visualizaciones de letras 3

Dexter Sezon 2 (feat. Ken-FS)

D-Fi Powèt Revòlte

Letra

    M pa anvi clash Nèg m se youn nan egzanp Rapè’k fè nom’l, san bif san di betiz, m pat anvi bat Nèg
    Gen sa m fè wè piti san’m pa di’m gwo Nèg
    Lè’n sou menm bit m fè yo lèd san’m pa di’m bo nèg
    M bay kontrè sa map preche a lè pou’m bay li
    M konn lè pou’m desann tempo ak lè pou’m hype li
    E lè yap di se yo’k pi fò m fè komsi’m pa konprann
    Dexter saison 2 pa pou kò’l li vin ak on track list
    Veni vini vici, yow vini piti
    Ak sa’w panse’n genyen kòm diferans lan m fini piti
    Tout lavi nou se bif nan mizik pran pòz sosyal
    Malgré sa nou lejè sou bit se sou rezo yo’n bosal
    M konn tout kou yo li klè’n pa gen menm prof
    Ou se lajan monnen pou rap mwen’m se papye’n pa nan menm pòch
    Nou tire pye nenpòt jan nenpòt kote’n jwenn
    Jou’m deside bif on Nèg wap manyen’l nenpòt kote’l plenn
    M pa cheke pou karyè’n donk fèmen je sou pa’m
    Pran defèt yo pou kò’m reysit la pou 2 bouda’m
    Pran hit yo m pa we sa sou wout siksè’m nan
    M g’on piblik men pi gwo fans mwen ap rete ti frè’m nan
    M ban’n fevè deja pa pè teke pye’m
    Non’m se KenFs e’m gen Black Lyriciste pou A.K. a
    Lavi a trete’m vèmin ou pi devan wap banm le gain
    Yon dexter a dextérité, m fè track sa san refren

    Revòlte depi nan zantray manman n
    Pa bezwen gen on Rolex nan ponyèt nou pou wè sa se moman n
    Mont nou sou bon lè
    Sa kite mache dèyè, li pete kouri
    Resisite rap nan figi sa k swete l mouri
    A chak syèk jeni l a chak best egri l_
    A chak rèv D-FI l, A Chak prèv on chèf de fil
    Team Sa Mache, nou devye tout pwonostik yo
    Kijanw ka rekonèt rapè, gade n, nou se pwototip yo
    Nouvèl lekòl, Powèt Revòlte, nouvèl epòk
    Pou kilti a, plante pou lòt rekòlte, an vrè hip hop
    Nan game yo nou pa t kite yo jwe m kou pyon
    Sa lòt yo livre pou klasik pou nou se bwouyon
    M renouvle angajman, chak maten pandan y ap tann fo pa m
    Fuck game yo a chak tit, kòm si miikwo a t on fo bwa
    Atake m, e lè m reponn y ap pran pòz viktim
    What's beef, repons lan nan sann Biggie
    Nèg chache pou diskredite m, krache sou m diss mwen ak tout lide m
    Mwen m rive la san pa clashe moun an verite
    Kontre kouran, anplis nou mache ak kontè n, nou pa pran priz
    Sa Mache menm an temps de kriz
    Pa gen rap san pozisyon, game yo a plen agranman
    Fòk number one, boule twòn yo a nou vin ak on ban
    Chak bif, se pou on feat m refize
    M gen on non, fòw ta touye l avan ou tante fizye m


    Comentarios

    Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

    0 / 500

    Forma parte  de esta comunidad 

    Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de D-Fi Powèt Revòlte y explora más allá de las letras.

    Conoce a Letras Academy

    ¿Enviar a la central de preguntas?

    Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

    Comprende mejor con esta clase:

    0 / 500

    Opciones de selección