
Invincible
Baky
M prefere ret pou kò m
M te ka pèdi vi m nan viv pou lòt
Anndan kè m gen twòp love
E sa k ap detwi m
Lè m trete tout moun kòm fanmi
Nan met twòp konfyans nan zanmi
Gen nan yo k te ka touye m
M son bato k te ka koule
Men Bondye mèsi
Tout sa k pa detwi m fè m vin pi fò
Lè w panse m tonbe se lè sa m tonbe pi rèd
Lè w panse m plonje m fèk ap naje pi rèd
M t ap gentan tonbe si m t an tò
Plonje si m t an tò
Men mwen la ayy m kanpe pi rèd daw
Lè w panse m tonbe se lè sa m tonbe pi rèd
Lè w panse m plonje m fèk ap naje pi rèd
M t ap gentan tonbe si m t an tò
Plonje si m t an tò
Men mwen la ayy m kanpe
M ta di w konbyen manti
Konbyen konplo konbyen vye bri ki sou do m
M ta di w konbyen m redi
Konbyen m hustle malgre blesi ki sou po m
If you see me standing here I didn’t fall
Se paske m tankou moral pitit ou fò
Tout obstak tout eprèv yo – m leve defi m leve defi
M son limyè m son chwazi
Gras Bondye vide sou mwen san mezi
Done seen it all
Men se yo k fè m vin pi gran
E se kè m k ap pwoteje m nan mond sa
Lè w panse m tonbe se lè sa m tonbe pi rèd
Lè w panse m plonje m fèk ap naje pi rèd
M t ap gentan tonbe si m t an tò
Plonje si m t an tò
Men mwen la ayy m kanpe pi rèd daw
Lè w panse m tonbe se lè sa m tonbe pi rèd
Lè w panse m plonje m fèk ap naje pi rèd
M t ap gentan tonbe si m t an tò
Plonje si m t an tò
Men mwen la ayy m kanpe



Comentarios
Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra
Forma parte de esta comunidad
Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Baky y explora más allá de las letras.
Conoce a Letras AcademyRevisa nuestra guía de uso para hacer comentarios.
¿Enviar a la central de preguntas?
Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.
Comprende mejor con esta clase: