Twomatis
Jenn demwazèl k ap grandi
Bèl
Vizaj inosan
Ti figi won
Ti po byen pèch
1mèt 60 anviwon
Anndan yon fanmi 4 pitit
M kwè yo 3 fi yon gason
Li menm ki anvan dènye
Yo tout t abite sou Nazon
Manman l te kòmèsan
Au komansman yo te f on bèl envestisman
Li vin difisil pil defisi
Bagay yo vin on dwòl fason
Men l kenbe kò l
Li ret lekòl li patko jwenn dekourajman
Anpil efò li fè filo
Avèk siksè l kòm angajman
Papa a te la
Men l pa t kapab
Problèm tansyon
Li vin malad
Li te chofè avan l t ap fayt
Li vin santi
Vi l pitwayab
Lòt 2 pi gran yo kalkile
Se peyi a pou yo kite
Bò isit pa ofri gran choz
Yo pral chèche yon lòt kote
Annatandan yo fè paspò
Youn t ap bay lòt ankourajman
Yo tout te bezwen pati
Al on kote jwenn soulajman
Ti sè a trè detèmine
Li anvi jwi e l gen talan
Li konn chante e l se mannken li jis bezwen ankadreman
Jou ap pase
Tan ap redwi
E manman an
Stil ap redi
Di pou fanmi an viv
E papa vin trè megri
Vin pa gen kòb yo frape pòt yo te bezwen papa geri
Se jis apre yo vin konprann ti pa ti pa vil t ap peri
Anpil doulè
Lavi chè
Pigran yo chwazi lòtbò fwontyè
Yo kwè laba gen mwens mizè
Yo di y ap viv nenpòt mannyè
Ti sè a menm vin jwenn yon nèg
Ki pafwa konn g on ti chèk
Y ap ba l presyon pou l ret fidèl
Yo di misye ka pot ti èd
Sa w tande a nèg an konfyans
Misye konpòte l an paran
Li di li menm granmoun se rans
Souvan mennaj la anba baton
Podyab tidam nan anvi pran chans
Kite misye koz s on pwazon
Men l nan chomaj
Vi li san sans
E fò l lage pye l tout fason
Li kòmanse vin rann li kont
Aprè li fè nouvo rankont
De twa zanmi k nan fakilte k gen fakilte pou fè l konprann
Yo di l nèg sa yo se sanwont
Si li pa tchwe w se ou k ap wont
Apenn soti nan on lanfè
Kounya l pa konn kisa pou l fè
Mete sou sa li pè soti
Li tankou moun ki annafè
Pil refleksyon
Depresyon
Ensekirite kidnapin
Sa gen kèk jou yo pr on fanmi l
Yo menm vyole l nan gran ravin
Pwoblèm sou pwoblèm
Li vin g on blokaj nan sèvo
Anba mizè soti avè l
Al nan resto fè ti foto
Di l anyen pa sot sou valè l
Mande l repati a zewo
Zanmi yo fè kontak labèl
Pou fè l rantre nan estidyo
Li kòmanse de 3 seyans
Kounya l gen mizik kòm zouti
Li pa fokis
Gen twòp soufrans
Li di yo non l p ap abouti
Podyab li rive nan on kafou
Avni l tou nwa l santi l ap fou
Èks li tounen ap di l damou
Fè l kwè l pa menm moun nan ditou
An menm tan tou 2 twa ajans t ap kontakte l pou mànkina
Ofri li opòtinite pou l fè ti kòb ak on kontra
Li santi l pa ka konsantre ki vin lakòz li pa sou sa
E nèg la menm ap jwe sou sa ofri l viza pou l al viv avè l
Twomatis
Jenn, las que están creciendo
Hermosa
Rostro inocente
Carita redonda
Piel bien morena
1.60 más o menos
Dentro de una familia de 4 hijos
Creo que son 3 chicas y un chico
Él es el penúltimo
Todos vivían en Nazon
Su mamá era comerciante
Al principio fue una buena inversión
Se volvió difícil, un montón de deudas
Las cosas se pusieron raras
Pero ella se mantuvo firme
Regresó a la escuela, no se desanimó
Hizo mucho esfuerzo, se esforzó
Con su éxito como compromiso
El papá estaba ahí
Pero no pudo
Problemas de tensión
Se enfermó
Era chofer antes de que se fuera
Empezó a sentir
Que su vida era un lío
Los otros 2 mayores calculan
Que deben dejar el país
Por aquí no hay grandes oportunidades
Van a buscar otro lugar
Mientras tanto, hacen pasaporte
Uno le daba al otro ánimo
Todos necesitaban irse
A algún lugar a encontrar alivio
La hermanita está muy decidida
Quiere disfrutar y tiene talento
Sabe cantar y es una estrella, solo necesita apoyo
Los días pasan
El tiempo se acorta
Y la mamá
El estilo se endurece
Dice que la familia viva
Y el papá se ha puesto muy flaco
No tienen dinero, golpean la puerta, necesitaban que papá sanara
Solo después entienden que poco a poco la ciudad se estaba hundiendo
Mucho dolor
La vida es cara
Los mayores eligen cruzar la frontera
Creen que allá hay menos miseria
Dicen que vivirán de cualquier manera
La hermanita incluso se encuentra con un chico
Que a veces le da un cheque
Le presionan para que se mantenga fiel
Dicen que él puede ayudar
Lo que escuchas, el chico es de confianza
Él se comporta como un padre
Dice que él es adulto, es un lío
A menudo la novia está bajo presión
Pobre chica quiere arriesgarse
Deja que el chico hable, es un veneno
Pero él está desempleado
Su vida no tiene sentido
Y tiene que salir de cualquier manera
Empieza a darse cuenta
Después de hacer nuevos encuentros
De tres amigos en la facultad que tienen la facultad para hacerle entender
Le dicen que esos chicos son sinvergüenzas
Si no te atreves, serás tú quien se sienta avergonzado
Apenas salió de un infierno
Ahora no sabe qué hacer
Además, le da miedo salir
Es como alguien que está en el infierno
Un montón de reflexiones
Depresión
Inseguridad, secuestro
Hace unos días estaban en su familia
Incluso la violaron en un gran barranco
Problemas sobre problemas
Se bloquea en su mente
Bajo la miseria, sale con él
Va a un restaurante a tomarse unas fotos
Dile que nada se ha perdido en su valor
Pregúntale si puede empezar de cero
Los amigos hacen contacto con él
Para que entre al estudio
Comienza con 3 sesiones
Ahora tiene la música como herramienta
No se enfoca
Hay demasiado sufrimiento
Les dice que no, que no va a lograrlo
Pobre, llega a una encrucijada
Su futuro es oscuro, siente que se está volviendo loco
Su ex vuelve a decirle que lo ama
Le hace creer que no es la misma persona
Al mismo tiempo, 2 o 3 agencias lo contactan para trabajar
Le ofrecen oportunidades para ganar algo de dinero con un contrato
Siente que no puede concentrarse, lo que causa que no esté en eso
Y el chico mismo juega con eso, le ofrece visa para que viva con él