395px

Fè Makak [Carnaval 2020]

Roody Roodboy

Fè Makak [Kanaval 2020]

Yo yo
Papa Roodensley refè l ankò
E nou l ye, e nou, e nou l ye e pa yo

Pèp la fache pèp la dedouble
Li mande anraje
Paske l bezwen on lavi miyò

Jehova vin di yon mo pou nou
Prezidan Roody vin pale pou nou
Jehova vin di yon mo pou nou
Prezidan Roody vin pale pou nou

Peyi lòk biznis tout moun fout kanpe
Barikad yo tout kote
Pèsòn moun pa epanye nou nan chomaj oh
Nou lòk, menm lekòl pa fonksyone
S on bann san konsyans nou ye
Nou chita n ap radote pran pèp la pou makak oh

Nèg yo fè box nan paleman on bann makak k ap fè makak
Nèg yo tire nan paleman on bann makak k ap fè makak
Lage twalèt nan paleman on bann makak k ap fè makak
Yo san respè pou paleman on bann makak k ap fè makak

Wo fè makak yo fè nou fè makak
Way fè makak yo fè nou fè makak

Yo te pwomèt manje nan bòl on bann makak k ap fè makak
Yo te di kouran tap 24 sou 24 on bann makak k ap fè makak
Te pwomèt yo tap voye timoun lekòl on bann makak k ap fè makak
Yo te di yo pral mare vòlè petwo yo on bann makak k ap fè makak

Wo fè makak yo fè nou fè makak
Way fè makak yo fè nou fè makak

Lè w mete wòch nan men makak se tèt ou l kase
Lè w mete bwa nan men makak se tèt ou l kase
Lè w mete zam nan men makak se tèt ou l kase
Se tèt ou l kase

Manman pèdi pitit, pitit pèdi papa
Madanm pedi mari twòp masak mezanmi
Pou yon timoun ap sot lekòl oh
Ou touye l ak tout papa l oh, kriminèl

Twòp zam nan peyi a - mesye poze poze
Twòp gè nan peyi a - mesye poze poze
Twòp krim nan peyi a - mesye poze poze
Bay peyi a yon souf non mesye

Nou bezwen dezameman, nou bezwen sekirite
Mete tout bagay anlè pou n ka voye on siyal ale

Vire bay siyal la
Vire vire - bay nèg yo siyal la
Vire mayo
Vire kepi
Vire mouchwa
Vire drapo
Vire kaskèt
Mete tout bagay anlè

Rhum bakara chanpyon
Joker eletronik chanpyon
Lwil shell rotella chanpyon
Paryaj lakay chanpyon
Loto lakay chanpyon
Konplex cargo chanpyon
Moto tvs chanpyon
Woule woule voom voom
Bnc chanpyon
Nou gen richard store
Canez construction
Mache Ti Tony

Si w te ka koupe tout chèk mò yo
T ap gen bidjè pou w f on lopital oh
Si w te ka kanpe kontreban oh
T ap gen kob pou n konstwi lekòl oh

Pwoblèm yo la solisyon yo la

Si w te ka pran lajan l'ona pou w prete ak sa ki pi mal yo
Yo ta jwenn yon ti degaje
Konsa nou ta gen yon lòt klas mwayèn

Pwoblèm yo la solisyon yo la

Aba koripsyon
Aba vòlè
Si nou tout dakò mete de men n anlè
Kapote l a goch
Kapote l a dwat

Aba kidnaping
Aba enjistis
Si nou tout dakò leve de men n anlè
Kapote l a goch
Kapote l a dwat

Konbyen anbilans ki genyen nan peyi a
Mwen pa konnen non
Konbyen kamyon ponpye ki gen nan peyi a
Mwen pa konnen non
Lopital jeneral fanm ansent akouche atè
Andan Site Solèy timoun yo ap manje atè
Nou tèlman vin pi mal yo menm konpare n ak lanfè
Si n pa met tèt ansanm peyi n pap janm dekole

Reveye
Reveye konsyans nou
Reveye
Reveye moral nou
Reveye
Reveye bon sans nou
Reveye
Mesye fò n antann nou

Konbyen moun k ap mouri pou lajan lopital
Mwen pa konnen non
Konbyen moun matisan kap mouri anba bal
Mwen pa konnen non
Lopital jeneral fanm ansent akouche atè
Andan Site Solèy timoun yo ap manje atè
Nou tèlman vin pi mal yo menm konpare n ak lanfè
Si n pa met tèt ansanm peyi n pap janm dekole

Reveye
Reveye konsyans nou
Reveye
Reveye moral nou
Reveye
Reveye bon sans nou
Reveye
Mesye fò n antann nou

Ali baba - eya eya

Fè Makak [Carnaval 2020]

