395px

Les Hommes Fautifs (feat. Walkens)

Fantom

Lèzòm Fòkè (feat. Walkens)

Listen Han
Dim konbyen moun kounya w konnen k ap bay vi l pou yon lòt
E konbyen moun k ap aksepte soufri grangou pou yon lòt
Konbyen ayisyen k pa vle pati k vle ret patriyòt
E di m konbyen nèg ki gen madanm ki pa janm bali matlòt
M vle ou di m di m si lèzòm pa fòkè
Aprè 12 janvye si Ayisyen pat viv an frè
Yon moman kè yo anfle yo vle touye pwòch la
Si w konnen ou pa peche voye premye wòch la
Si viv pou ou se manje diri ak pwa
Dòmi vant plen leve demen san ou pa gen espwa
Han Ou pa ka vle pou pwochen w lan viv konsa
Pandye 2 men l bò lari a ap mande moun dola
Ou bay moun responsab sò w pandan se ou k mèt desten w
Repoze espwa w sou moun paske w pa kwè nan demen
Dekouraje sou premye obstak ke ou kwaze sou chimen w
Di pou w ka bliye pwoblèm solisyon an se fimen w
Posede pa ouvè kò ankò
Yo fè rezon pòv tounen tò
Goumen pa alamòd se katouch ki fè wè koulè blood
Jèn fanm pa bay tan pou koze ankò se spageti ak ji
Paske mizè a ap ogmante lavi a vinn pi di
Jèn gason k pa gen pasyans nan kidnapin genyen k fwonte
Bòs la pou l ta ba w yon djòb swa l se moun pa w oubyen l fwonte w
Kòlè Bondye pa fè n pè
Eske n pa twouve n fòkè
N atake menm lanati paske n panse n se mèt latè
Eklatee!

Kilè n ap sispan jwe ak defye pouvwa Bondye
Nou bliye ke se li k 2 je n
Nou bliye ke se li k jere n
Pouki lòm ap fè lòm soufri paske yo se doktè
Yo di yo se Bondye Gad jan lèzòm fòkè
Lèzòm fòkè

Gen peyi k la pou lagè gen peyi k la pou lapè
Prezidan ki vle ede genyen tou ki eksplwatè
Konba pou zam nikleyè petwòl pou kontwòl latè
Toupizi sa k pi piti gad kijan lèzòm fòkè
Tout kote k ka anrichi yo, yo met anpriz sou li
Kreye twoub nan lòt peyi yo pou fè kwè yo se Jezi
Menm konnen g on dènye jou lè sa yo tout ap sezi
Kite lèzòm ouvè kò yo Bondye se dènye mezi
Lèzòm fè sa l vle, jan l vle, lè l vle kote l vle
Di sal vle, pran pòz sa l vle, pran pòz save, yo se sanzave
Yo tèlman free yo fè lajan tounen Bondye
Kite yo, Han M konnen gen yon jijman dènye
Kou nan do yo toujou bay
Nèg fè nèg tounen kobay
Yo menm drible pwòp lonbray
Yo met divizyon andan kay
Vann nanm kay djab pou gen kòb
Moun ki kalifye yo pa bay djòb
Pou pitit papa pa gen love
Rich pa pran pa avèk pòv
Frè ap vyole sè, polis pou bandi jwe wòl toutè
Kounya ti wouj se kidnapè, ti nèg nwè rejwen respè
Legliz vin tounen biznis pastè ap travay pou l rich
Ougan tounen gwo blofè frijidè vin pran plas tout krich
Depi lontan n ap vyole lwa nou te touye Jezi Kris
M konn n ap vle klouwe m sou kwa sa pap anpeche m di plis
Di m kilè n ap konpran ke se nou ki lakoz tout kriz
M konn pawò l mwen pwal fè tout sa k pa dwat yo friz

Kilè n ap sispan jwe ak defye pouvwa Bondye
Nou bliye ke se li k 2 je n
Nou bliye ke se li k jere n
Pouki lòm ap fè lòm soufri paske yo se doktè
Yo di yo se Bondye Gad jan lèzòm fòkè
Lèzòm fòkè

Yeah oumenm k ap tande mizik sa m vle w poze tè kesyon
Si w pa jan fè ankenn bagay fòkè nan vi w
Mwen m f anpi l
Nèg pa vle wè nèg, nèg pa vle wè byen pou nèg
Nèg pa vle wè nèg avanse
Li pap f on pa ou pa dwe f on pa tou ou dwe rete la menm jan avè l
Ap rive on epòk pandan w ap fè manje lakay ou se an kachèt w ap oblije fè l
Paske vwazinaj la ka vin pran l osinon l vinn pran w lap pouse grif
Lèzòm fòkè
Epi m ale wi
Lèzòm fòkè

Les Hommes Fautifs (feat. Walkens)

