visualizaciones de letras 11

Bel Bagay

Gabel

Nan lanmou fò'w toujou bliye tèt ou
Fè'l kontan chak jou, kwè mwen l'ap toujou la pou ou
Kèlkeswa sitiyasyon ki ta va rive
Toujou men nan men pou'n mache

Se bèl bagay lè youn ap viv pou lòt
Nou toujou rete kòt a kòt
Youn pou lòt n'ap ouvri pòt
Se bèl bagay lè nou mete men nan men
Je nan je pou'n di'n renmen

Mwen ak ou s'on fòs lanmou k'pa gen bout
Lè'w avè'm m'santi kè mwen pap janm nan blakawout
Kèlkeswa eprèv lavi ki ta kanpe an kwa
Men nan men n'ap pot laviktwa

Se bèl bagay lè youn ap viv pou lòt
Nou toujou rete kòt a kòt
Youn pou lòt nap ouvri pòt
Se bèl bagay lè nou mete men nan men
Je nan je poun di'n renmen

Pa gen pi bèl bagay, se lè w'ap fè bagay
K'ap fè li souri, tout sa'k fè'l plezi
Ala yon bèl bagay se lè w'ap fè bagay
K'ap fè li rejwi, fè san'l tresayi

Mwen vle viv pou li, pou mwen li se lavi
Pa gen anyen m'pral fè ki pou pa ta fè'l plezi
Li fè kè'm kontan
Pou mwen'l toujou gen tan, li toujou prezan
Nan bon tankou move tan'l pap chanje kan

Pa gen pi bèl bagay, se lè w'ap fè bagay
K'ap fè li souri, tout sa'k fè'l plezi
Ala yon bèl bagay se lè w'ap fè bagay
K'ap fè li rejwi, fè san'l tresayi

Epi Bobdole

Oh oh
Se bèl Bagay
Oh oh
Se bèl Bagay

Mwen vle viv pou li, pou mwen li se lavi
Pa gen anyen m'pral fè ki pou pa ta fè'l plezi
Li fè kè'm kontan
Pou mwen'l toujou gen tan, li toujou prezan
Nan bon tankou move tan'l pap chanje kan

Oh oh
Se bèl Bagay
Oh oh
Se bèl Bagay

Pa gen pi bèl bagay, se lè w'ap fè bagay
K'ap fè li souri, tout sa'k fè'l plezi
Ala yon bèl bagay se lè w'ap fè bagay
K'ap fè li rejwi, fè san'l tresayi


Comentarios

Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

0 / 500

Forma parte  de esta comunidad 

Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Gabel y explora más allá de las letras.

Conoce a Letras Academy

¿Enviar a la central de preguntas?

Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

Comprende mejor con esta clase:

0 / 500

Opciones de selección