Yo yo
Papa Roodensley lo vuelve a hacer
Y aquí estamos, y aquí, y aquí estamos y no ellos

La gente está enojada, la gente se desdobla
Pide que se arme
Porque necesita una vida mejor

Jehová viene a decirnos una palabra
El presidente Roody viene a hablar por nosotros
Jehová viene a decirnos una palabra
El presidente Roody viene a hablar por nosotros

El país está loco, los negocios de todos están parados
Las barricadas están por todas partes
Nadie nos salva del desempleo oh
Estamos locos, ni las escuelas funcionan
Somos un grupo sin conciencia
Nos sentamos a repetir, tomando al pueblo por tontos oh

Los hombres hacen box en el parlamento, un grupo de tontos haciendo tonterías
Los hombres disparan en el parlamento, un grupo de tontos haciendo tonterías
Dejan el baño en el parlamento, un grupo de tontos haciendo tonterías
No tienen respeto por el parlamento, un grupo de tontos haciendo tonterías

Oh, hacen tonterías, nos hacen hacer tonterías
Way, hacen tonterías, nos hacen hacer tonterías

Prometieron comida en el plato, un grupo de tontos haciendo tonterías
Dijeron que la electricidad iba a ser 24/7, un grupo de tontos haciendo tonterías
Prometieron que enviarían a los niños a la escuela, un grupo de tontos haciendo tonterías
Dijeron que iban a atrapar a los ladrones de petróleo, un grupo de tontos haciendo tonterías

Oh, hacen tonterías, nos hacen hacer tonterías
Way, hacen tonterías, nos hacen hacer tonterías

Cuando le pones una piedra a un tonto, te rompes la cabeza
Cuando le pones un palo a un tonto, te rompes la cabeza
Cuando le pones un arma a un tonto, te rompes la cabeza
Te rompes la cabeza

Madre pierde a su hijo, hijo pierde a su padre
Esposa pierde a su marido, tanto masacre, amigos
Por un niño que sale de la escuela oh
Lo matas junto a su padre oh, criminal

Demasiadas armas en el país - señores, cálmense
Demasiadas guerras en el país - señores, cálmense
Demasiados crímenes en el país - señores, cálmense
Dale al país un respiro, señores

Necesitamos desarme, necesitamos seguridad
Pongamos todo en orden para enviar una señal

Gira la señal
Gira, gira - dale a la gente la señal
Gira la camiseta
Gira la gorra
Gira el pañuelo
Gira la bandera
Gira la gorra
Pon todo en orden

Rhum bakara campeón
Joker electrónico campeón
Aceite shell rotella campeón
Apuestas en casa campeón
Loto en casa campeón
Complejo cargo campeón
Moto tvs campeón
Rueda, rueda, voom voom
Bnc campeón
Tenemos Richard store
Canez construcción
Camina Ti Tony

Si pudieras cortar todos los cheques de muerte
Tendríamos presupuesto para hacer un hospital oh
Si pudieras detener el contrabando oh
Tendríamos dinero para construir escuelas oh

Los problemas están, las soluciones están

Si pudieras tomar el dinero de Lona para prestarle a los peores
Encontrarían una pequeña salida
Así tendríamos otra clase media

Los problemas están, las soluciones están

Abajo la corrupción
Abajo los ladrones
Si todos estamos de acuerdo, levantemos las manos
Derribémoslo a la izquierda
Derribémoslo a la derecha

Abajo el secuestro
Abajo la injusticia
Si todos estamos de acuerdo, levantemos las manos
Derribémoslo a la izquierda
Derribémoslo a la derecha

¿Cuántas ambulancias hay en el país?
No sé, no
¿Cuántos camiones de bomberos hay en el país?
No sé, no
Hospital general, mujeres embarazadas dan a luz en el suelo
Dentro de Cité Soleil, los niños comen en el suelo
Estamos tan mal que nos comparan con el infierno
Si no unimos fuerzas, nuestro país nunca despegará

Despierta
Despierta nuestra conciencia
Despierta
Despierta nuestra moral
Despierta
Despierta nuestro sentido común
Despierta
Señores, tenemos que entendernos

¿Cuántas personas están muriendo por el dinero del hospital?
No sé, no
¿Cuántas personas están muriendo bajo las balas?
No sé, no
Hospital general, mujeres embarazadas dan a luz en el suelo
Dentro de Cité Soleil, los niños comen en el suelo
Estamos tan mal que nos comparan con el infierno
Si no unimos fuerzas, nuestro país nunca despegará

Despierta
Despierta nuestra conciencia
Despierta
Despierta nuestra moral
Despierta
Despierta nuestro sentido común
Despierta
Señores, tenemos que entendernos

Ali baba - eya eya

Escrita por: