Pwoz Vesperal (feat. Perfect Beat)
Lè kòk la chante, lè tout moun nan kabann
Se lè sa m’ fèk woul’on prod se lè sa pwezi m’ pran bann
Lè, tout bòbèch tenyen m’ap siveye moso zeklè
Sipliye lalin moso limyè pou l’ pase ban m’
Lè, lanp lan mouri se atò anvi m’ pran vi
Se atò enspirasyon m’ pran danse se atò m’anvi
Ekri, lè tout zwazo ap chante bèsez m’ bèse pa yon melodi, m’ plonje nan yon bèso/ lirik
Anbisyon borné m’ brusquement m’ bouske rapidement kèk mo k’ tristement boosté m’
Abouti ak on machin k’ap ekri san rezèv
K’ap degennen n’on wout dechennen kòlè l’ via on zèv
Eseye pridan frè m’ pap jwenn ase vinyl pou m’ defini l’ se evidan kwè m’ fè old school rap se fini
E se fason sa pou m’ fasinen w’ pou anfas ou pa fonse sou mwen
Fòse fose still, w’ap frustré koz sa s’on don man
On ti bagay byen rapid
Men m’ap sispann fè djòlè koz s’on ti bagay byen fasil
Pandan gen nèg k’ap goumen pou bay m’ poze m’ap ekri
Prosé rap, dekri yon art ki poze k’ap megri
Donk on lòt fwa m’ pr’on lòt beat ekr’on lòt teks ke moun pap tande
Yon lòt rap yon lòt ritmik de hit type? M’ pa tante
Yon lòt vibe, yon lòt gimik on lòt vague on lòt mizik
Boom bap, old school a vie frère m’ pap kanpe
Lè kòk la chante (koukouyoukou) lè tout moun ap sonbre nan somèy
Se lè sa son an soti pou sonde m’
Souvni m’ yo souye ak spèm mastibasyon sèvo m’ k’ap voye m’ veye pwezi m’ n’on konvre
Sèvitid// sètitid souflete rezon m’ sètifye
Ke zèv isit sèvi pa sezon
Vès isi pa sifi m’ vize lorizon
M’ vèsifye paske plim se sèl orezon m’
Pa jwenn limyè m’ fè zanmi ak fè nwa
Sonm tankou son an e m’ kite melanj la enspire m’
Lè debachi ap bouche m’ demokrasi a koute m’
Lè vesperal pwoz se sèl pwezi m’ap respire
Lè nwit pot plis mechanste ke konsèy
Dyalektik tounen sèl zam pou vize koze zansèt
Lè w’ bat diksyonè a nan yon vityèl konsè
S’on kansè klasik donk ak konbatan w’ vin konfrè
Pwoz Vesperal
Prosa Vespertina (feat. Ritmo Perfecto)
Cuando el gallo canta, cuando todos están en la cama
Es cuando empiezo a girar un beat, es cuando la poesía me atrapa
Cuando, todos los ruidos me están vigilando como un rayo
Ruego a la luna un poco de luz para que me pase
Cuando, la lámpara muere es cuando quiero vivir
Es cuando la inspiración me hace bailar, es cuando tengo ganas
Escribo, cuando todos los pájaros cantan, me dejo llevar por una melodía, me sumerjo en una cuna/lírica
La ambición me empuja, de repente busco rápidamente algunas palabras que tristemente me impulsan
Termino con una máquina que escribe sin reservas
Que va desatando un camino desenfrenado, la ira a través de una obra
Intento ser cuidadoso, hermano, no encontraré suficiente vinilo para definirlo, es evidente que creo que el rap old school ha terminado
Y es así como te fascino, para que no te atrevas a presionarme
Forzar, forzar, aún así, te frustrarás porque eso es un regalo
Una pequeña cosa muy rápida
Pero voy a dejar de hablar porque es algo muy fácil
Mientras hay tipos luchando para darme espacio, sigo escribiendo
El rap prosé, describe un arte que se posa y se marchita
Así que otra vez, voy a otro beat, escribo otro texto que la gente no escuchará
¿Un rap diferente, un ritmo diferente de tipo hit? No me atrevo
Otra vibra, otro truco, otra ola, otra música
Boom bap, el old school sigue vivo, hermano, no me detendré
Cuando el gallo canta (cucú) cuando todos están sumidos en el sueño
Es cuando el sonido sale para sondearme
Mis recuerdos se limpian con el semen de la masturbación, mi cerebro me envía a cuidar mi poesía en una cubierta
Servidumbre// certidumbre sopla mi razón, certifico
Que la obra aquí no sirve por temporada
Verso aquí no es suficiente, apunto al horizonte
Verifico porque la pluma es la única razón que tengo
No encuentro mi luz, hago amigos con la oscuridad
Suena como el sonido y dejo que la mezcla me inspire
Cuando la debacle está tapando mi democracia, escúchame
Cuando la prosa vespertina es la única poesía que respiro
Cuando la noche trae más maldad que consejos
La dialéctica se convierte en el único arma para apuntar a las palabras de los ancestros
Cuando golpeas el diccionario en un concierto virtual
Es un cáncer clásico, así que con el combatiente te vuelves un colega
Prosa Vespertina