visualizaciones de letras 12
Letra

    Nan yon afwontman lapolis ak bandi ki te fèt ayè swa Kastwo
    Zòn 'Maïs Gâté' Lapolis rive met lapat sou yon bandi ke yo konnen sou non
    Bal Mawon aprè ke li te tire yon polisye
    Daprè enfòmasyon pòtpawòl lapoli la bay Nan mikro kèk jounalis
    Gen lontan yo t ap chache endivi, endividi sa ki ta gen men l tranpe nan
    Yon seri zak malònèt tankou kidnaping, asasina, kadejak ak plizyè lòt krim
    An nou koute ki jan sa te pase Nan mikro kolaboratè n

    Kou jibye, chasè gen jou pa l
    M pa t di m pa koupab
    Men m vin konte w yon pati nan istwa m w p ap jwenn nan paj jounal
    Dabò, se nan mizè vis konnen
    Asfat la t ap poze sou do m pandan manmanm te g on kwi l t ap mande adoken
    Livre a nou menm
    Si solèy la t ap klere chimen w
    Mwen, l t ap boule do m
    Pou w siviv, ap goumen chak jou menm Nan kwen lari a, m f on ti pil kou fatra k bon pou bale
    Pitit malerèz, vandal yo touye yo bay kò fè fimye
    Nou dòmi nan lapli chak nwit modi lè zetwal file
    Timoun se lavi, se de nou menm Steeve Brunache t ap pale
    M te gen rèv pou m al lekòl tou
    Desann ChannMas ak papa m al bwè krèm, m te vle kale kò m tou
    Men inivèsite lari a, montre m volè
    Li pa ban m diplòm
    Di Kèb mwen tou, m pa wè lavi nan koridò siklòn
    M grandi fistre, kè m gonfle ak èn
    M bouke chaje machin m sèmante yon jou m ap posede yon Cayenne

    Frè m, ban m di w yon bagay Kote w ye a la se pa dan kap griyen
    M espere ke w ap pran tout dispozisyon Pou, pou reponn kesyon n pral genyen pou poze w la a, frè m
    Ban m yon ti eksplikasyon non de zak w ap regle yo
    E zam ki nan men w lan di m kibò ou jwenn li

    Laj ap monte menm jan ak anbisyon yo
    M pa James Bond men m genyen vi m Nan akonpli misyon yo
    Premye a se te kraze yon biwo elektoral Pou yon depite
    Li k te ban m premye zam mwen
    Vant vid pa konn sa yo rele moral
    Nan je, m ap gad tout sa k pa t konn ban m enpòtans
    M ap chache pouvwa
    M brake pou nenpòt rans
    M kreye pwòp djòb mwen: Kidnaping, kadejak, plizyè lòt krim
    Lòd yo sot anwo nèg, lis la anpil
    Anndan m mele èn, raj
    M rann kont, m s on bandi legal lè m wè Toris (zam: Taurus) mwen an make PNH
    Se yo k kreye mons yo e se yo k ap pyeje l
    Mwen ak ou pa plis kon pyon
    Kale je w
    Ou panse se mwen k anpeche peyi m mache
    Kiyès ki jwenn avantaj nan ensekirite?
    Kiyès ki jwenn avantaj nan boule mache?
    Sousi m pa ba wa
    Ni minote m kou lè y ap mare chwal
    Men ipokrizi k nan je bouwo a
    Chat k ap jije chat k ap mare chat

    Ou tèlman santi w alèz
    Kounyè a nou pran peyi a pou n fè sa n vle ladan l
    Nou deside kiyès dwe viv Kiyès ki dwe mouri, pa vre!?
    Enben, frè m! Se zak ou ki mete w la jounen jodi a kote w ye la
    W a degaje w!

    Se mwen k bwè nan lari se mwen k sou
    Si vòlè yon pen se kriminèl e vòlè yon peyi? M ap tann repons ou
    Achane n sou ka m nan
    Men mande Marthelly, Lamothe si se mwen k te vòlè kòb PetroCaribe a Si se mwen k te kase CAM nan
    Se nan palman w ap jwenn vrè chimè
    Sa w te atann nan yon peyi kote se Koripsyon ki lidè

    Ey, frè m! Ban m di w
    Ki pwoblèm ou gen ak yon jenn gason Nan yon peyi tankou Ayiti ki deside sakrifye vi l pou l sèvi e pwoteje?

    Sèvi kiyès!? Proteje kiyès!?
    S'on nèg ak yon zam legal k ap arete m paske m pa gen pyès
    Bat mwen ak wòch
    Si n ap travay tout bon Pouki n poko jwenn asasen Jean Dominique ak Jacques Roche?
    Kiyès k ap ban m jistis
    Pou tout sa m sibi?
    An vrè, m s'on grenn bal sistèm nan tire Men k pot ko jwenn sib li


    Comentarios

    Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

    0 / 500

    Forma parte  de esta comunidad 

    Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de D-Fi Powèt Revòlte y explora más allá de las letras.

    Conoce a Letras Academy

    ¿Enviar a la central de preguntas?

    Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

    Comprende mejor con esta clase:

    0 / 500

    Opciones de selección