Mizik Sove Vi m (feat. Tafa Mi-Soleil)
M grandi an plen street, plen vis
Mwen se pa kòd penal la men se Castro k ban m prensip
M te on senp sib
Pou konn desten on jèn li fasil, jis gad sak sou wout li k pi aksesib
Glòk, dwòg, vòl geto a konn tout
Bref ou a konn plis nan Kwonik on GetoYout
Mwen m grandi san modèl
Lè m resi konnen pi gran frè m, li nan prizon
Lòt la menm fè vi l tounen on bòdèl
Enpresyon desten m tou trase, m pèdi inosans mwen la, m vin konprann pou yo pa chase w, ou dwe chase
Manman m ban m on plim, di m ekri avan m derape
An reyalite se pou m te ka siviv ke m rape
Kouman pou m diw lè chat dòmi nan recho se ak li m nouri m
Ou konn konbyen swa m fè lide pou m mouri
Men mande Filip kijan Auto-Psy geri m
Respekte sa man, mizik sove vi m
M p ap koube, m p ap pliye
E si lavi a vay ke vay m k ap chante
Nan chak nòt yo m twouve
Chimen nanm mwen
Sa k fè malgre m vle bay legen
M gen rezon m pou m kenbe
Mizik sove vi m
Viv an gè, chak moun chwazi fizi yo
Mouri an pè RIP BonFlo, Izi, Jimmy-O
Piti m te vle kou pi gran yo (move lide)
Men m grandi la kounya, tou pa m pou m on modèl pou piti yo
Sa m dwe kite kòm eritaj
Kou Kendy m se on reskape kidonk m ap rakonte n listwa pou n ekri pa n
Se toujou youn pou gide tifrè yo
Sak pèdi ray la, se toujou pou defann sa ki fèb yo
Pou tisè yo
Kouraj yo egal ak bote yo
On rekonfò pou depresif yo, on refij pou sak dwoge yo
Toujou pou reprezante geto a
Fas on bann politisyen ki konn ekzistans sèl nan peryòd elektoral
M pa vin bay leson, mpa vin fè tèt mwen pase pou pwof
Toujou nan diyite e si sa mache make money kou Puff
M p ap ekri pou detwi
Paske m ret kwè ke mizik sa ka sove vi
M p ap koube, m p ap pliye
E si lavi a vay ke vay m k ap chante
Nan chak nòt yo m twouve
Chimen nanm mwen
Sa k fè malgre m vle bay legen
M gen rezon m pou m kenbe
Mizik sove vi m
M rap pou enspire tifrè yo, pa pou glwa
E lè m pran plim mwen avan m krache, m panse ak Abouda
M dwe trase on chimen
Mikwo m nan zam, swa m defann frèm ak li swa m asasinen l
M fè chwa m defann Castro jiskobou
E pe enpòt si sa koute m vi m
Rele sa Kwonik on GetoYout
Pou m Evade m, m pa t bezwen ni dwòg ni Tafya
Sèlman kèk nòt Filip a la prod epi vwa Tafa
M p ap koube, m p ap pliye
E si lavi a vay ke vay m k ap chante
Nan chak nòt yo m twouve
Chimen nanm mwen
Sa k fè malgre m vle bay legen
M gen rezon m pou m kenbe
Mizik sove vi m
La musique sauve ma vie (feat. Tafa Mi-Soleil)
J'ai grandi dans la rue, pleine de vie
Je ne suis pas un criminel, mais c'est Castro qui m'a donné des principes
J'étais une simple cible
Pour connaître le destin d'un jeune, c'est facile, regarde juste ce qui est sur son chemin le plus accessible
Glock, drogue, vol, le ghetto connaît tout
Bref, tu en sais plus dans les Chroniques d'un GhettoYouth
J'ai grandi sans modèle
Quand j'ai réussi à connaître mon grand frère, il est en prison
L'autre a même fait de sa vie un bordel
L'impression de mon destin est tracée, j'ai perdu mon innocence là, j'ai compris que pour ne pas être chassé, tu dois chasser
Ma mère m'a donné un stylo, m'a dit d'écrire avant de partir
En réalité, c'était pour que je puisse survivre que j'ai rapé
Comment te dire quand le chat dort dans le four, c'est avec lui que je me nourris
Tu sais combien de nuits j'ai pensé à mourir
Mais demande à Filip comment Auto-Psy m'a guéri
Respecte ça, mec, la musique sauve ma vie
Je ne plierai pas, je ne me courberai pas
Et si la vie est un combat, je chante
Dans chaque note, je trouve
Le chemin de mon âme
C'est pourquoi malgré que je veuille donner des leçons
J'ai mes raisons de tenir
La musique sauve ma vie
Vivre en guerre, chacun choisit ses armes
Mourir en paix RIP BonFlo, Izi, Jimmy-O
Petit, je voulais être comme les grands (mauvaise idée)
Mais maintenant j'ai grandi, tout ça pour être un modèle pour les petits
Ce que je dois laisser comme héritage
Comme Kendy, je suis un rescapé donc je vais raconter notre histoire pour qu'on l'écrive nous-mêmes
C'est toujours un pour guider les jeunes
Ceux qui perdent le fil, c'est toujours pour défendre les faibles
Pour les petits
Leur courage est égal à leur beauté
Un réconfort pour les dépressifs, un refuge pour ceux qui se droguent
Toujours pour représenter le ghetto
Face à une bande de politiciens qui ne connaissent l'existence que pendant les élections
Je ne viens pas donner de leçons, je ne viens pas faire le prof
Toujours avec dignité et si ça marche, faire de l'argent comme Puff
Je n'écrirai pas pour détruire
Parce que je crois encore que cette musique peut sauver des vies
Je ne plierai pas, je ne me courberai pas
Et si la vie est un combat, je chante
Dans chaque note, je trouve
Le chemin de mon âme
C'est pourquoi malgré que je veuille donner des leçons
J'ai mes raisons de tenir
La musique sauve ma vie
Je rappe pour inspirer les jeunes, pas pour la gloire
Et quand je prends mon stylo avant de cracher, je pense à Abouda
Je dois tracer un chemin
Mon micro est une arme, soit je défends mes frères avec, soit je l'assassine
J'ai fait mon choix de défendre Castro jusqu'au bout
Et peu importe si ça me coûte la vie
Appelle ça les Chroniques d'un GhettoYouth
Pour m'évader, je n'avais besoin ni de drogue ni de Tafya
Juste quelques notes de Filip à la prod et la voix de Tafa
Je ne plierai pas, je ne me courberai pas
Et si la vie est un combat, je chante
Dans chaque note, je trouve
Le chemin de mon âme
C'est pourquoi malgré que je veuille donner des leçons
J'ai mes raisons de tenir
La musique sauve ma vie