visualizaciones de letras 3

Kilès ki ka kritike’m!
Di’m kilès ki bon pase’m!
Mwen konn moun ki gen dwa sa
Li pa rete isi ba

Pa koupe zèb anba pye’m
Anyen pa ka anpeche’m
Anpeche’m fè kòm sa dwa
Misyon pa’m nan sou tè sa

Nou chak gen sa pou nou fè
Louvri je’n pou nou wè limyè

Pa chèche sa’w vini fè
Gade nan kè w wa va wè
Talan’w genyen pou’w sèvi
Misyon ke’w vinn akonpli

Don pa’m se li k ap gide m
Se touche kè nan chante’m
Pote lapè ak la jwa
Jouk tan nou kriye viktwa

Men nou tout gen menm wòl la
Fè lanmou klere je’n pou’n ka jwen limyè


Comentarios

Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

0 / 500

Forma parte  de esta comunidad 

Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Beethova Obas y explora más allá de las letras.

Conoce a Letras Academy

¿Enviar a la central de preguntas?

Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

Comprende mejor con esta clase:

0 / 500

Opciones de selección