visualizaciones de letras 67

Di’m Kisa Pou Mwen Fè

Harmonik

Letra

    Vini, vini pou'm rakonte'w
    Sa ki sou kè an mwen
    Jan lespri'm toumante chak fwa m'panse avè'w
    Mwen pa gen fòs pou'm di'w
    Jan'w gouvène lespri'm
    Men sou jès mwen ou ka wè
    Se a ou m'ap panse
    Mwen pa konn kisa pou mwen fè pou mwen avè'w
    Yon sèl bagay m'ap mande'w
    Sonje'm nan rèv ou

    Yon ti mizik ke mwen ekri pou fè'w plezi
    S'yon testaman ke lanmou
    Ban mwen pou'm ekri
    W' wè si'w koute w'a tande
    Zantray mwen k'ap pale
    Si'w wè mwen di'w sa
    Santi se paske mwen pa vle pèdi tan'm

    M'pa konn kisa pou'm fè
    Devan'm se ou mwen wè
    Mwen p'ap janm sispann mande'w
    M'ajenou nan pye'w o, o, o

    Se pou sa m'ap mande'w

    Di'm kisa pou mwen fè pou'm genyen'w nan vi'm
    Going out of my mind when I think of you
    Di'm kisa pou mwen fè pou'm genyen'w nan vi'm
    Going out of my mind when I think of you

    Si'm te konn janm pran san'm
    Pou mwen aproche'w
    Chèche tout ti pawòl pou'm eksprime'm
    Menm lè je'm avèk je'w kontre
    Ou fè yon jan w meprize'm
    Mwen menm mwen pa nèg ki dekouraje
    Sitou lè se flèch lanmou ki pike'm
    Menm lè'l fè'm mal m'gen dlo nan je
    Pou ou m'ap aksepte'l

    Di'm kisa pou mwen fè pou'm genyen'w nan vi'm
    Going out of my mind when I think of you
    Di'm kisa pou mwen fè pou'm genyen'w nan vi'm
    Going out of my mind when I think of you

    Si'm te konn janm pran san'm pou mwen aproche'w
    Chèche tout ti pawòl pou'm eksprime'm
    Menm lè je'm avèk je'w kontre
    Ou fè yon jan w meprize'm
    Mwen menm mwen pa nèg ki dekouraje
    Sitou lè se flèch lanmou ki pike'm
    Menm lè'l fè'm mal m'gen dlo nan je
    Pou ou m'ap aksepte'l

    Di'm kisa pou mwen fè pou'm genyen'w nan vi'm
    (Di mwen kisa pou'm fè pou mwen genyen)
    Going out of my mind when I think of you

    Di'm kisa pou mwen fè pou'm genyen'w nan vi'm
    (M'pa konnen sa pou'm fè pou mwen genyen)
    Going out of my mind, when I think of you


    Comentarios

    Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

    0 / 500

    Forma parte  de esta comunidad 

    Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Harmonik y explora más allá de las letras.

    Conoce a Letras Academy

    ¿Enviar a la central de preguntas?

    Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

    Comprende mejor con esta clase:

    0 / 500

    Opciones de selección