tout sa yo rann
Nou pa jwenn sa nou mande so n' Reziyen'n ak sa yo bann
Epitou
Nèg yo rich nan Kriz nou
Yo kache mechanste anba veste ak kèk bèl Diskou
Yo plis sou pale anpil men youn pap Pote yon èd
Yap touche milyon chak mois men youn pap regle yon merde
M bouke pa jwenn pandan plen nèg kap plen men
Bouke wè'n kap gaspiye Pandanm wè gon pèp kap trennen

M bouke wè grangou Pandan ke gran nèg kap mennen
M bouke wè jè'n fi 16 ans ak granmoun 100 ans kap renmen
(M bouke)
Poum pa wè nou, Se 2 je'm poun pete
20ans d carrière ap travay poum fon kay prete poum prete
Nou fè'm twòp, Nap ofri'm bwè, nou pap la kon'm vomi
Ou wè isit, Neg ap tiye rev ou menm avanw domi
Lè twal vi a kout pou ou
Pa gon nèg kap koud pou ou
Saw boule kawoutchou pou li a l pap boulon mil goud pou ou
Wap mande'l klere'w men'w pap mande'l ki Pri limyèl
Dèfwa se lè'w gade'w nan glas ou wè'w t'anfas yon kriminèl!
Di yo, Sant fatra peyi'm monte mezi nen mwen
Men'n fè kòm si'n pa wè, So map oblije Reziyen mwen

Sou kòb tax map peye, Men'm paka jwenn sèvis
Pwouvon atis nou renmenl se lè nap
Plenl ak RIP
Nou gate
Yon Société raté
Koike'n te aprann mache nou te prefere bwate
M wèw te prefere gade tan pou'w aji
Ou te vle jete vodou pandanw tap fè plas pou maji
Frè'm M wè'w, e chak lè'm gade'w m ka we doulè'w
M ka wè bote'w, m ka wè po'w menm pap wè koulè'w
M pa wè black, m pa wè milat, m won sèl seri moun
M won sèl Nasyon, yon sèl pèp nan sèl Peyi nou
Men Peyi'm divize gen twòp konba ladanl
Politisyen isit gen twòp pouvwa ladank
Men lè'm wè jan nou chak ap trete youn lòt
E chak fwa'w panse se sèl pou ou Pa gen règ
Met nan tèt nou nap tonbe jou wè nou ta kanpe anfas yn pèp

100 Verdades

No es cada día que no ves el sol para pensar que verás la lluvia
Secreto ciego, si cierras los ojos, puedes ver la lluvia
Cada vez que estás débil, la oración es tu único apoyo
Si de verdad quieres vivir en paz, en tu tumba es tu único refugio
En este mundo, no todos los bebés encuentran un hogar
Puedes hacer tu vida sola si buscas a la mejor mujer
¿Dime, es verdad o no?
Cree en la justicia, pero recuerda que a veces el tribunal no condena al verdadero culpable
Puedes chocar
Para no caer, te dejan morder
Cada uno de nosotros tiene ideas sobre cómo preferimos luchar

Recuerda, en la oposición no significa que estés en guerra
Haz la paz, porque hay demasiados jóvenes en la batalla
Vemos, pero tenemos miedo de meter nuestras bocas en sus asuntos
Votamos por los líderes, pero en nuestra mente no confiamos en ellos
Solo cerramos los ojos para tragar todo lo que nos dan
No conseguimos lo que pedimos, así que resignamos con lo que nos dan
Además
Los ricos en la crisis
Ocultan maldad bajo trajes y algunos bonitos discursos
Hablan mucho, pero nadie trae ayuda
Ganan millones cada mes, pero nadie resuelve un problema
Estoy cansado de no encontrar mientras hay muchos llenos
Cansado de verte desperdiciar mientras hay un pueblo que arrastra

Estoy cansado de ver hambre mientras los grandes mandan
Cansado de ver a jóvenes de 16 años con ancianos de 100 años enamorándose
(Estoy cansado)
Para no verlos, son mis dos ojos que van a estallar
20 años de carrera trabajando para tener una casa prestada
Nos han hecho demasiado, nos ofrecen beber, no están aquí como para vomitar
Ves aquí, los hombres matan tus sueños antes de que duermas
Cuando la vida se acorta para ti
No hay hombre que te cose para ti
Lo que quema el caucho para él no le costará mil gourdes para ti
Vas a pedirle que te ilumine, pero no le preguntarás el precio de la luz
A veces es cuando te miras en el espejo que ves que enfrentas a un criminal!
Diles, el basurero de mi país sube hasta mi nariz
Pero hacemos como si no viéramos, así que tendré que resignarme

Con el dinero de los impuestos que pago, ni siquiera puedo obtener servicios
Proponemos a los artistas que amamos solo cuando estamos
Llenos de RIP
Hemos arruinado
Una sociedad fallida
Lo que aprendimos a caminar, preferimos arrastrarnos
Te vi, preferiste esperar el momento para actuar
Querías lanzar vudú mientras hacías espacio para la magia
Hermano, te veo, y cada vez que te miro puedo ver tu dolor
Puedo ver tu belleza, puedo ver tu piel, pero no veo tu color
No veo negro, no veo mulato, solo veo una serie de personas
Solo veo una nación, un solo pueblo en nuestro único país
Pero mi país está dividido, hay demasiadas peleas dentro
Los políticos aquí tienen demasiado poder
Pero cuando veo cómo cada uno de nosotros trata al otro
Y cada vez que piensas que es solo para ti, no hay reglas
Pongámonos en la cabeza que caeremos el día que nos plantemos frente a un pueblo.

Escrita por: