Mèsi
M ap di mèsi a tout fan Barikad Crew yo
(Tout) kote n pase, n toujou prè pou nou bat bravo
Gade kijan pèp la kwè nan koulè wouj la
Paske se avè l yo prezante yo se BC a
San nou Barikad pa t ap anyen
Se nou menm ki defansè n ki fè jodia n ka ap mennen
Respè pou tout moun ki sipòte m
Menm jan ak manman, madanm mwen k toujou la pou proteje m
A tout seigneur tout honneur nou di mèsi
Trak sa n batize l kòm yon kado ki pa gen pri
E ki vo plis ke lò ak dyaman
Yon melodram qu’il faut pou prouve love ak pasyon
Pouvwa nèg anlèa kte toujou gide n
Sa n pa wè yo, sentespri a k te toujou klere n (Ayibobo!)
Mwen Dejavu, papa m te di manman m jete m
Sèl regrè m gen nan vi m, jounen jodi manman m pa jwi
Nan kèm m enskri non tout fan mwen yo
Nèg k ap banm respè, medam k ap ban mwen bo: Muuuah!
Manman m di m lè yo ban m fòm remèsye
Bondye ban m talan e kounye a s on respè m ye
Kòkòt, lavi, chalè dife pa fò w pè
Believe avè w m ap genyen match la l te mèt pa fòfè
Konnen m pap ka site tout non ki bay love a Bricks
Men depi w fè sa, nan kè m m ap di w love and peace
Nou di mèsi
A tout moun ki te ede n yo
N ap di mèsi
Ak fanmi, tout zanmi ki te la pou gide n yo
Yon gran mèsi
Granmèt la e tout sa n pa wè yo
N ap di mèsi
Lord ou se premye moun ki merite mèsi
Paske pa konpasyon w nou benefisye lavi
Tout moun ki konn bann bourad nan yon sans oubyen n on lòt
Nou pa pè swe nan chemiz ou pou nou, nou pa pè ba w yon lòt
Paran, nan tèt nou ou merite anpil mèsi (Mèsi manman!)
Men nan kè nou anpil mèsi pa sifi
Paske w te gen sousi avni nou pou w defann
Kounyea m konprann poukisa w te machann
Lè yo gade w tankou tout sak pa bon
Soukonn fatra ki mare nan sache
Mizè w plis ke pa yon sak chabon (Men sak chabon!)
Moun ki louvri pou ou a s on zache
M pa wè ak ki nen, ki non, kilè? Di m non
Ke m disparèt pou bon, jou m ta di rekonesans se lachte
Ou ki manm mwen, fan mwen, fanm mwen, fame mwen
M ap di mèsi li kte toujou la pou defann mwen
Jodi a m ajenou pou mwen mande w padon
Koz ou t ap mouri dènye fwa mwen te pran prizon
Ou se manm enferyè m, siperyè m menm lè sa pa bon
Mèsi manman! Ou wè pou siksè m se ou ki te kò m gidon
Menm lè l fè nwa ou toujou la kò m balèn
Si w ta mouri san w pa janm konn sa, sa t ap fè m lapèn
Chleubeups, madanm mwen, manman m nou se bout souf mwen
Sa m pa di pa fè jalouzi nou tout la nan kè mwen
Nou di mèsi
A tout moun ki te ede n yo
N ap di mèsi
Ak fanmi, tout zanmi ki te la pou gide n yo
Yon gran mèsi
Granmèt la e tout sa n pa wè yo
N ap di mèsi
Menm si devan n mta ajenou mpa kwè gen vokab k egziste
Pou m kapab di kisa n ye
Nou se tout byen m
Si lavi ta efase n m deja
Nou ta dwe imotèl, m ta gon proteksyon etènèl
Konsa vi m pa t ap janm blèm
E n tap toujou nan kè m
M di mèsi paske n konsidere m tank on bebe
Si n pat egziste m pa konnen kisa m ta ye
Premyèman m ap remèsye Bondye paske m vivan
Pou kouraj li ban mwen, fè m espere yon bon demen
Lè m bite li toujou lonje men ban mwen pou mpa tonbe
E se pi gwo erè m tap fè, antanke yon star superbe
Pou mta fini flo sa poum pa di manmi, papi ti mo sa
Mèsi! Mèsi! Mèsi!
E m pap sispann di nou mèsi
Pou lanmou, afeksyon, edikasyon ke nou te ban mwen
Mizik sa se pou tout DJ, tele ak tout radyo
Se yon fason pou n di mèsi pou sipò yo
Fanmi, zanmi ki te ede n yon kout chapo pou yo
Kondagana ede m chante paske refren sa se pou yo
Nou di mèsi
A tout moun ki te ede n yo
N ap di mèsi
Ak fanmi, tout zanmi ki te la pou gide n yo
Yon gran mèsi
Granmèt la e tout sa n pa wè yo
N ap di mèsi
Merci
Je veux dire merci à tous les fans de Barikad Crew
(Où que) nous soyons, on est toujours prêts à applaudir
Regarde comme le peuple croit en la couleur rouge
Parce que c'est avec elle qu'ils se présentent, c'est BC
Sans nous, Barikad ne serait rien
C'est nous qui sommes les défenseurs, qui faisons qu'aujourd'hui on peut avancer
Respect à tous ceux qui me soutiennent
Tout comme ma mère, ma femme qui est toujours là pour me protéger
À tout seigneur tout honneur, on dit merci
Ce morceau, on l'a baptisé comme un cadeau inestimable
Qui vaut plus que de l'or et des diamants
Une mélodie qu'il faut pour prouver l'amour et la passion
Le pouvoir des gars là-haut doit toujours nous guider
Ce qu'on ne voit pas, l'esprit saint qui nous éclaire toujours (Ayibobo!)
