Pou Demen (feat. Règleman Afè Popilè)
Lanjelis gen sekrè l
Mèt minui pa gen zanmi
Nuit nou yo marye ak van
Tete manman sevre zanj li
Douvanjou gen sekrè l
Lawouze se sèl zanmi n
Demen n a louvri je n anfas solèy
Enspirasyon sensè powèm frajil gospel doulè
Akò nan malè bonè lavi se jwenn koulè
Kè kontan m s on kagoul yon lach k ekriti demaske
Pitit solèy labou bay tach k ap tann lapli pou repare l
Ri melodi tris refren dousè vwa lesivyè
Rime lavi m plis temwen pousyè m fè lesiv lè
Eko kè m krispe kòlè m anpyete sou tandrès mwen
Defo k fè m puiske ògèy mwen sere flè feblès mwen
Se di pou m esplike m leve epe m kòm siy lapè
M livre gè m mizik ki jwe se senfoni yon briz lejè
Danse sou fo nòt nan kontre tan kouplè m andomaje
San alterasyon konfwonte pè m mwen pran l an do majè
Ritmik vyolan menm lib tankou m te Louis Armstrong
Kritik do m pran menm viv pran kou fè m vin pi strong
Se vre plen jij chak jou k ap tante fè m moral men
Anvan m chante m chèche konn vwa k ap fè bas nan koral mwen
Nou kaskad e tate takle n pran on sèl so
Nou ka scat e rape tande n concerto
Leta bay ti grapday avegle bon sans yo
Tout batay atizay e frape konsyans yo
Anfèt n ap kreye pou n reziste
Rezistans nouri kreyasyon n sèl patisyon n egzekite
Nou swete kite aksyon nou kòm metwonòm
Tempo kakofoni epòk k ap chante mal nan mikwofòn
Lapli lave doulè n
Yon rivyè san koule
Lakansyèl detenn sou pye
Tablo n yo san koulè
Lapli lave malè n
Sous lavi nou seche
Dèyè mòn gen mòn
Dèyè mòn gen moun
Tan an ap defile, anyen pa chanje
Zegwi ap file, men sikatris yo pa pyese
Se toujou menm kri, menm bri kout kròs fizi
Se toujou menm li, sou menm liy, mwen gwòs lavi
Syèl la tou gri, men m ap fòse konte zetwal
P ap benyen nan san m, pòch gòch mwen
G on moso twal ki koulè san m
Ki konte konbyen paj ki gen nan liv lavi bosal
Kenbe l kòm eritaj, konte istwa lavi bosal
Fè chwa pou manje viv, lavi pa fouti devaste
Fouye simityè liv, tonbe sou Baron De Vastey
Demen! S on bèl rekèy powèm, Leta pa prefase
Pa pè fouye pase, touye jodi, pou demen souri
Pa pè pwoche, pase men sou po l, pou mak pa m efase
Deja fè vèy li, nou nan dènye jou, rasanble, soufle banbou
Kase ti bwa nan zòrèy mwen, pa toumante somèy mwen
Kite m pran bèl plezi nan gouyad yon tanbou
Demen dw on bèl zèv, yon gwo rèv, yon bèl itopi
M vle wè plis Inosans timoun k ap bouyi toupi
Kite m vanse sou wout mwen, bourik chaje pa kanpe
Pa kouri pou move tan, m jis pa vle twò ta bare m
Kabare m chaje, prese pou m al bay sa m te pran
Mwen pa gen nen Leta, konnen viv dwe eksitan
Nou kaviv byennèt la, ni nan kò ni nan panse n
Lapli lave doulè n
Yon rivyè san koule
Lakansyèl detenn sou pye
Tablo n yo san koulè
Lapli lave malè n
Sous lavi nou seche
Dèyè mòn gen mòn
Dèyè mòn gen moun
Se pou chak lide nou twoke
Chak chay nou pote
Prensip ki sèvi n toke
Se pou fòs ki fè n sipòte
Se pou chak makout nou kwoke
Chak kote n paka rive
Pou Chak wout nou debloke
Se Pou chak sa k pral rive
Se pou chak zak nou poze
Chak sa nou oze
Se pou solèy, se pou limyè
Se pou chak tò nou koze
Pou chak flè k depoze
Chak sa k opoze
Pou lavi, pou demen
Se lanmou n pwopoze
Se pou chak vi k ekspoze
Avni k eksploze
Nou pap fè lajan
N fè pitit
Se pa pou do n repoze
Se pou chak souri n pwovoke
Pou chak moun nou choke
Chak espri n envoke
Pou chak bon souvni n estoke
Se pou chak zepòl ki kole
Chak vizyonè nou kwaze
Chak pwojè lavi ki kale
Se pou chak konplo ki kraze
Se pou chak sòlda ki kote n
Pou chak fwa nou woke
Chak aderan ki koute n
Se vwa tout yon pèp k ap wouke
Se pou chak sè, chak frè, chak jèn ki bouke
Pou chak tchovi, chak fanm, chak rèv ki jouke
Chak pwen ki leve, chak tèt ki souke
Chak clan, chak gang , chak dread lapolis fouke
Lavi s on konba, se pou sila yo k pi fèb E
Se pou chak malere k ap bat dlo pou fè bè
Se pou sila k ap viv mal, men k ap fè byen
Sa k san lavwa o chapit, men zak yo pale fen e byen
Yon fenèt sou lavni
Pou byennèt
Pou lavi
Kwa senbo
Kwa lakwa
Rezon pèp se lalwa
Demen s on pi bèl liv
Pou n nouri
Pou n konstwi
N ap wete mò pou n mete mo
N ap jete dlo
N ap kenbe do
Mañana (feat. Règleman Afè Popilè)
Los ángeles tienen su secreto
A medianoche no hay amigos
Nuestras noches se casan con el viento
La cabeza de mamá amamanta a su ángel
Mañana tendrá su secreto
La lluvia es nuestra única amiga
Mañana abriré mis ojos ante el sol
Inspiración sincera, poema frágil, gospel de dolor
Acuerdo en la desgracia, la felicidad de la vida es encontrar color
Mi corazón es un capullo, un llanto que revela
El hijo del sol, el barro deja manchas que esperan la lluvia para repararse
Ríe, melodía triste, estribillo dulce, voz de lavandería
Rima mi vida, más testigo, el polvo hace la colada
El eco de mi corazón tenso, mi ira se apodera de mi ternura
Defecto que me hace, ya que mi orgullo guarda la flor de mi debilidad
Es decir, para explicarme, levanto mi espada como signo de paz
Entrego mi guerra, la música que suena es la sinfonía de una brisa ligera
Bailo sobre notas falsas en un tiempo que me ha dañado
Sin alteración, enfrento mi miedo, lo tomo en un do mayor
Ritmo violento, tan libre como si fuera Louis Armstrong
Las críticas me golpean, pero vivir me hace más fuerte
Es cierto, cada día hay jueces que intentan hacerme moral
Pero antes de cantar, busco conocer la voz que hace eco en mi coral
Nosotros, cascada y tate, tomamos un solo salto
Podemos scat y rape, escúchenos en un concierto
El estado da pequeños golpes ciegos a los buenos sentidos
Toda batalla es arte y golpea sus conciencias
De hecho, creamos para resistir
Nuestra resistencia nutre nuestra creación, única partición que ejecutamos
Esperamos dejar nuestras acciones como un metrónomo
Tempo de la cacofonía de una época que canta mal en el micrófono
La lluvia lava nuestro dolor
Un río sin fluir
El arcoíris se detiene en los pies
Nuestros cuadros están sin color
La lluvia lava nuestra desgracia
Nuestra fuente de vida se seca
Detrás de montañas hay montañas
Detrás de montañas hay gente
El tiempo avanza, nada cambia
La aguja se afila, pero las cicatrices no duelen
Siempre el mismo grito, el mismo ruido de un disparo
Siempre lo mismo, en la misma línea, yo, la vida me pesa
El cielo está gris, pero me esfuerzo por contar estrellas
No me bañaré en mi sangre, mi bolsillo izquierdo
Es un trozo de tela que es color de mi sangre
Que cuenta cuántas páginas hay en el libro de la vida de un buey
Guárdalo como herencia, cuenta la historia de la vida de un buey
Elige comer para vivir, la vida no puede devastar
Excava en el cementerio de libros, cae sobre Baron De Vastey
¡Mañana! Es un hermoso compendio de poemas, el estado no lo preface
No temas excavar el pasado, matar el presente, para que mañana sonría
No temas acercarte, pasa la mano sobre su piel, para que mi marca no se borre
Ya he hecho su vigilia, estamos en los últimos días, reúnanse, soplen el bambú
Rompe la pequeña madera en mis oídos, no atormentes mi sueño
Déjame disfrutar del bello placer en el ritmo de un tambor
Mañana será una hermosa obra, un gran sueño, una bella utopía
Quiero ver más inocencia en los niños que están hirviendo en su propio juego
Déjame avanzar por mi camino, el burro cargado no se detiene
No corras por el mal tiempo, solo no quiero que sea demasiado tarde para mí
Mi cabaret está lleno, apúrate a dar lo que tomé
No tengo el estado, sé que vivir debe ser emocionante
Vivimos el bienestar, ni en cuerpo ni en pensamiento
La lluvia lava nuestro dolor
Un río sin fluir
El arcoíris se detiene en los pies
Nuestros cuadros están sin color
La lluvia lava nuestra desgracia
Nuestra fuente de vida se seca
Detrás de montañas hay montañas
Detrás de montañas hay gente
Es por cada idea que intercambiamos
Cada carga que llevamos
Principio que nos sirve de toque
Es por la fuerza que nos hace soportar
Es por cada golpe que colgamos
Cada lugar al que no podemos llegar
Por cada camino que desbloqueamos
Es por cada cosa que va a suceder
Es por cada acción que tomamos
Cada cosa que nos atrevemos
Es por el sol, es por la luz
Es por cada error que hemos hablado
Por cada flor que se deposita
Cada cosa que se opone
Por la vida, por mañana
Es el amor que proponemos
Es por cada vida que se expone
Futuro que explota
No haremos dinero
Tendremos hijos
No es para descansar nuestra espalda
Es por cada sonrisa que provocamos
Por cada persona que ahogamos
Cada espíritu que invocamos
Por cada buen recuerdo que almacenamos
Es por cada hombro que se une
Cada visionario que cruzamos
Cada proyecto de vida que florece
Es por cada complot que se rompe
Es por cada soldado que está con nosotros
Por cada vez que despertamos
Cada seguidor que nos escucha
Es la voz de todo un pueblo que se mueve
Es por cada hermana, cada hermano, cada joven que está cansado
Por cada tonto, cada mujer, cada sueño que se une
Cada punto que se levanta, cada cabeza que se sacude
Cada clan, cada pandilla, cada dread que la policía golpea
La vida es una lucha, es para los más débiles
Es por cada pobre que bate agua para hacer mantequilla
Es por aquellos que viven mal, pero hacen el bien
Los que sin voz en el capítulo, pero sus acciones hablan bien y claro
Una ventana hacia el futuro
Para el bienestar
Para la vida
Cruz de símbolo
Cruz de carga
La razón del pueblo es la ley
Mañana es un libro más bello
Para nutrirnos
Para construir
Quitaremos la muerte para poner palabras
Tiraremos agua
Mantendremos la espalda