Écoute Han
Combien de gens tu connais qui donnent leur vie pour un autre
Et combien de gens acceptent de souffrir de la faim pour un autre
Combien d'Haïtiens ne veulent pas partir, veulent rester patriotes
Et dis-moi combien de gars ont des femmes qui ne leur donnent jamais de répit
Je veux que tu me dises si les hommes ne sont pas fautifs
Après le 12 janvier, si les Haïtiens n'avaient pas vécu en frères
Un moment où leur cœur est gonflé, ils veulent tuer leur proche
Si tu sais que tu ne pèches pas, lance la première pierre
Si vivre pour toi, c'est manger du riz et des haricots
Dormir le ventre plein, se lever demain sans espoir
Han Tu ne peux pas vouloir que ton prochain vive comme ça
Les deux mains tendues dans la rue demandent des dollars
Tu confies ton destin à d'autres alors que c'est toi le maître de ton sort
Repose ton espoir sur les gens parce que tu ne crois pas en demain
Découragé par le premier obstacle que tu croises sur ton chemin
Dis que pour oublier les problèmes, la solution c'est de fumer
Posséder, ne pas ouvrir le corps encore
Ils font de la raison des pauvres un tort
Se battre n'est pas à la mode, c'est les balles qui font voir la couleur du sang
Les jeunes femmes ne donnent plus de temps pour discuter, c'est spaghetti et jus
Parce que la misère augmente, la vie devient plus dure
Les jeunes hommes qui n'ont pas de patience dans l'enlèvement ont des confrontations
Le patron pour te donner un job, soit c'est ton pote, soit il te confronte
La colère de Dieu ne nous fait pas peur
Ne trouve-t-on pas que c'est fautif
On attaque même la nature parce qu'on pense qu'on est maîtres de la terre
Éclate!

Quand allons-nous cesser de jouer avec le pouvoir de Dieu
On oublie que c'est lui qui a nos deux yeux
On oublie que c'est lui qui nous gère
Pourquoi les hommes font-ils souffrir d'autres parce qu'ils sont médecins
Ils disent qu'ils sont Dieu, regarde comme les hommes sont fautifs
Les hommes fautifs

Il y a des pays pour la guerre, il y a des pays pour la paix
Des présidents qui veulent aider, mais ce sont tous des exploiteurs
Combat pour des armes nucléaires, pétrole pour contrôler la terre
Tout ça pour le plus petit, regarde comment les hommes sont fautifs
Partout où ça peut enrichir, ils mettent la main dessus
Créent des troubles dans d'autres pays pour faire croire qu'ils sont Jésus
Même en sachant qu'un jour, tous seront surpris
Laisse les hommes ouvrir leur corps, Dieu est le dernier recours
Les hommes font ce qu'ils veulent, comme ils veulent, quand ils veulent, où ils veulent
Dis ce qu'ils veulent, prennent la pose qu'ils veulent, prennent la pose de sauveurs, ce sont des sauvages
Ils sont tellement libres qu'ils font de l'argent leur Dieu
Laisse-les, Han, je sais qu'il y a un jugement dernier
Quand dans leur dos, ils donnent toujours
Les gars font des gars des cobayes
Ils dribblent leur propre ombre
Ils mettent la division dans la maison
Vendent leur âme au diable pour avoir de l'argent
Les gens qualifiés ne donnent pas de boulot
Pour les enfants, papa n'a pas d'amour
Les riches ne prennent pas avec les pauvres
Les frères violent les sœurs, la police pour les bandits joue le rôle de tout
Maintenant, les petits rouges sont des kidnappeurs, les petits noirs retrouvent le respect
L'église devient une affaire, les pasteurs travaillent pour devenir riches
Les hougans deviennent de grands escrocs, le frigo prend la place de toutes les cruches
Depuis longtemps, nous violons nos lois, nous avons tué Jésus-Christ
Je sais que nous voulons me clouer sur cette croix, ça ne m'empêchera pas de dire plus
Dis-moi quand allons-nous comprendre que c'est nous qui causons toutes les crises
Je sais que je vais faire tout ce qui n'est pas droit, ils vont geler

Quand allons-nous cesser de jouer avec le pouvoir de Dieu
On oublie que c'est lui qui a nos deux yeux
On oublie que c'est lui qui nous gère
Pourquoi les hommes font-ils souffrir d'autres parce qu'ils sont médecins
Ils disent qu'ils sont Dieu, regarde comme les hommes sont fautifs
Les hommes fautifs

Ouais, toi qui écoutes cette musique, je veux que tu te poses des questions
Si tu n'as jamais fait quoi que ce soit de fautif dans ta vie
Moi, je fais plein de choses
Les gars ne veulent pas voir d'autres, les gars ne veulent pas voir le bien pour les autres
Les gars ne veulent pas voir d'autres avancer
Ça ne va pas faire un pas, tu ne dois pas faire un pas, tu dois rester là comme lui
Ça va arriver un moment où, en cuisinant chez toi, tu devras le faire en cachette
Parce que le voisin peut venir le prendre ou il vient te prendre, il va te pousser les griffes
Les hommes sont fautifs
Et puis je m'en vais, ouais
Les hommes sont fautifs.

Escrita por: