Lanmou Pa Kon'n Dyaspora
Lavi sa a se yon flanm nan yon lanp plen gaz
Si w' pa boule gason m' konnen w' pase raz
Istwa yon dyaspora k'antre an ayiti
Nan blakawout fènwa l' rankontre on bb
Lanmou anvayi
Li retounen New-York fè taxi blòk an blòk
Fò l' travay voye chèche bebi li te gentan pa ka viv san li
Maryaj pwopoze (o o) paran aksepte
Lanmou pa gen moman Pangpangpandan! Sabor!
Se pa tout lè big bang vle di kè kontan
Fò w' ta blese nan lang anvan w' konn gou san
Rezidans aplike U.S. apwouve
Kou manmzèl vwayaje tout bagay chanje, li mande kite (oouh)
Dyaspora fin fou kriye toupatou
Manmzèl ki g'on mennaj ayiti bagay pou kriye se ri w'ap ri
Divòs pa lapòs avoka sèl bòs
Nan bagay sa nou nan zenglen nou di lanmou pa konn diaspora
Al konn sa k nan renmen pou kè w' pa fè lafimen
Lanmou fè kè du bien, konsa l' fè kè senyen
Al konn sa k nan renmen pou kè w' pa fè lafimen
Lanmou fè kè du bien, konsa l' fè kè senyen
Ayyy! Jènjan Ayiti toujou di djaspora anpeche l' gen fanm
Djaspora ka bay tout lajan, fè kè paran kontan
Men cependant yo pa konnen
Jan djaspora yo ka trennen
Lajan ka kreye you stabilité
Lanmou toujou triomphé, nou tande
Al konn sa k nan renmen pou kè w' pa fè lafimen
Lanmou fè kè du bien, konsa l' fè kè senyen
Al konn sa k nan renmen pou kè w' pa fè lafimen
Lanmou fè kè du bien, konsa l' fè kè senyen
Ayyy! Poukisa n' toujou pran kou
Lè nou tonbe damou?
Lè yo mande n' sak lanmou
Nou di siwo myèl, rapadou
Nan lanmou gen St-Valentin
Konsa tou gen St-Kaseren
Si w' t vle kè w' sispann fè lafimen
Aprann konn sak nan renmen
W'a pi byen
Al konn sa k nan renmen pou kè w' pa fè lafimen
Men kompa
Bon nou menm nan Zenglen, nou pa vle moun rele n' DyasPora
Kijan yo rele n' ti mesye?
Rele n' Pora nan jazz la (that's ok)
Se sou pora n' chita
Twòp kou, ou wè mwen menm si m' pat gen kè m' te fou
Lanmou pa konn diaspora
Lanmou pa konn diaspora
Lanmou pa konn diaspora
Lanmou pa konn diaspora
Lanmou ka dous des fois
Des fois l' san fois ni loi
Li pa care si w' blanc si w' nwa
Lanmou pa konn ni règ ni wa
M' pa ta di w' pou diaspora (Lanmou pa konn diaspora)
M' pa ta di w' pou Jean Herard Richard (Lanmou pa konn diaspora)
M' pa ta di w' pou Karim Bazaka (Lanmou pa konn diaspora)
Alevwa pou Gracia Delva
Ebyen pora, reziyen w', medam pora yo pran kou tou wi anh
Tèt chaje
El Amor No Conoce Diáspora
La vida es una llama en una lámpara llena de gas
Si no ardes, chico, sé que estás aburrido
La historia de una diáspora que llega a Haití
En un apagón oscuro se encuentra con una bb
El amor invade
Regresa a Nueva York, hace taxi de bloque en bloque
Tiene que trabajar, buscar a su bebé, ya no puede vivir sin ella
Propuesta de matrimonio (oh oh) los padres aceptan
El amor no tiene momento Pangpangpandan! ¡Sabor!
No siempre el big bang significa felicidad
Tienes que herirte en la lengua antes de saber a sangre
Residencia aplicada, EE.UU. aprueba
Como ella viaja, todo cambia, pide que la dejen (oouh)
La diáspora ha gritado por todas partes
Ella que tiene un novio en Haití, hay razones para llorar, es risa lo que hay
Divorcio no es correo, abogado solo un jefe
En este asunto estamos en Zenglen, decimos que el amor no conoce diáspora
Ve a conocer lo que hay en el amor para que tu corazón no haga humo
El amor hace bien al corazón, así hace que sangre
Ve a conocer lo que hay en el amor para que tu corazón no haga humo
El amor hace bien al corazón, así hace que sangre
Ayyy! Los jóvenes de Haití siempre dicen que la diáspora les impide tener mujeres
La diáspora puede dar todo el dinero, hacer feliz a los padres
Pero sin embargo no saben
Cómo la diáspora puede arrastrar
El dinero puede crear una estabilidad
El amor siempre triunfa, lo escuchamos
Ve a conocer lo que hay en el amor para que tu corazón no haga humo
El amor hace bien al corazón, así hace que sangre
Ve a conocer lo que hay en el amor para que tu corazón no haga humo
El amor hace bien al corazón, así hace que sangre
Ayyy! ¿Por qué siempre nos golpeamos
Cuando caemos en el amor?
Cuando nos preguntan qué es el amor
Decimos miel, rapadou
En el amor hay San Valentín
Así también hay San Casimiro
Si quieres que tu corazón deje de hacer humo
Aprende lo que hay en el amor
Te irá mejor
Ve a conocer lo que hay en el amor para que tu corazón no haga humo
Pero kompa
Bueno, nosotros en Zenglen, no queremos que nos llamen Diáspora
¿Cómo nos llaman, chicos?
Llámanos Pora en el jazz (está bien)
Es sobre Pora que nos sentamos
Demasiados golpes, ves que aunque no tuviera corazón, estaba loco
El amor no conoce diáspora
El amor no conoce diáspora
El amor no conoce diáspora
El amor no conoce diáspora
El amor puede ser dulce a veces
A veces no tiene fe ni ley
No le importa si eres blanco o negro
El amor no conoce reglas ni reyes
No te diría por la diáspora (El amor no conoce diáspora)
No te diría por Jean Herard Richard (El amor no conoce diáspora)
No te diría por Karim Bazaka (El amor no conoce diáspora)
Adiós a Gracia Delva
Bueno Pora, resígnate, las damas Pora también se golpean, sí anh
Cabeza llena