visualizaciones de letras 16

VFK (vrè fanm kreyòl)

Barikad Crew

Letra

    Wiii! Sa se pou tout ti bote kreyòl mwen yo: Bèl negrès, milatrès
    Spesyalman bèl Ayisyèn mwen yo
    Nou k pi bon!

    M bezwen yon fanm kreyòl
    Pye l pap ni 10 ni 12 men 7 ou 8
    Avè l pou m fè tout trip
    Yon bèl vant plat, yon fòm koka
    ‘On po k bèl san tach, anfòm kon bass
    M vle yon kreyòl k a bèl wotè ki pa rasi menm jan avè m
    Yon moun ki eduke ki pa radi menm jan avè m
    Fòk epòl li kare ak gwo tete
    E nan nenpòt sa m ta ye m ka pwoteje l
    Fò marabou m nan byen kanpe ak yon bèl djòl ki ka souse
    Nenpòt sa m tande, m kwè nan li m pap doute
    M vle yon cheve nwa ki long, san pèmanant
    E l pa nan baz kidonk pou kè pa pran m
    Bèl black serye k pa nan douko kò l, li souffle love
    Fòk li toujou fre e sou lekòl
    M pa bezwen yon krèy fanm kreyòl
    Men si m jwenn grenn sa m ap gen yon Vrè Fanm Kreyòl

    Bèl fanm, bèl fòm
    Bèl dach, bèl djòl
    Entelijans, prestans ak pwotokòl
    Ki gen konfyans ki ka fè tout afè l poukò l
    (Yon Vrè Fanm Kreyòl!)
    Marabou, grimèl, negrès
    Ki bay lanmou, karès, tandrès
    Avèk tout kalite sa yo, l s on vrè deyès
    (Yon Vrè Fanm Kreyòl!)

    Je vous salue les femmes créoles, le seigneur est avec vous
    Vous êtes bénies entre toutes les femmes, kalite n çà rend fou
    Egzanp Choukoun bèl marabou d’Oswald Durand tete doubout
    2 je klere tankou chandèl, vrè fanm kreyòl kenbe sa kout
    Kanta pou bote yo natirèl pou sèks la se pi rèd
    Chak grenn negrès se rèn, chak grenn deyès se rèl
    Banm kè n, pran kè m pran swen m Pou fè le sien
    Yon gidip-gidip ki pap bay tan pou jwe lekwen

    Bote kreyòl yo fè kè m bat, yo gen cham
    Bèl black remakab, yo seksi
    Pale kreyòl ou byen anfòm, ou s on fam
    Chak lè je m tonbe sou youn se toutswit m anvi jwi lavi
    Nou se fanm ki gen afeksyon, konpreyansyon, ki chaje talan
    Nou se fanm ki pa pran presyon, beauté de nature, nou se fanm vanyan

    Bèl fanm, bèl fòm
    Bèl dach, bèl djòl
    Entelijans, prestans ak pwotokòl
    Ki gen konfyans ki ka fè tout afè poukò l
    (Yon Vrè Fanm Kreyòl!)
    Marabou, grimèl, negrès
    Ki bay lanmou, karès, tandrès
    Avèk tout kalite sa yo, l son vrè deyès
    (Yon Vrè Fanm Kreyòl!)

    M tande genyen African queen, menm Caribbean queen
    Men se haitian queen ki ranpòte premye prim
    Banm di n: Nou se sous denspirasyon mwen
    Fanm dous, fanm emosyon mwen
    Bote nou se sèl pasyon mwen, ok! (Ok)
    Mizik sa se sèl fason m, pou m ba n tout afeksyon m
    Nou se bèl deyès, bon jan antistrès, wi se nou k the best
    Lè nou pran souke fès
    Fe ès-ès

    Ey! M konnen tou li gou, menm lè w wè l g on tou ladan l
    W a tande yon ti nègès fè lanmou dwòl, ou konn sa bon
    M pa kè si yo di l s on pyès monnnen k ap pase de men an men (Wèl!)
    Men nan pa m nan li rive Yeeee!
    Yon bèl, wi mwen vle yon sèl nan yon lo
    Yon vrè, e bebe m s on frè nan do l
    Kit nwa fonse yon grimèl hot lè m bo l
    Ki pap pè panse
    Sou tempo l

    Bèl fanm, bèl fòm
    Bèl dach, bèl djòl
    Entelijans, prestans ak pwotokòl
    Ki gen konfyans ki ka fè tout afè l poukò l
    (Yon Vrè Fanm Kreyòl!)
    Marabou, grimèl, negrès
    Ki bay lanmou, karès, tandrès
    Avèk tout kalite sa yo, l s on vrè deyès
    (Yon Vrè Fanm Kreyòl!)

    Put em up! Put em up
    Ladies!
    What’s up? What’s up? Bèl black, milat, se
    Ou black

    Put em up! Put em up
    Ladies!
    Tandrès, karès, tout sa nou vle se jis: Yon Vrè Fanm Kreyòl!!

    Yes! Nou bezw on VFK: Vrè Fanm Kreyòl
    Bèl prestans, entèlijans, konfyans. (Yon vrè fanm kreyòl)
    Bote ki marye ak kalite. Bèl ayisyèn nou yo, pa gen pi bon
    Sispann denigre, meprize, maltrete yo mesye! Les femmes d’abord
    Medam yo, BC avè n!


    Comentarios

    Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

    0 / 500

    Forma parte  de esta comunidad 

    Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Barikad Crew y explora más allá de las letras.

    Conoce a Letras Academy

    ¿Enviar a la central de preguntas?

    Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

    Comprende mejor con esta clase:

    0 / 500

    Opciones de selección