395px

Graten (Kraze Bak)

K-Lib Mapou

Graten (Kraze Bak)

Albòm sa a se pou m di sa k ap vini yo, m pa t yon konplis
Apre pèn ak moso lajwa nan rap, m pa t janm konn plis
M pral di tout sa m pa t di
Tout sa yo pè di, pale nan tèt tèt di
Tout punchline pèdi

Po klè monte echèl, yon ekonomi kriminèl
Si ti nèg nwè vle vann fè, kawotchou ou posede makèt
Leta ap kidnape l, an sòtan Labank l ap pran yon bal nan tèt
Pouvwa politik s on dwòg, depi w pran l ou vin kriyèl

Pa gen peyi san boujwa a, men sa k la a yo se machann
Se pèpè, pwodwi enpòte ak peyi yo vann
Koze koulè a fò n poze l, sa pa vle di nou rasis
Si n mòde dwèt k ap ban n manje, se paske l ap fè n lasisin

Toutotan gen deal anba tab
Kondisyon k pa ekitab
Ret nan diskou nou tout koupab
Pa pran moun onèt ki kapab
Pa vote pwojè remakab
Lavi n ap ret mare kou krab
Dlo ravin bwat chenn p ap potab
Menm lè w ta plen l ak akwatab

Sosyal tounen biznis sou rezo rekòlte pil kè
Plat manje ak labèl palmantè
Sèlfi ak kit alimantè
Enfliyansè san enfliyans, yon pil ransè
Yo pa sensè
Pwofil vòlè yo san filtè, nan je nou yo voye yon pil tè

Zam enkonpetans ap toujou tire bal koripsyon
G on dosye ki te f on polemik, sou li m pral f on reyaksyon
Si entèlektyèlman w gen zewo o kosyan
Se sèl nan vòlò w ka fè yon masters a 17an

M t ap tann saa aa
N pran nan krizokal 100 kara
Entèlektyèl lespri Boulos, tèt Sankara
M ap f on rap ilegal ki letal
Bandi ki legal ak metal
Atis jere bal li kè kal
Polis vide bal pou leta l

Politik pa batay pwojè ni lide men lidè
Tiyè gangstè ap fè imanitè libelibè
Nan fant dan dirijan w ap jwenn moso vyann moun
Repiblik mò vivan devan lamò nou pa youn

G on bann defile k defile, sanite Belè yo boule
On bann kapwa van lanmò fè tonbe sou chwa l, men k releve
G on Desalin site solèy k ap travèse Rio grande
Move lide sèl kòk chante, l nòmal pou tèt ti nèg vire

M wè machin 100mil dola kou mouch k ap woule sou fatra
Klas mwayèn al nan waf Mayami, al ranmase fatra
Pou l vin vann Ayiti pou nèf, pou l mouri sou pil fatra
Politisyen pil fat rat se sa k politik fatra

M ap lage san pran souf
M pa militan nan bouch
M pa tankou rapè angaje nan booth
Kilti a n ap bay pouch
Ak atizay sou do m pot tray
M pa gen gwo pòtray
Ni m pa konn plis bagay sou Ayiti k on machann sou Pòtay

Sa a s on rap kont atak tak o tak
Full kontak, Wi m nan kont ak
Tout baka politik ak manda back to back
Enstitisyon pak an pak, sèvis leta k pa gen plak
Fè green back Bann kraze bak
Pran n pou makak, yo p ap fè bak

Nan bay Amerik Latin pwofesyonèl pou mèsenè
M t ap di chwazi bon sib, si m te ka pale ak bandi
Si ayisyen se Pèleren, 5 ret yon chif mistè
PHTK bay PHTK pran ke non li modi

Kòman w vle m sispann rap lè pwoblèm sa yo anba je m
Silans kèk frè fè m anraje m oblije angaje m
L'artiste ne naît pas cocorat, il le devient
Menm jan depi lè m konnen m pral nan lanfè m sispann kretyen

Si m te ka di yo priyè chat ak rat pa ka al menm kote
Loksidan ap eksplwate w, avè l w ap priye menm bondye
Tankou Miki pèdi 2 kay pou taks Etazini
5 an Ayiti l bati youn pou 9 milyon Bank ba l kredi

Pou mizik sa kèk moun pra l di m chache yon kote m grate
M ap grate kote pa grate m
M so n graten Hip hop Gate
Si w ap tande m an 2050 a 40 an konnen w lwen
W a va konnen Ayiti 2021

Se te penn ak kè sere
Plenn nan kè se vre
Jenn k ap gaspiye
Ren manman k mare

Outro
W a va konnen
Plis ke 10 zan depi tranbleman yon gwoup nèg ak konplisite entènasyonal kenbe yon peyi nan gòj
Vòlè, souse, kraze, piye, bwè, fimen
Pandan peyi a depafini, sa k pa mouri ap pati oubyen tounen bandi ak
Yon graten lòt k ap fè rezistans ak yon kraze bak

