395px

Cuarentena Contigo

Paska

Karantèn Avèw

Karantèn, karantèn
Karantèn avè w, baby
Karantèn, karantèn

E si demenn ou ta wè le monde
Ap chavire akoz yon maladi, yeah yeah
Tout pòt fèmen pa gen pèsonn
Ki dwe riske soti nan lari non
M ta pito w avè mwen
M paka imajine m poukò m epi ou byen lwen non non
Menm lè pata gen mwayen
M tap reziyen m rete, men

Si yo mande m m tap di, mete m an karantèn avè w
Tan tap pase pi vit, si m te nan karantèn avè w

Ouh sèl sa m konnen w pa tap plenyen
M tap asire m ke kay la pa manke anyen
M tap di fanmi w lavi w nan men m
Ke mwen tap pwoteje w ak tout nanm mwen
E menm si nou ta kontamine, se avè w mwen vle rete soude
Li pa vo lapenn pou n separe nan ka sa

Si yo mande m m tap di, mete m an karantèn avè w
Tan tap pase pi vit, si m te nan karantèn avè w
Si yo mande m m tap di, mete m an karantèn avè w
Tan tap pase pi vit, si m te nan karantèn avè w

Cheri, kote w ye, se la l ye

Oh oh oh
Oh oh oh

W wè nan moman an (la pou w ye)
Oh, gadon taktik nèg yo anplwaye mesye
M pa bezwen di l (ou ou ou wè l)
Manman!

Bò kote mwen, bò kote mwen
Pa gen pwoblèm cheri depi w bò kote mwen

Epi mete konpa chita - la
[?]

Si yo mande m m tap di, mete m an karantèn avè w
Tan tap pase pi vit, si m te nan karantèn avè w

Cuarentena Contigo

Cuarentena, cuarentena
Cuarentena contigo, bebé
Cuarentena, cuarentena

Y si mañana ves el mundo
Dando vueltas por una enfermedad, sí, sí
Todas las puertas cerradas, no hay nadie
Que deba arriesgarse a salir a la calle, no
Preferiría que estuvieras conmigo
No puedo imaginarme sin ti, ni lejos, no, no
Incluso si no hay recursos
Yo me quedaría, pero

Si me preguntan, diría, ponme en cuarentena contigo
El tiempo pasaría más rápido, si estuviera en cuarentena contigo

Ouh, lo único que sé es que no te quejarías
Me aseguraría de que la casa no le falte nada
Le diría a tu familia que tu vida está en mis manos
Que te protegería con toda mi alma
Y aunque estuviéramos contagiados, es contigo que quiero estar pegado
No vale la pena separarnos en este caso

Si me preguntan, diría, ponme en cuarentena contigo
El tiempo pasaría más rápido, si estuviera en cuarentena contigo
Si me preguntan, diría, ponme en cuarentena contigo
El tiempo pasaría más rápido, si estuviera en cuarentena contigo

Cariño, ¿dónde estás? Ahí es donde estás

Oh oh oh
Oh oh oh

Ves en este momento (ahí es donde estás)
Oh, mira las tácticas que usan los hombres
No necesito decirlo (tú, tú, tú lo ves)
¡Mamá!

A mi lado, a mi lado
No hay problema, cariño, mientras estés a mi lado

Y pon el compás a sonar - aquí

Escrita por: