Se Kiyès
Gen lontan n ap chèche yon lwa
Yon sèl lwa pou n fè yon nanchon
Gen lontan n ap bouske yon lwa
Lwa mantal ki pou di fyète nou
Diyite pou tout frè nou yo
Diyite pou tout yon nasyon
Yon nasyon menm aspirasyon
Menm Deviz, menm Kwayans
Nèg sa yo rele n peyizan
Nèg sa yo rele n pwoletè
Nèg sa li menm se gran nèg
Nou tout se menm zanfan yo
Pitit mesye vètyè yo
Nèg yo ka vanse la
Si yo bliye ipokrizi
Si yo vle detwi jalouzi
Pou yo konstwi yon peyi
Bati yon nasyon
Sou chimen devlopman
Yon peyi k ap lite
Yon peyi k ap chante
Yon peyi k ap mache
Chèche verite
Yon peyi k ap lite
Yon peyi k ap chante
Yon peyi k ap mache
Chèche verite
Men se kiyès ki konn chimen an
Ki va di nou ki kote nou pwale?
Men se kiyès ki gen flanbo a
K ap klere chimen an pou n pa tonbe?
Tan an rive pou demokrasi
Manman w sonje konstitisyon an
Gen sa yo menm ki adòpte li
Gen sa yo ki voye l jete
Gen lòt yo ki pran l yo bafwe li
Mesye yo preche linyon
Men kè yo gen twòp vye pasyon
Nèg yo vle lwa pou jistis
Anpil nan yo se anachis
Yon peyi k ap lite
Yon peyi k ap chante
Yon peyi k ap mache
Chèche verite
Yon peyi k ap lite
Yon peyi k ap chante
Yon peyi k ap mache
Chèche verite
Men se kiyès ki konn chimen an
Ki va di nou ki kote nou pwale?
Men se kiyès ki gen flanbo a
K ap klere chimen an pou n pa tonbe?
Nèg yo ka vanse la
Nèg yo ka vanse la
Nèg yo ka vanse la (si yo bliye ipokrizi)
Nèg yo ka vanse la (si yo vle detwi jalouzi)
Nèg yo ka vanse la (pou yo konstwi yon peyi)
Bati yon nasyon
Sou chimen devlopman
Nèg yo ka vanse la
¿Quién es?
Desde hace tiempo estamos buscando una ley
Una sola ley para hacer un cambio
Desde hace tiempo estamos tras una ley
Ley mental que exprese nuestro orgullo
Dignidad para todos nuestros hermanos
Dignidad para toda una nación
Una nación con la misma aspiración
Misma divisa, misma creencia
Estos hombres nos llaman campesinos
Estos hombres nos llaman proletarios
Ese hombre es un gran hombre
Todos somos los mismos hijos
Hijos de los hombres de verdad
La gente puede avanzar aquí
Si olvidan la hipocresía
Si quieren destruir los celos
Para construir un país
Edificar una nación
En el camino del desarrollo
Un país que lucha
Un país que canta
Un país que avanza
Buscando la verdad
Un país que lucha
Un país que canta
Un país que avanza
Buscando la verdad
Pero, ¿quién conoce el camino?
¿Quién nos dirá hacia dónde vamos?
Pero, ¿quién tiene la antorcha
Que ilumina el camino para no caer?
Ha llegado el momento de la democracia
Tu madre recuerda la constitución
Algunos la han adoptado
Otros la han desechado
Otros la han tomado y la han pisoteado
Los hombres predican la unión
Pero en su corazón hay demasiada pasión
La gente quiere ley para justicia
Muchos de ellos son anarquistas
Un país que lucha
Un país que canta
Un país que avanza
Buscando la verdad
Un país que lucha
Un país que canta
Un país que avanza
Buscando la verdad
Pero, ¿quién conoce el camino?
¿Quién nos dirá hacia dónde vamos?
Pero, ¿quién tiene la antorcha
Que ilumina el camino para no caer?
La gente puede avanzar aquí
La gente puede avanzar aquí
La gente puede avanzar aquí (si olvidan la hipocresía)
La gente puede avanzar aquí (si quieren destruir los celos)
La gente puede avanzar aquí (para construir un país)
Edificar una nación
En el camino del desarrollo
La gente puede avanzar aquí