Sof Lanmou M K ap Rete (SLKR)
Durkheim
Maten an mwen leve m santi m about
Ak tout sa yo ak tout santiman k kout
Pou jan mwen santi ti kè mwen menase
Mwen wè jan n bèl pa janm dire
Love etènèl e manti l ye
À vrai dire mwen santi mwen vle dekouraje
Men jodi an m raple m son limyè
Lè map gade jan m bèl devon miwa
E tout sa yo fè mwen renmen m pi fò vre
Sòf lanmou m k'ap rete
Sòf lanmou m k'ap rete, aaa
Sòf lanmou m k'ap rete
Sòf lanmou m k'ap rete, aaa
Souvan dlo koule nan je mwen
Pou jan m bay e jan m goumen
Lè m byen gade se mwen k tap fòse
Wi souvan m te toujou ap bougonnen
Mwen te mal e m tap di m byen
Lè m byen gade se mwen k te sousye
Wi m konn renmen
Paske m renmen tèt mwen avan pou m renmen w
Se pou tèt sa m toujou ap bay san konnen
Si lanmou wi si l ap tounen, si l ap tounen
Wi m konn renmen
Paske m renmen tèt mwen avan pou m renmen w
Se pou tèt sa m toujou ap bay san konnen
Si lanmou wi si l ap tounen, si l ap tounen
Mwen te sispann pè pèdi w
E konprann ke mwen son grande perte tou
Konn valè m ase ap fè m wè m vo plis
E pa konfonn sak pa bon ak gou, ouuu
Non, mwen pa koupab
Menmsi m ap soufri, mwen pa dwe janm di e kwè
Ke mwen p ap kapab rive lwen san li
Se vre m ap pè pou m pa reviv tout sa k te ka fè mwen
Santi mwen tris ak met dlo nan je m trop près
E si tout sa yo ka rann mwen pi fò
Ooooo, ooooo...
Wi mwen kwè nan mwen (wi mwen kwè!)
M p ap sispann renmen (wi mwen kwè!)
M ap renmen m pi plis chak jou
Lè l pi fè nwa se lè sa l pral jou
Wi mwen kwè nan mwen (wi mwen kwè!)
M p ap sispann renmen (wi mwen kwè!)
M ap renmen m pi plis chak jou
Lè l pi fè nwa se lè sa l pral jou
Men jodi an m raple m son limyè
Lè m ap gade jan m bèl devon miwa
E tout sa yo fè mwen renmen m pi fò vre
Sòf lanmou m k'ap rete (sòf lanmou)
Sòf lanmou m k'ap rete (sòf lanmou), aaa
Sòf lanmou m k'ap rete (sòf lanmou)
Sòf lanmou m k'ap rete (sòf lanmou), aaa
L'amour qui reste
Durkheim
Ce matin je me lève, je me sens perdu
Avec tout ça, avec tous ces sentiments à l'improviste
Pour la façon dont je sens mon petit cœur menacé
Je vois que notre beauté ne dure jamais
L'amour éternel et ses mensonges
À vrai dire, je me sens découragé
Mais aujourd'hui je me rappelle que je suis une lumière
Quand je regarde comme je brille devant le miroir
Et tout ça me fait m'aimer encore plus, c'est vrai
L'amour qui reste
L'amour qui reste, aaa
L'amour qui reste
L'amour qui reste, aaa
Souvent les larmes coulent de mes yeux
Pour la façon dont je donne et la façon dont je me bats
Quand je regarde bien, c'est moi qui me forçais
Oui, souvent je râlais tout le temps
J'étais mal et je disais que j'allais bien
Quand je regarde bien, c'est moi qui m'inquiétais
Oui, je sais aimer
Parce que je m'aime d'abord avant de t'aimer
C'est pour ça que je donne sans le savoir
Si l'amour revient, s'il revient
Oui, je sais aimer
Parce que je m'aime d'abord avant de t'aimer
C'est pour ça que je donne sans le savoir
Si l'amour revient, s'il revient
J'ai cessé d'avoir peur de te perdre
Et de comprendre que je suis aussi une grande perte
Connaître ma valeur me fait voir que je vaux plus
Et ne pas confondre ce qui n'est pas bon avec le goût, ouuu
Non, je ne suis pas coupable
Même si je souffre, je ne dois jamais dire et croire
Que je ne pourrai pas aller loin sans toi
C'est vrai, j'ai peur de ne pas revivre tout ce qui aurait pu me
Faire sentir triste et mettre des larmes trop près
Et si tout ça peut me rendre plus fort
Ooooo, ooooo...
Oui, je crois en moi (oui, je crois !)
Je ne vais pas cesser d'aimer (oui, je crois !)
Je vais m'aimer de plus en plus chaque jour
Quand il fait le plus sombre, c'est là que ça va devenir jour
Oui, je crois en moi (oui, je crois !)
Je ne vais pas cesser d'aimer (oui, je crois !)
Je vais m'aimer de plus en plus chaque jour
Quand il fait le plus sombre, c'est là que ça va devenir jour
Mais aujourd'hui je me rappelle que je suis une lumière
Quand je regarde comme je brille devant le miroir
Et tout ça me fait m'aimer encore plus, c'est vrai
L'amour qui reste (l'amour qui reste)
L'amour qui reste (l'amour qui reste), aaa
L'amour qui reste (l'amour qui reste)
L'amour qui reste (l'amour qui reste), aaa