Petwospektiv
Petro mobilizasyon yon lòt pèspektiv
Ak tout sa k pa konprann sa k te kwè n te san objektif
Ak tout sa nou gen kòm zam n ap ret aktif
Pou yon petro edikasyon ann fon petrospektiv
Se te yon kontra ak tout peyi nan zòn nan kap redi
Venezuela vann petwòk a ba pri e kredi
Gazolin diezel gaz blan pwopàn
Nan machin ekonomik lan n pral leve yon gwo pàn
Leta fè kòmand gaz poul revann ak Boujwa
Nou menm nou vini ak galon achte li nan ponp
BMPAD rasanble kòb pou peye Venezuela
Si doum nan te koute 100 gd lap bay sèlman 30
Rès 70 goud sa a pral nan yon fon sou kote
Se kòb sa a yo rele fon petro Caribe
Pou n remèt a 1% apre 25 lane
(Si w pat konnen kounyaa w konnen sa k petrocaribe)
Kòb sa a te dwe konstui lopital envesti nan agrikilti bati lekòl ak wout
Pandan sitiyasyon nou vin pi mal kòb sa a ak yon bann lòt ankò boule nan blakawout (nan yon tan tou kout)
Preval ak 2 minis pral pran 4 rezolisyon
Desizyon idantifye pwoblèm e jwenn solisyon
2008 premye kagezon vin sou minis Pyè Lwi
14 mwa fo rezon k fè 45 milyon bwè luil
Pati k pi bèl la te dèyè ak minis Bèlriv
2009 koripsyon pral ekri nan bèl liv
Kòb petrocaribe p ap rete nan kès nwa
Antrel nan bidjè a pou l kapab sibi pwojè lwa
3 rezolisyon 350 milyon dekese
41 kontra 35 ladann siyen gre a gre
6 lòt yo te siyen nan yon ti chanm prese prese
3 konpayi ki gen menm mèt jwenn kontra pou egzekite
Konpayi Dominiken k la depi 3 mwa (jwenn kontra)
Pandan l ta dwe genyen 5 an selon lalwa
Konpayi peyi madanm la depi 3 mwa
Pandan l ta dwe genyen 5an pou l travay pou Leta
Kòb petro Caribe a se te yon fon
Pou devlopman pandansetan l ap fè fon
197 milyon fin fè fon nan yon rezolisyon
Kounya 348 milyon fè fon nan 3 rezolisyon
Janvye 2010 tout moun sonje tè a tranble
Malgre tou Ayiti ta pral nan eleksyon danble
Preval wè ti Jud pap pase, blan an deside Martelly
L al dèyè kouvri dèyè l pou nèg yo pa vin mate li
300 mil vi ak kay lajan CIRH se sa n anrejistre kòm pèt
Pitye pran kè Chavez anvan akò Bandes deside anile tout dèt
Ou p ap ka kite tout kòb saa nan men yon pleziyis
Pito w envesti l nan pwojè dixit Anacacis
Preval pa koute Martelly monte kontra majore li chwazi Rouzier ki di sa a se vòl mesye
Yon nouvo PM monte tonbe denonse mande revoke kontra ak appel d'offre tout dwe repanse
Nèg yo di: Gad figi Gary Coni w ap vin pran pòz serye w laa nan mouvman sa a ou pa enkoni
Tankou Christophe Colomb k debake San Salvador
Antre an sèn mèt Laurent gagót Salvador
Rezolisyon k pran son w Lo
Ak minis Lalo chèk glise kou lalo
Kote w konn tande nèg ki clean konn
Ap bay Leta bil imite blan Clinton
Surfacturation commission ceinturon corruption prostitution petroréalisation
Ou pral kreye on Konpayi k rele BRASEKÒM
Rapid vit m pral fè w jwenn kontra pou 30 milyon
Men antre nou ou konnen l ap koute 15 milyon
Rès kòb la ou mèt al depoze l sou non Jerome
40 milyon pwojè k rete a loral
Sa k ateri chak ane se 2 kanaval
Lamothe fin trip kounyaa n pral chanje Pòl
Evans pa t konn kotel ta pral mete kò l
Pandan grangou pèp la rive nan yon stad moun pa t ap kwè
Yo boule plizyè milyon nan 25 stad moun pa ka wè
Anba je n ni yo ni pitit yo vin rich
Manman cheri papa doudou bay piti pa chich
Kòb petro Caribe se te yon fon
Ki te la pou devlopman men li fè fon
878 milyon ki fè fon
Yo boule li nan 9 rezolisyon
Ils ont remporté le prix vert lavalas te next
2 zan siklòn rezolisyon Privert Enex
Gaz petro Caribe antre tout 2017
40 jiska 70 goud pou yon dola US
Sa a pat pringtemps arabe men l'été Haitien
Nou met rezo sosyo yo cho ak yon petrochallenge
Poun mande politisyen èske yo se majisyen
Pou yo fè disparèt 3 milya san kite change
Petrospectiva
Movilización petrolera desde otra perspectiva
Con todo lo que no entiende lo que creía que era sin objetivo
Con todo lo que tenemos como armas, nos mantenemos activos
Para una educación petrolera en la profunda petrospectiva
Fue un contrato con todos los países de la zona que se endurecen
Venezuela vende petróleo a bajo precio y a crédito
Gasolina, diésel, gas blanco, propano
