Traducción generada automáticamente

Bal Ou Rim
D-Fi Powèt Revòlte
Bala o Lucha
Bal Ou Rim
A una ley injusta, nadie está obligado a obedecerA une loi injuste, nul n'est tenu d'obéir
Lo que quiere decir que tengo el derecho, y hasta el deber, de resistirCe qui veut dire que j'ai le droit, et même le devoir, de résister
Ya sea por la violencia o la desobediencia civilPar la violence ou la désobéissance civile
SíYeah
Estoy cansado de ver a mi pareja entre montón de basura y balas en la cabezaM bouke wè patnè m sou pil fatra ak bal nan tèt
Estoy cansado de ver a las princesas en la acera, la comida que les llega a los dedosM bouke wè prennsès yo sou twotwa pou manje k ap pran dwèt
La realidad me parte el corazónReyalite a fann kè m
Por la educación que tengo, estoy harto de ver al FIC sodomizando a los jóvenesSou baz edikasyon m bouke wè FIC k ap sodomize anfann kè
Estoy cansado de ver a mi madre vender productos que ardenM bouke wè machandiz manman m kwabosal k ap boule
Mira bien, los verdaderos ladrones están en una camioneta oficial sin capuchaKale je w vrè vòlè yo nan on machin ofisyèl yo pa kagoule
Ya habían asesinado la justicia antes de Jean DominiqueYo te gentan asasine jistis avan Jan Dominik
Los estudiantes reciben las balas, esto es una distracción políticaEtidyan ap pran bal yo reli sa divèsyon politik
A diez años me das armas, ¿a qué hora no voy a ser criminal?A dizan w banm zam a ventan kouman pou m pa kriminèl
Bajo la opresión de Antonio Dimón estoy cansado de escuchar gritos de minerosAnba gouyad Antoni Dimon m bouke tande kri minè
No soy rebelde, quiero dejar de ser una víctimaM pa rebèl m vle sispann viktim
Crecí en un país donde ir a la escuela se vuelve un crimenM grandi nan on peyi kot al lekòl tounen krim
Escribo mi realidad, no es que estoy rapeando demasiadas cosasM ekri Raj mwen se pa ke m rape twòp bagay nèg
Pero sé que vivo demasiado para mi edadMen sè ke m viv twòp pou laj mwen
Y si no hablo, dime quién va a defender nuestros derechosE si m pa pale vin di m kiyès k ap defann dwa n
En los guetos están en guerra, ¿a quién le importa la justicia?Geto yo nan gè plen zam kiyès ki responsab dwàn
Tal vez ya no importaTalè Poko
Hospitales en huelga, facultades cerradas, y el tema de los hombres es sin sentidoLopital an grèv fakilte fèmen epi sijè nèg yo nan deba se krèk koko
¡Ja, ja! Sí, Haití no es para mí, es diferenteHa han Yeah Ayiti pa m nan diferan
Haití no se parece más a Mr. J a que MikabenAyiti pa m nan plis sanble a pa MRJ a ke Mikaben nan
Si siembras odio, cosecharás guerraSimen èn se gè w ap rekòlte
La injusticia provoca violencia, por eso me rebeloEnjistis donnen vyolans se pou sa m Revòlte
Y porque me dijeron que quienes luchan no muerenE paske yo te di m, moun k ap batay pa mouri
Generación invencible y su guerra es Bala o LuchaJenerasyon Envensib e gè l ye Bal Ou Rim
Quienes luchan no muerenMoun k ap batay pa mouri
Bala o LuchaBal Ou Rim
Quienes luchan no muerenMoun k ap batay pa mouri
Bala o LuchaBal Ou Rim
Quienes luchan no muerenMoun k ap batay pa mouri
Bala o LuchaBal Ou Rim
Quienes luchan no muerenMoun k ap batay pa mouri
Bala o LuchaBal Ou Rim
Estoy cansado de esta situaciónM bouke ankese
