Nou Fake
Nou tout ap Fè sanblan nou byen men nou mal
Nou bay vizaj moun ki ge men o fon nou kal
Figi nou make jwa men andan nou pal
Nou santi bon byen abiye men andan nou sal
Mond lan vin tèlman fake je donne raison à qui vit seul
Pa gen koup ki solid tout mare a ti fisèl
Ou pa konn ki fanm ki pa bon tout gen vizaj a ti pucelle
Pa gen moun ki vrè tout moun atifisyèl
Nou pito envante on vi pito n afiche nou jan n ye a
Bay tet nou manti olye nou pran lavi jan l ye a
Pa gen nou youn ki pou chanjman
Donk nou chak chwazi yon klan
Nou youn pa vle onèt donk nou chak chwazi yon plan
Tout moun vle lapè men ki moun ki fè premye pa a hein
Tout moun vle ede ki moun ki leve premye bra hein
Tout moun vle pataje men ki moun ki bay premye pla hein
Kile nap gen kran pou n di se nou k fè premye ka hein
Lanmou nou fake
Aparans nou fake
Souri nou fake
Wi nou tout fake
Nou tout gen kè nan men men n pap separe lè se pa nou
Annik chita n toujou wè sa n ta fè lè se pa nou
Pa gen moun ki onèt, pa gen moun ki vrè
Figi nou tout makiye pa gen moun ki fyè
Je nou tout kale men pa gen moun ki wè
Mond nan ap depafini men pa gen moun ki care
Nou tout ap viv nan manti nou programe kon PC
Aparans nou fo e pèsonalite n konprese
On se voile la face e pa gen moun ki konfese
Nou pè jijman lòt lè n san makiyaj nou konplekse
Lè figi w pa gen make up ou pa gen fo zong
Ou pa gen fo cheve ou twouve ou lèd
Lè w pa twouve w twò nwè ou pa gen bouda
Le w pa twouve w two gwo ou twouve ou meg
Men se pa fòt nou se fòt sosyete a
Ou santi w pi fo pou w preche fo de sa w swete a
Nou pa fyè de sa nou ye nou kache dèyè maskara
Nou tèlman pè jijman lòt nou sanble yon bann maskarad
Nou pa fyè de jan nap viv nou parèt ak yon lòt klas
N ap chanje koulè nou pou n sanble ak yon lòt ras
Yo pa konn ki moun nou ye koz nou parèt a yon lòt plas
Nou pa gen idantite chak jou n parèt a yon lòt fas
Pa gen moun ki onèt, pa gen moun ki vrè
Figi nou tout makiye pa gen moun ki fyè
Je nou tout kale men pa gen moun ki wè
Mond nan ap depafini men pa gen moun ki care
No Falsos
Nadie está haciendo el papel, estamos bien pero mal
Ponemos cara de gente que está bien, pero por dentro estamos mal
Nuestras caras sonrisas, pero por dentro estamos en pena
Nos vemos bien vestidos, pero por dentro estamos sucios
El mundo se ha vuelto tan falso, le doy la razón a quien vive solo
No hay parejas sólidas, todo está atado con un hilo
No sabes qué mujer no es buena, todas tienen cara de inocente
No hay nadie verdadero, todos son artificiales
Preferimos inventar una vida, mejor que mostrar cómo somos
Nos mentimos a nosotros mismos en lugar de vivir la vida como es
No hay ninguno de nosotros que quiera el cambio
Así que cada uno elige un bando
Ninguno quiere ser honesto, así que cada uno elige un plan
Todos quieren paz, pero ¿quién da el primer paso, eh?
Todos quieren ayudar, ¿quién levanta el primer brazo, eh?
Todos quieren compartir, ¿quién da el primer plato, eh?
¿Cuándo tendremos el valor de decir que somos los que hacemos el primer acto, eh?
Nuestro amor es falso
Nuestra apariencia es falsa
Nuestra sonrisa es falsa
Sí, todos somos falsos
Todos tenemos el corazón en la mano, pero no nos separamos si no somos nosotros
Solo sentémonos y siempre veremos lo que haríamos si no somos nosotros
No hay nadie honesto, no hay nadie verdadero
Nuestras caras están maquilladas, no hay nadie que esté orgulloso
Nuestros ojos están cansados, pero nadie lo ve
El mundo se está desmoronando, pero a nadie le importa
Todos vivimos en mentiras, estamos programados como una PC
Nuestra apariencia es falsa y nuestra personalidad está comprimida
Nos cubrimos la cara y nadie confiesa
Tememos el juicio de los demás, cuando estamos sin maquillaje nos sentimos complejos
Cuando tu cara no tiene maquillaje, no tienes uñas falsas
No tienes pelo falso, te ves feo
Cuando no te ves muy negro, no tienes trasero
Cuando no te ves muy gordo, te ves flaco
Pero no es nuestra culpa, es culpa de la sociedad
Te sientes más fuerte para predicar lo que deseas
No estamos orgullosos de lo que somos, nos escondemos detrás del rímel
Tememos tanto el juicio de los demás que parecemos un grupo de payasos
No estamos orgullosos de cómo vivimos, aparecemos con otra clase
Cambiamos de color para parecer de otra raza
No saben quiénes somos, porque aparecemos en otro lugar
No tenemos identidad, cada día aparecemos con otra cara
No hay nadie honesto, no hay nadie verdadero
Nuestras caras están maquilladas, no hay nadie que esté orgulloso
Nuestros ojos están cansados, pero nadie lo ve
El mundo se está desmoronando, pero a nadie le importa.