395px

Sueños (feat. EMMY)

Malada

Zèv (feat. EMMY)

Ou di solèy
M di zèv
Somèy
M di rèv
Ou di m konfyans
M di prèv
Konsyans
M di chèf
Ou di lanmou
Li anndan nou
Si w nan kan nou
Ou tou klan nou
Libète nou yo pa t ban nou l
Nou batay tou
Jouk nou granmoun
M f on koudèy
M w on pil fèy
M wè 3 wòch dife
M wè ti plat
M wè ti tas
Avèk ti tak kafe
M wè vilaj
M wè vizaj
M wè lòt fas kache
Moun yo frikat
Men m wè imaj
Ki gen ti jak k ap jwe
M wè leta
M wè boujwa
M wè gangstè
Ki nan pouvwa
M wè prado
Gwo kay yo
Gwo zam yo
Y ap fè gwo vwa

Di kolon
S on gwoup moun
M w on kolonn
M fè zoom
Podyab pèp
Y ap fè kòlè
M Tande tonnè
M tande fout
M wè rivyè
M wè lanmè
Anpil tèt mòn
Ak pye bwa
M wè siwo
M wè kleren
M wè vèvè
Moun pran lwa
Yo jete dlo
Limyè limen
Mande pasaj
Nan wout la
Bouji atè
Moun yo pa pè
Yo g on bon sant Florida
Yo solid
Yo solidè
Yo pa fòk
Ak fo lidè
Yo f on konbit
Pou konbat
Pa gen plas
Pou solitè
Moun yo bezwen viv
Yo pa menm jwenn on minimòm
Lavi g on koulè vif
Mizè isit s on inifòm

Nou di tout sa n wè
Tout sa n santi
Nou Dekri
Yon tablo lavi
Leta sanginè
San nati
Sosyete febli
Vizyon n pati

Nou Malad
Pa gen lopital se zèv Leta
Moun ap mouri
Toupatou se zèv leta

Pou w on manman ak men nan tèt
Yo fenk kidnape pitit li
Yo mande l yon pakèt kòb
Li poko janm wè nan tout vi li
Se leta pou l avili
Pou yo sispann jwe ak vi li
Imajine yon jenn tifi
Yo vyole jan sa fini
On nèg pr on bal nan tèt
Pa menm gen
Yon ankèt
Anba lavil bò lari
Gwo midi w pa wè sa lèd
Dèfwa sot deyò s on gwo risk
Menm si devan g on pòs polis
Nèg ap bay bal ak bonis
Chape menm lè gen blokis
Leta pisan
Lè Pou l vòlè tè peyizan
Lè pou l leve ti machann nan
Lè se moman pwopagann nan
Men l enpwisan
Lè l pou l ofri bon kondisyon
Lè pou l pote yon solisyon
Lè pou l fè fas ak koripsyon
Sa k fè peyi m nan bòdègèt
Nèg yo plis kwè nan vòlè pèp
Lage n toutan nan vote trèt
Lè pou piye yo kole tèt

Pandan n bezwen viv
Nou pa menm jwenn on minimòm
Lavi g on koulè vif
Mizè isit s on inifòm

Sueños (feat. EMMY)

Tú dices sol
Yo digo sueños
Sueños
Yo digo realidad
Tú me dices confianza
Yo digo pruebas
Conciencia
Yo digo líder
Tú dices amor
Está dentro de nosotros
Si estás en nuestro bando
Eres parte de nosotros
Nuestra libertad no nos la dieron
Luchamos todos
Hasta que seamos adultos
Yo tengo un cuchillo
Yo tengo un montón de hojas
Veo 3 piedras de fuego
Veo un platito
Veo una tacita
Con un poco de café
Veo un pueblo
Veo rostros
Veo otras caras ocultas
La gente está asustada
Pero veo imágenes
De un niño jugando
Veo el estado
Veo burgueses
Veo pandilleros
Que están en el poder
Veo un prado
Las grandes casas
Las grandes armas
Hacen mucho ruido

Digo colonos
Es un grupo de personas
Yo tengo una columna
Hago zoom
Pueblo maldito
Están enojados
Escucho truenos
Escucho disparos
Veo ríos
Veo el mar
Muchas montañas
Y árboles
Veo jarabe
Veo licor
Veo hierbas
La gente toma decisiones
Echan agua
La luz se enciende
Piden paso
En el camino
Velas en el suelo
La gente no tiene miedo
Tienen un buen olor a Florida
Son sólidos
Son solidarios
No deben
Con falsos líderes
Hacen un trabajo comunitario
Para combatir
No hay lugar
Para la soledad
La gente necesita vivir
No siquiera consiguen un mínimo
La vida tiene un color brillante
La miseria aquí es un uniforme

Decimos todo lo que vemos
Todo lo que sentimos
Describimos
Un cuadro de vida
El estado es sanguinario
Sin naturaleza
La sociedad se debilita
Nuestra visión se va

Estamos enfermos
No hay hospitales, es obra del Estado
La gente está muriendo
Por todas partes, es obra del Estado

Para una madre con la mente en su lugar
Acaban de secuestrar a su hijo
Le piden un montón de dinero
Nunca lo ha visto en toda su vida
Es el estado que la humilla
Para que dejen de jugar con su vida
Imagina a una joven
La violan, así termina
Un tipo le da un balazo en la cabeza
No hay ni
Una investigación
En la ciudad, en la calle
A plena luz del día no ves lo feo
A veces salir es un gran riesgo
Aunque enfrente haya un puesto de policía
Los tipos disparan con bonificaciones
Escapan incluso con bloqueos
El estado es un ladrón
Cuando se trata de robar tierras de campesinos
Cuando se trata de levantar a los vendedores
Cuando es momento de propaganda
Pero es poderoso
Cuando se trata de ofrecer buenas condiciones
Cuando se trata de traer una solución
Cuando se trata de enfrentar la corrupción
Por eso mi país está en la miseria
La gente más cree en los ladrones del pueblo
Nos dejan siempre en elecciones trampa
Cuando se trata de robar, se unen

Mientras necesitamos vivir
No siquiera conseguimos un mínimo
La vida tiene un color brillante
La miseria aquí es un uniforme

Escrita por: