Konbit Pou Lapenn
Avan soley la fin leve lawouze potko fin tonbe
Sou mwen yon bout chòt chire m’ pral nan jaden m’ pral plante
M’ gen timoun pou m’ edike e lekòl yo pap peye si m’ chita
On djakout nan do m’, on sèpèt ak on katchapika
Nou nan sezon lapli m’ g’on ti plan melon m’ met nan tè
Wè si m’a rekolte ane pase se te men nan tèt
Adje konpè! Tiyo k’ vin nan jaden m’ koupe wi
Pou jwenn ti gout dlo se peye pou w’ peye bwote l’ wi
M’ paka lage lavi m’ ap lave nan men leta n’on peyi
Anyen yo pa ba n’ regle an n’ kontinye viv nan keyi
Antre nou avan mizè ateri sou nou
Ti piman m’ nan fin boule razè m’ mèt akeyi l’
Ti bannann nan ki la m’espere l’ap jete
M’ w’on ti pòpòt parèt li t’ap bon nan sakpay m’ ta mete l’
Voye l’ nan mache wè si madanm a toun’ak kichòy
Lavi di e li difisil pou w’ achte lamanjay
Vye bèt mwen yo fin mouri, ti milet la anba gawòt
Se mizè, goumen chak jou wè si m’ ta ba l’ on zawòt
Nan konsa se jaden an ankò m’ fin koupe ba li
Bèt la ap itil ou w’ paka kite l’ la ap mouri
6 pitit pa blag youn nan kouti
Vin di m’! Ki kritik w’ap vin bay nèg isi?
A madanm se sèl mwayen pou jwenn ti desipè
Ti domino pa jwe ankò depi lè konpè jak nan simetyè
Fè jounen pou sekle jaden se kòve w’ap fè
Bèt lage n’ fèk sot nan sèk e tou kisa w’ ka fè?
Di tout sa m’ dwe fè pou timoun m’ pap ka site
Fè kòb isit pa fasil pa m’ yo pap k’al inivèsite
M’ g’on ti bwa demwatche m’ pral f’on ti chabon m’ voye vann
Wè si m’ ta pwoteke yon lòt ti kal tè nan savann nan
M’ pa gen laj pou m’ap mize ankò
Timoun yo pral leve m’ elèv, menm mizè a ankò
Mic controller ankò
On konbit pou lapenn
Perfect w’ap voye wou
Eh yo! Gusley, m’ wè w’ tande
I’m out!
Reunión por el Dolor
Avanza el sol, al final la lluvia no va a caer
Sobre mí un pedazo de tela rasgada, voy a mi jardín a plantar
Tengo niños que educar y la escuela no va a pagar si me quedo
Una mochila en mi espalda, un machete y un hacha
Estamos en temporada de lluvia, tengo un pequeño plan, melón voy a sembrar
Ver si voy a cosechar, el año pasado fue un golpe en la cabeza
¡Adiós compadre! Tío que vino a mi jardín, sí, a cortar
Para conseguir un poco de agua hay que pagar, sí, hay que pagar
No puedo soltar mi vida, estoy lavado en manos del estado en este país
Nada nos resuelve, seguimos viviendo en la miseria
Entren antes de que la miseria caiga sobre nosotros
Mi pequeño pimiento ya se quemó, mi jardín lo recibe
La pequeña banana que está ahí, espero que la tire
Tengo un pequeño porro que apareció, sería bueno en la bolsa que lo metería
Mándalo al mercado a ver si la señora tiene algo
La vida es dura y es difícil comprar lo necesario
Mis viejos animales ya han muerto, el mijo está bajo el agua
Es miseria, luchando cada día a ver si le doy un golpe
Así que es el jardín de nuevo, ya lo corté para él
El animal te será útil, no puedes dejarlo morir ahí
6 hijos no es broma, uno en la costura
¡Ven y dime! ¿Qué crítica vas a dar a la gente aquí?
A la mujer es el único medio para conseguir un pequeño despilfarro
El pequeño dominó no juega más desde que el compadre Jack está en el cementerio
Trabaja todo el día para segar el jardín, es lo que vas a hacer
Los animales nos dejaron, recién salimos del círculo, ¿y qué puedes hacer?
Dime todo lo que debo hacer para que mis hijos no puedan mencionar
Hacer dinero aquí no es fácil, mis hijos no irán a la universidad
Tengo un pequeño tronco, voy a hacer un poco de carbón para vender
Ver si puedo proteger un pequeño pedazo de tierra en la sabana
No tengo edad para seguir sufriendo
Los niños van a crecer, yo estudiante, incluso la miseria otra vez
Mic controller otra vez
Una reunión por el dolor
Perfecto, vas a lanzar
Eh, ¡yo! Gusley, te veo, escucha
¡Me voy!