Es hora de que me recupere y no tendré un maestro de economía en mis manos para ir a liquidar cuentasLi lè pou m remèt m p ap gen on metriz ekonomi nan men m pou m al fini kesye
Las opciones de supervivencia de la juventud haitiana son el exilioOpsyon siviv jèn ayisyen se egzil
Es triste que un licenciado en su propio país tenga que ir a cuidar vacas en BrasilSa fè lapèn on lisansye nan peyi l al gadò bèf brezil
Los burgueses compran medios de comunicación y el estado está unidoBoujwa achte bouch medya ak leta fè youn
Mientras la masa del pueblo se pudre en su miseria, si no te rebeltas no eres humanoPandan mas pèp la ap pouri nan mizè l, si w pa revòlte w pa moun
Cuando los pobres no tienen qué comer, terminan comiéndose a los ricosLè pòv pa jwenn anyen pou l manje ankò l ap manje rich
No va a impedir que los parlamentarios roben, pero no es en mi cabeza que lo van a hacerP ap anpeche palmantè vòlè, men se pa sou tèt mwen l ap fè nich
Es mi Gran Padre quien me crió, no puedo ser un tontoSe Gran Paran k grandi m, m pa ka on tchoul
Soy un rapero, cuando no quemo cosas, quemo llantasM se stil rapè lè l p ap boule bit k ap boule kawotchou
Clara estoy enojadoWè m anraje
Fue necesario que Djivens pasara así para ver realmente quién impide que mi país progreseFòk Djivens te pase konsa pou wè vrèman kiyès ki anpeche peyi m mache
Los niños mueren por desnutriciónTimoun ap mouri pou sewòm oral
Mientras los senadores tienen millones para comer pescado, después el senado me habla de moralidadPandan Senatè gen milyon pou manje pwason apre Senatis ap pale m de moral
RapTouf me siento indignadoRapTouf m santi m endinye
Mi rap promoverá la revuelta, dejemos de resignarnosRap mwen ap pwone revòlt sispann reziye n
La mayor pena de mi país no es el 12 de enero ni algunos ciclonesPi gwo pèn peyi m se pa 12 janvye ak kèk siklòn
Sino que como presidente conocimos a Ti SimónMen se paske kòm prezidan n te konn Ti Simòn
Hay quienes eligen correr y otros que toman concienciaGen sa k chwazi kouri gen lòt ki pran konsyans
Aquí estoy en el concreto entre Andy y SchillMwen w ap jwenn mwen sou beton an nan mitan Andy ak Schill
Me quito el sombrero y me agacho bien bajo frente a la resistenciaWete chapo m koube m byen ba devan rezistans
Morir en la batalla, yo no voy a olvidarMouri nan batay La nèg m pa pral chili
D-Fi, hermano, mantente firme, no aflojes (35 islas)D-Fi frè m kenbe rèd pa moli (35 Zile)
Quienes luchan no muerenMoun k ap batay pa mouri
Generación invencible y su guerra es Bala o LuchaJenerasyon Envensib e gè l ye Bal Ou Rim
Quienes luchan no muerenMoun k ap batay pa mouri
Bala o LuchaBal Ou Rim
Quienes luchan no muerenMoun k ap batay pa mouri
Bala o LuchaBal Ou Rim
Quienes luchan no muerenMoun k ap batay pa mouri
Bala o LuchaBal Ou Rim
Quienes luchan no muerenMoun k ap batay pa mouri
Bala o LuchaBal Ou Rim
Reza para que escoja esta.Priez pour que je choisisse celle ci



Comentarios
Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra
Forma parte de esta comunidad
Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de D-Fi Powèt Revòlte y explora más allá de las letras.
Conoce a Letras AcademyRevisa nuestra guía de uso para hacer comentarios.
¿Enviar a la central de preguntas?
Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.
Comprende mejor con esta clase: