395px

No Me Ahogaré

Zafèm

M Pap Ka Neye

M pap ka neye
Bato a pap koule
M pap ka neye
Menm lè lanmè move
Gen anpil nesesite o
Kilès k ap vin ede
Tèlman gen nesesite
M pa ka menm rakonte

Se nou k gen gouvènay la
M pap ka neye
Bato nou pap koule
Bato a pap koule

M pap ka neye
Menm lè lanmè move
Gen anpil nesesite o
Kilès k ap vin ede
Tèlman gen nesesite
M pa ka menm rakonte

Konpreyansyon se yon gwo koze
Li ka elimine anpil tèt chaje
Gen moun k ap viv avè w
K pap janm pale
Fòk ou al chèche
Pou konnen kòt verite yo ye

Ou ka mande mesye Jowèl si ou vle
Si ou vle si ou vle
Ou ka madan Jowèl si ou vle
Si ou vle si ou vle

Mwen konn wè sa rive nan anpil fanmi
Madanm ak mouche avèk menm zanmi
Ou ka wè dan deyò men se ak gwo efò
Epi ofon yo ka tòdye tou pre trepase
Si w kwè m manti mande ale mande

Ou ka mande mesye Jowèl si ou vle
Si ou vle si ou vle
Ou ka madan Jowèl si ou vle
Si ou vle si ou vle

Sa vle di w wè l si w gen pouvwa pou fè l
Ou pa bezwen kite moun mande
Si w wè nesesite
Wòl tout vèditè
Se kole zepòl
Lè nou fin fè lacharite
Pa pale
Mòdòd la se toujou pataje
Li pap chanje

Se pou mizik sa fè m sonje
Pou m toujou pataje

Douvan

Lagon w moso pen nan larivyè ya
Yon pwason ap pote l bò w bò lanmè a
Yela yaya

Tout bon tan move tan se pou yon tan
Fòk nou sonje sa
E si jou yo souri ba w
Fò w gen gratitid pou sa
Ou pap ka bon moun pou tout moun
Se pa tout moun ki youn

Ooooooo
Ooooooo
Si w te konn valè fòs ki nan ou
Ooooooo

Yo toujou di mande ya va ba ou
Men w ka merite yo pa gen pou ou
Sonje ou pap mete pou sa
Sonje ou pap mete pou sa
Se pa tout moun ki alèz nan ranpe
Lè w gon w byen pou fè
Piga w demake ou ka jwenn
Kontantman nan sa
Kontantman nan sa

Ann fè mesaj la pase
Ann fè l pase
Tyenbe tyenbe
Tyenbe tyenbe
Lalalalalala

Yo toujou di mande ya va ba ou
Men w ka merite yo pa gen pou ou
Sonje ou pap mete pou sa
Sonje ou pap mete pou sa
Se pa tout moun ki alèz nan ranpe
Lè w gon w byen pou fè
Piga w demake genyen
Lakontantman nan sa
Ou ka jwenn kontantman nan sa

Ann fè mesaj la pase
Ann fè l pase
Tyenbe tyenbe
Tyenbe tyenbe
Lalalalalala
Hey hey

Fòs

Tout sak santi yanba dlo
Santi pèsòn pa sonje yo

No Me Ahogaré

No me ahogaré
El barco no se hunde
No me ahogaré
Incluso cuando el mar esté bravo
Hay mucha necesidad aquí
¿Quién vendrá a ayudar?
Tanta necesidad
Que ni siquiera puedo contar

Ustedes son los que tienen el gobierno
No me ahogaré
Nuestro barco no se hunde
El barco no se hunde

No me ahogaré
Incluso cuando el mar esté bravo
Hay mucha necesidad aquí
¿Quién vendrá a ayudar?
Tanta necesidad
Que ni siquiera puedo contar

La comprensión es un gran tema
Puede eliminar muchos problemas
Hay personas que viven contigo
Que nunca hablarán
Tienes que ir a buscar
Para saber dónde están las verdades

Puedes preguntarle al señor Jowèl si quieres
Si quieres, si quieres
Puedes preguntarle a doña Jowèl si quieres
Si quieres, si quieres

He visto esto pasar en muchas familias
Esposa y amigos con el mismo grupo
Puedes ver los dientes afuera, pero es con gran esfuerzo
Y a menudo pueden torcerse cerca de la muerte
Si crees que miento, pregunta, pregunta

Puedes preguntarle al señor Jowèl si quieres
Si quieres, si quieres
Puedes preguntarle a doña Jowèl si quieres
Si quieres, si quieres

Eso significa que lo ves si tienes el poder para hacerlo
No necesitas dejar que la gente pregunte
Si ves la necesidad
El rol de todos los verdaderos
Es unir fuerzas
Cuando terminamos de hacer caridad
No hables
La forma de ser es siempre compartir
No cambiará

Que esta música me recuerde
Que siempre debo compartir

Delante

El lago es un pedazo de pan en el río
Un pez lo lleva hacia ti, hacia el mar
Allí, yaya

Todo el mal tiempo es por un tiempo
Debemos recordar eso
Y si los días te sonríen
Debes tener gratitud por eso
No puedes ser bueno para todos
No todos son uno

Ooooooo
Ooooooo
Si supieras el valor de la fuerza que hay en ti
Ooooooo

Siempre dicen que pidas y te darán
Pero puedes merecerlo y no tenerlo
Recuerda que no lo vas a poner
Recuerda que no lo vas a poner
No todos están cómodos en la lucha
Cuando tienes algo bueno que hacer
No te desanimes, puedes encontrar
La felicidad en eso
La felicidad en eso

Hagamos que el mensaje pase
Hagámoslo pasar
Tyenbe tyenbe
Tyenbe tyenbe
Lalalalalala

Siempre dicen que pidas y te darán
Pero puedes merecerlo y no tenerlo
Recuerda que no lo vas a poner
Recuerda que no lo vas a poner
No todos están cómodos en la lucha
Cuando tienes algo bueno que hacer
No te desanimes, puedes encontrar
La felicidad en eso
Puedes encontrar felicidad en eso

Hagamos que el mensaje pase
Hagámoslo pasar
Tyenbe tyenbe
Tyenbe tyenbe
Lalalalalala
Hey hey

Fuerza

Todo lo que siente debajo del agua
Siente que nadie los recuerda

Escrita por: