visualizaciones de letras 19

Maji (feat. Mikaben)

Enposib

Letra

    M pase nan makèt, m'achte on boutèy du vin
    M pran 2 pen bagèt pou si vant mwen pran plenyen
    Direksyon lanmè pou m'wè si map ka konprann
    Tout sa fanm sa pale e e e e e nan tèt anm
    Li pranm pou enbesil li pranm pou enbesil li panse nou pral marye
    Pandan ke li se ton vèmìn ak ke
    Cheri fon ti rilaks, pran yon ti zanaks
    Non non

    Gad jan jew chèch (oula)
    Ou te panse nou pral renmen (konsa)
    Ou genlè panse mpa konnen tout sa
    Ou fè avèk Nikola plis Mika

    Ou panse mpral chanje ou, ke mwen pral damou
    Ke mwen pral bliye tout saw te fè lèw te sou
    Enben genlè ou fou oubyen mwen fè vodou
    Oubyen

    Ou genlè panse m fè maji
    (Saw te panse, saw te panse)
    Ou genlè panse m fè maji
    (Kisaw te kwè, apaw te fou)
    Ou genlè panse se konsa tout bagay yo parèt (lala)
    Ou genlè panse m fè maji
    Ou genlè, ou genlè, ou genlè, ou genlè, ou genlè, ou genlè

    Saw te konprann
    Annik ba ou nouvèl la mtandew gentan pran kabann
    Ou te gentan pansew te bon, machè ou vann
    Si poum ba ou lòv vinn non, ou mèt fon ti chita tann, tann tann tann
    Paske li pap janm konsa
    Bagay la pa bouyon kanmèm fòk ou respekte sa
    Pou janm konnenm frekan ou te gentan gen lespwa
    Kòm mte ka rete m fè

    Ou genlè panse m fè maji
    (Saw te panse, saw te panse)
    Ou genlè panse m fè maji
    (Kisaw te kwè, apaw te fou)
    Ou genlè panse se konsa tout bagay yo parèt (lala)
    Ou genlè panse m fè maji
    Ou genlè, ou genlè, ou genlè, ou genlè, ou genlè, ou genlè

    Tann mwen, tann mwen, tann mwen
    Kòm si se konnya w'bezwen renmen, renmen, tann mwen
    Tann mwen, tann mwen, tann mwen
    Genlèw pansem son majisyen ki pral efase tout pasew yo

    Mpa fè maji mpa fè maji non non
    Mpa fè maji mpa fè maji non non

    (Enhen en enhen, Enposib)

    Mpa fè maji mpa fè maji non non
    Mpa fè maji mpa fè maji non non

    Gad yon vagabòn (waayy)
    Gad yon vagabòn (e, e, e)
    Gad yon vagabòn (mpa gen lòv poum ba ou)
    Gad yon vagabòn (e menm si mta damouw)

    Mwen son vagabon (cheri sa pa fèt)
    Mwen son vagabon (non, non, non, non sa pa fèt)
    Mwen son vagabon (jwèt la gen règ)
    Mwen son vagabon

    Gad yon vagabòn (non bebe non)
    Gad yon vagabòn (wi bebe mwen)
    Gad yon vagabòn (mpa gen lòv poum ba ou)
    Gad yon vagabòn (e menm si mta damouw)

    Mwen son vagabon (cheri sa pa fèt)
    Mwen son vagabon (non, non, non, non sa pa fèt)
    Mwen son vagabon (bebe sa pa fèt)
    Mwen son vagabon (non, non, non, non sa pa fèt, sa pa)

    Sa pa fèt

    Bliye sa
    Ou te mèt bliye sa (ou te mèt bliye sa bebi ou te mèt bliye sa manmi)
    Ou te mèt fè kwa sou sa
    Ou te mèt fè kwa sou sa

    Bliye sa
    Ou te mèt bliye sa (ou te mèt bliye sa bebi ou te mèt bliye sa manmi)
    Ou te mèt fè kwa sou sa
    Ou te mèt fè kwa sou sa

    Bliye sa


    Comentarios

    Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

    0 / 500

    Forma parte  de esta comunidad 

    Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Enposib y explora más allá de las letras.

    Conoce a Letras Academy

    ¿Enviar a la central de preguntas?

    Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

    Comprende mejor con esta clase:

    0 / 500

    Opciones de selección