Pousyè
Eseye ajanse kèk rim pandan Filip ap plase nòt
M rann kont lè lanmou ap antre l pa frape pòt
Mwen jwenn on zanj sou wout malè m
On ti melodi pou bèse m
Nan mitan nuit la se vwa l ki te pote m ale
San pèdi tan m lage kò m nan vid lan
M damou danje
M te di n m ap renmen ankò, m ap souri ak dlo nan je
Sa difisil pou mache lè se sèl lanmou nou genyen
Nou brize, donk nou vle resevwa san n pa vle bay anyen
Mwen m panse m te pare
Men ou konn moun, nou toujou vle plis e se pa on lòt kè brize pou m mande repare m
Nou klè, nou konnen byen lavi pral ba nou frap
Men sa pa gade n, nou damou e n prè pou n boule etap
Donk n ap panse ak fwaye
Antre nan kay ansanm san menm panse a ki jan n pral fè pou jere lwaye
Gen pati nan vi n, nou pa janm pale
Men n di pa enkyete n, kèlkeswa jan sa ye nou youn p ap janm ale
Nou pa fè pwomès se pi bon fason pou kenbe l
E si ou renmen on zwazo, se kite l vole se pa nan kaj pou kenbe l
On maten l rele m di nou dwe pale men pito nou wè
M koumanse strese m di sa se sin move nouvèl
M ap fè plizyè ide, petèt nou manke afeksyon
M pèdi tout manm mwen lè l di m li bay san e se pa t enfeksyon
Se pa sèlman on bb n pèdi men tou on ale senp pou syèl
Se lè sa m rann kont tout rès la se pousyè
Anpil nuit pase e jodi m deside ekri on lèt
Pa pou ni fanm ni on piblik men pou on bebe k pap janm fèt
Pou di l li t ap pi bèl kado m
M tap onore papa m
M t ap veye kote m ap pye m paske m konnen l pral suiv mak pa m
M tap montre l kote warrior m
Di l manman l se on rèn e pou resevwa l nou te oblije al bati wayòm
Di l vi a pa si bèl
Pa atann anyen de moun pou yo pa desevwa dayè menm anndan Castro gen zanmi k pa fidèl
Di l ret li menm, l pa blije fake pou fè yo aksepte l
Sa pa gade l si yo renmen l ou pa, enpòtan, yo dwe respekte l
Di l pa janm kite yo pran libète l
Vi a se on kesyon d chwa
E menm si sa ap koute l vi l kenbe entegrite l
Valè yo ret menm fi ou gason
M t ap di l pa sispann reve, vi a pa gen sans san pasyon
Di l lanmou se richès nou
Mwen ak manman l se 2 moun ki brize kidonk li t ap remèd pou tristès nou
M t ap ba l lavi, li t ap remèt mwen bonè m
Li pa t ap manke anyen menm si yo pa achte daypè ak powèm
Syèl la te bezwen on zanj, rezon m bay tèt mwen
M te vle kite son sa avan m fin fè malèt mwen
M pa plenyen sa menm ak Lapik
M ap soufri an silans
E pou yo pa wè dlo je m, m kriye anba lapli
PS: Ret fidèl ak prensip mwen yo
Pran swen fanmi an, apre sa tout rès la se pousyè
Polvo
Mira, avanza algunos versos mientras Filip coloca notas
Me doy cuenta que cuando el amor entra, no toca la puerta
Encuentro un ángel en mi camino de desgracia
Una pequeña melodía para calmarme
En medio de la noche, su voz me llevó lejos
Sin perder tiempo, me dejo caer en el vacío
Mi amor es peligroso
Te dije que volvería a amar, que sonreiría con lágrimas en los ojos
Es difícil caminar cuando es el único amor que tenemos
Estamos rotos, así que queremos recibir sin querer dar nada
Yo pensé que estaba listo
Pero ya sabes cómo somos, siempre queremos más y no es otro corazón roto el que me va a reparar
Estamos claros, sabemos que la vida nos va a golpear
Pero eso no nos detiene, estamos enamorados y listos para arder en el camino
Así que pensamos en el hogar
Entrar a la casa juntos sin pensar en cómo vamos a pagar el alquiler
Hay partes de nuestra vida que nunca hablamos
Pero decimos que no se preocupen, pase lo que pase, nunca nos iremos
No hacemos promesas, es la mejor manera de mantenerlo
Y si amas a un pájaro, déjalo volar, no lo mantengas en una jaula
Una mañana me llama y dice que debemos hablar, pero preferimos vernos
Empiezo a estresarme, digo que eso son malas noticias
Hago varias suposiciones, tal vez nos falta afecto
Pierdo todo cuando me dice que da sangre y no es una infección
No solo perdimos un bebé, sino también un simple camino al cielo
Es entonces cuando me doy cuenta que todo lo demás es polvo
Pasaron muchas noches y hoy decidí escribir una carta
No para una mujer ni para un público, sino para un bebé que nunca nacerá
Para decirle que sería el mejor regalo que podría dar
Honraría a mi padre
Estaría atento a dónde pongo mis pies porque sé que seguirá mis huellas
Le mostraría dónde está mi guerrero
Decirle que su madre es una reina y para recibirla tuvimos que construir un reino
Decirle que la vida no es tan hermosa
No esperes nada de la gente para no decepcionarte, incluso dentro de Castro hay amigos que no son leales
Decirle que se quede como es, no tiene que fingir para que lo acepten
No importa si lo quieren o no, lo importante es que lo respeten
Decirle que nunca deje que le quiten su libertad
La vida es una cuestión de elección
Y aunque eso le cueste la vida, mantendrá su integridad
Los valores permanecen, ya sea hombre o mujer
Le diría que no deje de soñar, la vida no tiene sentido sin pasión
Decirle que el amor es nuestra riqueza
Yo y su madre somos dos personas rotas, así que sería un remedio para nuestra tristeza
Le daría vida, él me devolvería mi felicidad
No le faltaría nada, aunque no compren pañales ni poemas
El cielo necesitaba un ángel, razón que me doy a mí mismo
Quería dejar ese sonido antes de terminar de hacer mi maleta
No me quejo de eso, ni siquiera con la piedad
Sufro en silencio
Y para que no vean mis lágrimas, lloro bajo la lluvia
PD: Mantente fiel a mis principios
Cuida de la familia, después de eso, todo lo demás es polvo