En el carro económico, vamos a enfrentar una gran escasez
El Estado hace pedidos de gasolina para revender con los burgueses
Nosotros venimos con galones, comprándolo en la bomba
BMPAD junta dinero para pagar a Venezuela
Si el dólar costaba 100, solo da 30
El resto de esos 70 gourdes va a un fondo reservado
Ese dinero se llama fondo Petrocaribe
Para devolverlo al 1% después de 25 años
(Si no lo sabías, ahora lo sabes, eso es Petrocaribe)
Ese dinero debía construir hospitales, invertir en agricultura, construir escuelas y caminos
Mientras nuestra situación empeora, ese dinero y otros se queman en apagones (en un corto tiempo)
Preval y 2 ministros tomarán 4 resoluciones
Decisiones para identificar problemas y encontrar soluciones
2008, la primera caída llega con el ministro Pierre Louis
14 meses de razones falsas que hicieron que 45 millones se consumieran
La parte más bonita estaba detrás con el ministro Bélrive
2009, la corrupción se escribirá en libros bellos
El dinero de Petrocaribe no se quedará en la caja negra
Entrará en el presupuesto para poder soportar proyectos de ley
3 resoluciones, 350 millones de dólares
41 contratos, 35 de ellos firmados a la brava
6 más fueron firmados en una pequeña sala, rápido, rápido
3 empresas con el mismo dueño obtienen contratos para ejecutar
La empresa dominicana lleva 3 meses (con contrato)
Mientras debería tener 5 años según la ley
La empresa del país de la esposa lleva 3 meses
Mientras debería tener 5 años para trabajar para el Estado
El dinero de Petrocaribe era un fondo
Para el desarrollo, mientras tanto se hace fondo
197 millones se han hecho fondo en una resolución
Ahora 348 millones se han hecho fondo en 3 resoluciones
Enero 2010, todos recuerdan que la tierra tembló
A pesar de todo, Haití iba a elecciones dobles
Preval vio que el pequeño Jud no pasaría, el blanco decidió a Martelly
Fue a cubrirse la espalda para que los hombres no lo atraparan
300 mil vidas y casas, el dinero CIRH es lo que registramos como pérdida
Pobrecito, toma el corazón, Chávez antes, el acuerdo de Bandes decide anular toda deuda
No puedes dejar todo ese dinero en manos de un pleitista
Mejor invierte en proyectos, dixit Anacacis
Preval no escucha, Martelly sube, contrato mayor, elige a Rouzier que dice que esto es un robo, señores
Un nuevo PM sube y cae, denuncia, pide revocar contratos y licitaciones, todo debe repensarse
Los hombres dicen: Mira la cara de Gary Coni, vas a venir a posar serio aquí en este movimiento, no eres desconocido
Como Cristóbal Colón que desembarcó en San Salvador
Entra en escena, el maestro Laurent, ¡gagót Salvador!
Resoluciones que toman sonido, Lo
Y con el ministro Lalo, cheque deslizándose como Lalo
¿Dónde has escuchado a hombres que son limpios?
Dando al Estado billetes, imitando a Clinton
Sobreprecio, comisiones, cinturón, corrupción, prostitución, petrorrealización
Vas a crear una empresa llamada BRASEKÒM
Rápido, te haré conseguir un contrato por 30 millones
Pero entre nosotros, sabes que costará 15 millones
El resto del dinero lo puedes depositar a nombre de Jerome
40 millones, el proyecto que queda a la oral
Lo que aterriza cada año son 2 carnavales
Lamothe ha triplicado, ahora vamos a cambiar a Pól
Evans no sabía dónde iba a poner su cuerpo
Mientras el hambre del pueblo llega a un estadio, la gente no podía creer
Quemaron varios millones en 25 estadios que la gente no puede ver
Bajo sus ojos, ni ellos ni sus hijos se vuelven ricos
Madrecita, papito, dale a los niños, no seas tacaño
El dinero de Petrocaribe era un fondo
Que estaba ahí para el desarrollo, pero se hizo fondo
878 millones que se hicieron fondo
Los quemaron en 9 resoluciones
Ganaron el premio verde, lavalas fue el siguiente
2 años de ciclones, resolución Privert Enex
Gas Petrocaribe entró todo 2017
40 hasta 70 gourdes por un dólar estadounidense
Esto no fue la primavera árabe, sino el verano haitiano
Pusimos las redes sociales calientes con un petrochallenge
Para preguntar a los políticos si son magos
Para hacer desaparecer 3 mil millones sin dejar cambio.