Lavi America
Yo yo yo
It's Roody Roodboy
Gwo Bout Mizik Empire
Nan peyi'm m'pat vle rete
Etazini mwen te monte
Lavi miyò m'tal chèche poutan m'echwe
Lavi America se pa on bagay fasil
(Sa'k te voye'w)
Travay America se pa on bagay fasil
(Sa'k te voye'w)
Al lekòl America se pa on bagay fasil
(Sa'k te voye'w)
Byen vire America se pa on bagay fasil
(Sa'k te voye'w)
Lè mwen te fenk debake
Tout fanmi mwen t'ap fete
Yo te pran'm pou ti bondye
Y'ap adore mwen
Lè gen de mwa k'finn pase
Yo mande'm kilè'm prale
Yo kòmanse imilye'm
Y'ap repouse mwen
Kite'm nan kay la san manje
M'pi lèd pase koukou
Tcheke patnè'm adwat agoch
M'ap chache bras m'ap chache kou
Chak tan lepè a gade'm
Se komsi'l di'm: Al fè wout ou
Pou valè bill li gen pou'l peye
Li pap vinn met apse sou klou
Lavi America se pa on bagay fasil
(Sa'k te voye'w)
Travay America se pa on bagay fasil
(Sa'k te voye'w)
Al lekòl America se pa on bagay fasil
(Sa'k te voye'w)
Byen vire America se pa on bagay fasil
(Sa'k te voye'w)
Poste foto sou Facebook
Fè moun konnen m'ap byen pase
Poutan ti trip ap manje gwo trip
M'preske trepase
M'telman gen pwoblèm
M'santi lespri mwen trakase
M'santi m'pèdu valè'm
M'ap mal pase
Plede manje manje dòmi
Nan salon m'ap dòmi
M'tankou yon momi
Haiti m'sonje manmi
America pa gen zanmi
Li pa gen fanmi
Si'w pa gen backup
Depi anlè'w deja kanni
Fatherby rele'm li di'm fò'm degaje'm
Jwenn yon bèl ti fanm nan peyi blan pou'm marye
Men fòk m'veye'm paskel ka pyeje'm
Ak yon child support li kapab fon jan'l kondane mwen
Lavi America se pa on bagay fasil
(Sak te voye'w)
Travay America se pa on bagay fasil
(Sak te voye'w)
Al lekol America se pa on bagay fasil
(Sak te voye'w)
Byen vire America se pa on bagay fasil
(Sak te voye'w)
Lè mwen rive America mwen te panse m'nan paradi
Reyalite a vinn frape'm mwen wè kijan lavi a di
Sa m'patap janm fè Haiti, se yo m'ap fè Miami
Lave veso, pase mòp
Epi on vye blan ap ban'm dan di
M'rele ohhh
Mwen pa robo gad jan m'ap bourike
M'kriye ohhh
Se la pou ye pou wè tray m'ap pase
Haiti m'sonje ou
Se sikonstans ki fè mwen lwen'w
Haiti m'sonje ou
Kanmèm yon jou fò'm retounen
Lavi America se pa on bagay fasil
Travay America se pa on bagay fasil
Al lekòl America se pa on bagay fasil
Byen vire America se pa on bagay fasil
La Vida en América
Yo yo yo
Soy Roody Roodboy
Gwo Bout Mizik Empire
En mi país no quería quedarme
A Estados Unidos vine a llegar
Buscando una vida mejor, pero fracasé
La vida en América no es nada fácil
(¿Qué te mandó?)
Trabajar en América no es nada fácil
(¿Qué te mandó?)
Ir a la escuela en América no es nada fácil
(¿Qué te mandó?)
Hacer las cosas bien en América no es nada fácil
(¿Qué te mandó?)
Cuando apenas llegué
Toda mi familia celebraba
Me tomaron por un dios
Me adoraban
Pero después de dos meses
Me preguntan cuándo me voy
Comienzan a humillarme
Me empujan lejos
Déjame en la casa sin comida
Estoy más feo que un gallo
Revisando a mi pareja de un lado a otro
Buscando brazos, buscando golpes
Cada vez que el jefe me mira
Es como si me dijera: Ve a hacer tu camino
Por el valor de la cuenta que tiene que pagar
No va a venir a ponerme en clavos
La vida en América no es nada fácil
(¿Qué te mandó?)
Trabajar en América no es nada fácil
(¿Qué te mandó?)
Ir a la escuela en América no es nada fácil
(¿Qué te mandó?)
Hacer las cosas bien en América no es nada fácil
(¿Qué te mandó?)
Publicando fotos en Facebook
Haciendo que la gente sepa que estoy bien
Mientras mi estómago se come mi gran tripa
Casi me muero
Tengo tantos problemas
Siento que mi mente está estresada
Siento que he perdido mi valor
La estoy pasando mal
Pidiendo comida, comiendo y durmiendo
En la sala estoy durmiendo
Soy como una momia
Haití, recuerdo a mi madre
América no tiene amigos
No tiene familia
Si no tienes respaldo
Desde arriba ya estás jodido
Fatherby me llama y me dice que me busque
Encuentra una bonita mujer en el país blanco para casarme
Pero tengo que cuidarme porque puede engañarme
Con un child support puede arruinarme
La vida en América no es nada fácil
(¿Qué te mandó?)
Trabajar en América no es nada fácil
(¿Qué te mandó?)
Ir a la escuela en América no es nada fácil
(¿Qué te mandó?)
Hacer las cosas bien en América no es nada fácil
(¿Qué te mandó?)
Cuando llegué a América pensé que estaba en el paraíso
La realidad me golpeó, vi lo dura que es la vida
Lo que nunca hice en Haití, lo hago en Miami
Lavando platos, pasando el trapo
Y un viejo blanco me está dando órdenes
Grito ohhh
No soy un robot, mira cómo estoy sufriendo
Grito ohhh
Es aquí donde estoy, para ver el sufrimiento que paso
Haití, te recuerdo
Son las circunstancias las que me alejan de ti
Haití, te recuerdo
Igual algún día tengo que regresar
La vida en América no es nada fácil
Trabajar en América no es nada fácil
Ir a la escuela en América no es nada fácil
Hacer las cosas bien en América no es nada fácil