Zetwal Yo Konn Etenn (feat. Tafa Mi-Soleil)
Nou te gen lavi a devan n, te pote espwa
Anyen pa t ka bare n, pakou n sinonim eksplwa
Men domaj domaj anpil rèv mouri nan tiwa
Avan Stan, anndan Patwouy fò m di w m te konn Tira
Li etenn, dlo je m koule pandan m ap ekri sa
Rim mwen yo pa sifi pou dekri trajedi sa
Yo ale san yo pa menm briye
Ki moun anndan Castro ki pa t reve wè Josué Tizè nan NBA
Getoyout pa pran chans li
Konbyen talan k gache
Djelems, Ti Ben, Nickson, Sansi
Fò m diw anndan geto a, nou gen galaktik nou
Avan m te touche mic la, mwen te fanatik tou
An vrè m pa ka eksplike sa k te sèvi baryè
M vin konprann ou ka gen talan men ou pa rive fè karyè
Pati etensèl, menm syèl yo pa rive atenn
Si chak jou on zetwal fèt konnen chak nuit on zetwal etenn
Nou te mete espwa nan talan yo men yo koule
Avan menm yo kanpe, move tan toupizi yo
Lè solèy la leve, nou wè rèv yo k ape file
Avan nuit lan tonbe, barikad yo jennen yo
Zetwal yo konn etenn
San Mele kòman pou m di ou pati twò bonè
Game nan tap manje w tou li pa gen kòd donè
15 zan, m pa kwaze talan tankou ou, bèt nan freestyle
Move kote nan move moman, mwens ke 6 bal
Talan nou yo nou dekouvri yo nan ti sourit
Nou pa gen The Voice, nabisan kote Ti Woudi
M regrèt talan l pa vin fè m kwè la se paradi
M pa konn koz la, sa k di dwòg lòt di se maladi
M ap panse ak tifi sa, m evite site non l
Men se mòd timoun nan lekòl yo te di se bonm
Anplis de doktè l te reve vin on top modèl
15 an apre l ap jwe vi l ant twotwa ak chanm otèl
Anpil talan mouri anonim
M ekri sa pou di yo pa t fè on pasaj a vid menm si ou pa refè lavi ak on plim
Pati etensèl menm syèl yo pa rive atenn
Si chak jou on zetwal fèt konnen chak nuit on zetwal etenn
Nou te mete espwa nan talan yo men yo koule
Avan menm yo kanpe, move tan toupizi yo
Lè solèy la leve, nou wè rèv yo k ape file
Avan nuit lan tonbe, barikad yo jennen yo
Zetwal yo konn etenn
Genyen ki vini ki jwenn on ale senp pou syèl
Ki refize briye ki konn rès la se pousyè
Genyen ki refize glwa paske sa pa sanble l
Siksè divize, pandan tout lide l se te rasanble
Li vini li wè li pran plezi l, li fè sa l kapab
L ap ret on souvni panse ak li lè w gad syèl la chak swa
Pati etensèl men syèl li refize atenn
Si chak jou on zetwal fèt konnen chak nuit on zetwal etenn
Nou te mete espwa nan talan yo men yo koule
Avan menm yo kanpe, move tan toupizi yo
Lè solèy la leve, nou wè rèv yo k ape file
Avan nuit lan tonbe, barikad yo jennen yo
Zetwal yo konn etenn
Estrella Yo Conozco (feat. Tafa Mi-Soleil)
Tuvimos la vida adelante, traía esperanza
Nada podía detenernos, no hay sinónimo de explotar
Pero qué pena, muchos sueños mueren en el cajón
Antes de Stan, dentro de Patrouy, debo decirte que conocía a Tira
Se apaga, las lágrimas caen mientras escribo esto
Mis rimas no son suficientes para describir esta tragedia
Se van sin ni siquiera brillar
¿Quién dentro de Castro no soñó ver a Josué Tizé en la NBA?
Getoyout no se arriesga
¿Cuántos talentos desperdiciados?
Djelems, Ti Ben, Nickson, Sansi
Debo decirte que dentro del gueto, tenemos nuestra galaxia
Antes de que tocara el micrófono, también era fanático
En verdad, no puedo explicar qué sirvió de barrera
Vine a entender que puedes tener talento pero no logras hacer carrera
Parte de chispa, ni siquiera los cielos logran alcanzar
Si cada día una estrella nace, cada noche una estrella se apaga
Pusimos esperanza en los talentos pero se hunden
Antes de que puedan levantarse, el mal tiempo los arrastra
Cuando sale el sol, vemos sus sueños desvanecerse
Antes de que caiga la noche, las barricadas los incomodan
Las estrellas suelen apagarse
Sin Mele, ¿cómo decirte que te fuiste demasiado pronto?
El juego te estaba consumiendo, no hay código de donación
A los 15 años, no me cruzo con talentos como tú, bestia en freestyle
Malos lugares en malos momentos, menos de 6 balas
Nuestros talentos los descubrimos en el pequeño ratón
No tenemos The Voice, no sabemos dónde está Ti Woudi
Lamento que su talento no me hizo creer que aquí es el paraíso
No sé de qué se trata, lo que dicen de las drogas otros dicen que es enfermedad
Pienso en esa chica, evito mencionar su nombre
Pero es la moda, los niños en la escuela dicen que es bomba
Además de doctora, soñaba con ser una top modelo
15 años después, juega su vida entre aceras y habitaciones de hotel
Muchos talentos mueren en el anonimato
Escribo esto para decir que no hicieron un pasaje vacío, aunque no vuelvas a vivir con una pluma
Parte de chispa, ni siquiera los cielos logran alcanzar
Si cada día una estrella nace, cada noche una estrella se apaga
Pusimos esperanza en los talentos pero se hunden
Antes de que puedan levantarse, el mal tiempo los arrastra
Cuando sale el sol, vemos sus sueños desvanecerse
Antes de que caiga la noche, las barricadas los incomodan
Las estrellas suelen apagarse
Algunos vienen y encuentran un camino simple hacia el cielo
Que se niegan a brillar, que el resto es solo polvo
Algunos rechazan la gloria porque no se parece a ellos
El éxito se divide, mientras todas sus ideas eran reunir
Viene, ve, se divierte, hace lo que puede
Se queda como un recuerdo, piensa en él cuando miras al cielo cada noche
Parte de chispa, pero su cielo se niega a alcanzar