Graten (Kraze Bak)

Este álbum es para decir lo que viene, no fui cómplice
Después de penas y trozos de alegría en el rap, nunca supe más
Voy a decir todo lo que no dije
Todo lo que temen decir, hablando en voz alta
Cada punchline perdido

La piel clara sube escalones, una economía criminal
Si el negrito quiere vender, tu llanta posee el mercado
El estado lo va a secuestrar, mientras el banco le da un tiro en la cabeza
El poder político es una droga, desde que lo tomas te vuelves cruel

No hay país sin burgués, pero lo que hay son comerciantes
Son productos, importados y vendidos en su tierra
El tema del color es fuerte, no quiere decir que seamos racistas
Si mordemos la mano que nos da de comer, es porque nos está matando

Mientras haya tratos bajo la mesa
Condiciones que no son justas
Todos somos culpables en nuestro discurso
No tomes a la gente honesta que puede
No votes por proyectos notables
Nuestra vida seguirá atada como cangrejos
El agua del arroyo no es potable
Incluso si la llenas de agua

Lo social se ha vuelto negocio en redes, cosechando corazones
Platos de comida con etiquetas parlamentarias
Selfies con kits alimentarios
Influencers sin influencia, un montón de ratas
No son sinceros
Los perfiles de los ladrones sin filtro, en nuestros ojos lanzan un montón de tierra

Las armas de la incompetencia siempre disparan balas de corrupción
Hay un expediente que fue polémico, sobre él voy a reaccionar
Si intelectualmente tienes cero en conciencia
Solo en los ladrones puedes hacer un máster a los 17

Estaba esperando esto
Nos atraparon en una crisis de 100 caras
Intelectual mente Boulos, cabeza Sankara
Voy a hacer un rap ilegal que es letal
Bandidos legales con metal
Artistas manejan su balanza con el corazón
La policía dispara balas para su estado

La política no lucha por proyectos ni ideas, sino por líderes
Los gangsters hacen humanidades liberales
En la grieta de los líderes encontrarás trozos de carne humana
República muerta viva ante la muerte, no somos uno

Hay una banda desfilando, la sanidad Belè está ardiendo
Una banda que vende muerte cae sobre su elección, pero se levanta
Hay un Desalin en el sol que atraviesa el Río Grande
Malas ideas, solo el gallo canta, es normal que la cabeza del negrito gire

Veo coches de 100 mil dólares como moscas rodando sobre basura
La clase media va a la playa de Miami, a recoger basura
Para vender Haití por nueve, para morir sobre un montón de basura
Políticos, un montón de ratas, eso es lo que la política es basura

Voy a soltar sin tomar aliento
No soy militante de boca
No soy como los raperos comprometidos en el booth
La cultura que vamos a dar es un golpe
Y el arte en mi espalda lleva una bandeja
No tengo un gran retrato
Ni sé más cosas sobre Haití que un comerciante en la puerta

Esto es un rap contra el ataque, tak o tak
Contacto total, sí, estoy en contra
Todos los políticos y mandatos uno tras otro
Instituciones no funcionan, servicios del estado sin placas
Haciendo greenbacks, la banda kraze bak
Tómennos por monos, no van a retroceder

En América Latina, profesionales para mercenarios
Diría elige un buen objetivo, si pudiera hablar con los bandidos
Si los haitianos son Perele, 5 es un número misterioso
PHTK da PHTK, toma que su nombre es un lío

¿Cómo quieres que deje de rapear cuando estos problemas están ante mis ojos?
El silencio de algunos hermanos me enoja, me obliga a comprometerme
El artista no nace, se convierte
Así como desde que supe que iba al infierno dejé de ser cristiano

Si pudiera decirles que la oración de gato y rata no puede ir al mismo lugar
El locutor te va a explotar, con él vas a orar al mismo dios
Como Mickey perdió 2 casas por impuestos en Estados Unidos
5 años en Haití construyó una por 9 millones, el banco le dio crédito

Para esta música algunos dirán que busco un lugar donde rascar
Voy a rascar donde no me rascan
Soy un rasguño en el Hip hop Gate
Si me escuchas en 2050 a los 40 años, sabes que estás lejos
Vas a saber Haití 2021

Fue pena con el corazón apretado
Llorar en el corazón es verdad
Jóvenes que despilfarran
Ren madre que ata

Outro
Vas a saber
Más de 10 años desde el temblor, un grupo de hombres con complicidad internacional mantiene un país en la garganta
Robar, chupar, romper, saquear, beber, fumar
Mientras el país se desmorona, lo que no muere se va o se convierte en bandido y
Un rasguño más que hace resistencia con un kraze bak.

Escrita por: