Viv An Gè
Ou pa blije renmen m, men ou dwe respekte m
Pandan lòt pa t aksepte batay, mwen m t ap batay pou y aksepte m
Rap louvri je m
Jan zòt te di a, depi lè m fèt lavi a sanksyone m
Manman m se on ti machann, papa m te on ouvriye
Premye sa m aprann se goumen
Dezyèm sa m aprann se goumen
M soti kote on nèg ap bat on lòt pou degouden
M se bèf mizè pa t rive fè manje lanman
Ki kanpe, pou sa chanje, se pa jou san manje k pral etenn flanm nan
Ou dwe batay ak tout sa ou gen kòm zam
Mwen m gen on mikwo on kalash nan mitan non l site Castro sòlda
Lavi n pa woz, fuck PHTK
Brandi banyè n, lòt bò baryè gen vi, ann al rache sa
M pa t tann papa m te mouri konsa nan men m pou l te konprann
A a se pa sa k merite k jwenn men se sa k konn pran
Reklame dwa m pou m viv tankou moun
Kenpòt si m kontre lanmò m
M pral jwenn li an souriyan tankou Malcolm
M ekri sa geto a sibi, malgre mwen m se pòt vwa l
E si m rim yo pa sifi nòmal pou koute bal
Swa nou tout viv kou moun, swa nou tout peri ansanm
Si wòch nan solèy pa konn dousè wòch nan dlo, wòch nan dlo dwe konn doulè wòch nan solèy
Etènel konba nan vwa pi gran an, lè n travèse n a jere somèy
M pa pretann m ka mennen revolisyon, m pa Che
Men raple ou m ap mache pou peyi l, m pa nan kite peyi m mache
Diskou m pa chanje, kenpòt si m vin gen pi gran odyans
Pèp pa makèt, vyolans reponn vyolans
Divizyon an se pa nou k fè l, pandan ou ap dòmi an pè
Manman m ap kouri anba bal, frè m ap tonbe nan gè
Se galil k ap ba n ochan
Timoun 16 an gadavou, kadav nou sèvi kavya pou kochon
Pandan y ap vyole, masakre
Ti sè n yo, g on ekip ti vouzan k ap depanse milyon n yo nan bwè kafe
Il faut se rendre à l'évidence
Vrè gè a se pa Tokyo vs lasalin
Men se palman vs la prezidans
Kiyès gè a aranje
Kòman ou vle viv anpè si ou ap jete manje pandan on lòt se tè l ap manje
Panse ak nou sèl lè yo gen kanpay pou fèt
Nou n vle jistis kou Sankara
N vle dlo pou tout moun nan plas chanpay pou kèk
Tout frè ke mizè ini, m ap dil nou pi fò ansanm
Listwa n dwe reekril e kenpòt si lank lan sot nan san n
Pran lari lè se on devwa, dayè l se tribinal nou
Non sèlman yo vyole dwa n, men nan tèt nou yo simen bal tou
Se chan fistre yo, revòlte yo sa k refize soumèt yo
Kri majinal yo, ekzile yo, sa k ap viv kou bèt yo
Tchovi nan geto k ap tonbe kou mouch
Flè Dizè, Johnny, Bal Mawon, sa k gen pou di k pa gen bouch
E si yo mande n pouki se dife n mete
E paske vyolans se sèl sa k rete n
Vivi en Guerra
No puedes dejar de quererme, pero debes respetarme
Mientras otros no aceptaban la lucha, yo luchaba para que me aceptaran
El rap me abrió los ojos
Como ustedes dijeron, desde que nací la vida me sancionó
Mi mamá es una vendedora, mi papá era un obrero
Lo primero que aprendí fue a pelear
Lo segundo que aprendí fue a pelear
Vengo de donde un tipo le pega a otro para desquitarse
Soy un buey, la miseria no pudo darme de comer
Que se detenga, para que eso cambie, no son los días sin comida los que apagarán la llama
Debes luchar con todo lo que tengas como arma
Yo tengo un micrófono, un kalashnikov en medio de su nombre, Castro soldado
Nuestra vida no es rosa, que se joda el PHTK
Levanta nuestras banderas, al otro lado de la barrera hay vida, vamos a arrancar eso
No esperaba que mi papá muriera así en mis manos para que entendiera
A veces no es lo que merece, pero es lo que suele pasar
Reclamo mi derecho a vivir como un ser humano
Cualquiera que se cruce con mi muerte
La encontraré sonriendo como Malcolm
Escribo lo que el gueto sufre, aunque yo sea su voz
Y si mis rimas no son suficientes para escuchar balas
O vivimos todos como humanos, o todos perecemos juntos
Si la piedra en el sol no conoce la dulzura de la piedra en el agua, la piedra en el agua debe conocer el dolor de la piedra en el sol
Eterna lucha en la voz del mayor, cuando crucemos, manejaremos el sueño
No pretendo que puedo llevar la revolución, no soy Che
Pero recuerda que camino por su país, no estoy dejando que mi país camine
Mi discurso no cambia, aunque tenga una audiencia más grande
El pueblo no es un mercado, la violencia responde a la violencia
La división no la hicimos nosotros, mientras tú duermes en paz
Mi mamá corre bajo las balas, mi hermano cae en la guerra
Es Galil quien nos da la oportunidad
Niños de 16 años, miren, nuestros cadáveres sirven de comida para los cerdos
Mientras son violados, masacrados
Nuestras hermanitas, hay un equipo de pequeños que gastan millones en beber café
Hay que rendirse a la evidencia
La verdadera guerra no es Tokio vs. La Saline
Sino el parlamento vs. la presidencia
¿Quién arregla la guerra?
¿Cómo quieres vivir en paz si tiras comida mientras otro come tierra?
Piensa en nosotros solos cuando tienen campaña para fiestas
No queremos justicia como Sankara
Queremos agua para todos en lugar de champán para unos pocos
Todos los hermanos que la miseria une, les diré que somos más fuertes juntos
Nuestra historia debe reescribirse y cualquiera que la tinta salga de nuestra sangre
Tomar la calle cuando es un deber, además es nuestro tribunal
No solo violan nuestros derechos, sino que en nuestra cabeza siembran balas también
Son los cantos de los frustrados, los rebeldes que se niegan a someterse
Los gritos marginales, los exiliados, los que viven como bestias
Tchovi en el gueto cayendo como moscas
Flores de Diez, Johnny, Bal Mawon, lo que hay que decir no tiene boca
Y si nos preguntan por qué es fuego lo que encendemos
Es porque la violencia es lo único que nos queda.