Moi, Déjà-vu, mon père a dit à ma mère de me jeter
Le seul regret que j'ai dans ma vie, c'est qu'aujourd'hui ma mère ne profite pas
Dans mon cœur, j'inscris le nom de tous mes fans
Les gars qui me respectent, les dames qui m'embrassent : Muuuah!
Ma mère me dit que quand on me donne, il faut savoir remercier
Dieu m'a donné du talent et maintenant c'est un respect que j'ai
Courage, la vie, la chaleur du feu, ne crains pas
Crois que je vais gagner le match même si ça ne doit pas être facile
Je sais que je ne peux pas citer tous les noms qui donnent de l'amour à Bricks
Mais dès que tu fais ça, dans mon cœur je te dis amour et paix
On dit merci
À tous ceux qui nous ont aidés
On dit merci
À la famille, tous les amis qui étaient là pour nous guider
Un grand merci
Au Maître et à tout ce qu'on ne voit pas
On dit merci
Seigneur, tu es le premier qui mérite un merci
Parce que par ta compassion, nous bénéficions de la vie
Tous ceux qui savent donner un coup de main d'une manière ou d'une autre
On n'a pas peur de transpirer dans ta chemise, on n'a pas peur de te donner un autre
Parents, dans notre tête, tu mérites beaucoup de merci (Merci maman!)
Mais dans notre cœur, beaucoup de merci ne suffit pas
Parce que tu t'es soucié de notre avenir pour nous défendre
Maintenant je comprends pourquoi tu étais un marchand
Quand ils te regardent comme tout ce qui n'est pas bon
Soukonn, les déchets qui sont dans le sac
Ta misère est plus qu'un sac de charbon (Mais un sac de charbon!)
Les gens qui s'ouvrent pour toi, c'est un trésor
Je ne vois pas avec quel nez, quel nom, quand ? Dis-moi non
Que je disparaisse pour de bon, le jour où je dirai reconnaissance c'est l'achat
Toi qui es ma membre, ma famille, ma femme, ma renommée
Je veux dire merci, elle est toujours là pour me défendre
Aujourd'hui je m'agenouille pour te demander pardon
Parce que tu allais mourir la dernière fois que j'ai été en prison
Tu es ma membre inférieure, ma supérieure même quand ça ne va pas
Merci maman ! Tu vois pour mon succès, c'est toi qui étais mon guide
Même quand il fait noir, tu es toujours là, mon phare
Si tu devais mourir sans jamais savoir ça, ça me ferait de la peine
Chleubeups, ma femme, ma mère, vous êtes mon souffle
Ce que je ne dis pas ne doit pas vous rendre jalouses, vous êtes toutes dans mon cœur
On dit merci
À tous ceux qui nous ont aidés
On dit merci
À la famille, tous les amis qui étaient là pour nous guider
Un grand merci
Au Maître et à tout ce qu'on ne voit pas
On dit merci
Même si devant vous je m'agenouille, je ne crois pas qu'il existe un vocabulaire
Pour que je puisse dire ce que nous sommes
Nous sommes tous des biens
Si la vie nous effaçait déjà
Nous devrions être immortels, j'aurais une protection éternelle
Ainsi ma vie ne serait jamais ternie
Et elle serait toujours dans mon cœur
Je dis merci parce que vous me considérez comme un bébé
Si vous n'existiez pas, je ne sais pas ce que je serais
D'abord je veux remercier Dieu parce que je suis vivant
Pour le courage qu'il m'a donné, me faire espérer un bon demain
Quand je tombe, il tend toujours la main pour que je ne tombe pas
Et c'est la plus grande erreur que je ferais, en tant que star superbe
Pour que je termine ce flow sans dire maman, papi, ces petits mots
Merci ! Merci ! Merci !
Et je ne vais pas cesser de vous dire merci
Pour l'amour, l'affection, l'éducation que vous m'avez donnée
Cette musique est pour tous les DJ, la télé et toutes les radios
C'est une façon de dire merci pour leur soutien
Famille, amis qui ont aidé, un coup de chapeau pour eux
Kondagana m'aide à chanter parce que ce refrain est pour eux
On dit merci
À tous ceux qui nous ont aidés
On dit merci
À la famille, tous les amis qui étaient là pour nous guider
Un grand merci
Au Maître et à tout ce qu'on ne voit pas
On dit merci