visualizaciones de letras 13

Fè’l Ak Tout Kè’W

Klass

Letra

    (Ring!)
    Alo! Kiyès sa?

    Hello manman! Hello papa!
    Yèreswa m te fè on ti rive nan Klass la!
    Yo tèlman gou, yo chifonnen m ak konpa!
    M tèlman sou mwen pa menm ka ekri lèt la!
    (Repeat/Repete)

    Men nou ankò wi!

    Klass retounen ankò, men fwa sa n vin pi fò
    Nou di mèsi ak tout fanatik yo pou sipò
    Medya yo ki dakò, sa fè n fè plis efò
    Mizik nou apresye nan palè kou koridò

    Tout sa w fè nan lavi (hihihi)
    Mwen konseye w (konseye w)
    Fè l ak tout kè ou (ak tout kè ou)
    Kwè nan sa wap sèvi (hihihi)
    Fò w sakrifye w (sakrifye w)
    Epi tann lè ou! Ayayayaye!
    Nou bat night nou travay du
    Se tou nòmal jounen jodi pou n rekòlte fwi
    Nou son egzanp konkrè pou sila yo ki vle pran wout siksè

    Klass retounen ankò, men fwa sa n vin pi fò
    Nou di mèsi ak tout fanatik yo pou sipò
    Medya yo ki dakò, sa fè n fè plis efò
    Mizik nou apresye nan palè kou koridò

    Ou konn poukisa?
    Paske n ka fè l! Nou ka fè l!
    Nou konn fè l! Nou konn fè l!
    Et n vle fè l! Ebyen kite n fè l non!

    Woy! Yaya fly!
    Nou kraze kay la!
    Men konpa!
    Dread Shoodley! Nan moman m pap swiv kadav!
    Alevwa pou sèkèy!
    Woyyy!

    Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy!
    Hi hi hi hi! Ha ha ha ha! Se konsa n depoze konpa!

    Yaya flay!
    Nou kraze kay la!
    Men konpa!
    Enso Larose! Nan moman m pap swiv kadav!
    Alevwa pou sèkèy!
    Hahahahaha! Whooo! Koumanman manman!

    Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy!
    Hi hi hi hi! Ha ha ha ha! Se konsa!
    Tout sa w fè nan lavi, ou dwe fè l a san pou san (Sòf mechanste)
    Panzanmpan! (Bondye ap gade)
    Uh huh!
    Pou nou te rive la, nou endose tout nanm nou (Se konsa n ye)
    Panzanmpan! (Pa negosye)
    Atansyon!

    Ay! Wap betize! Fè l ak tout kè w!
    Di si wap edike! Ak tout kè w!
    Si wap preche! Fè l ak tout kè w!
    Wi nan tout sa wap fè! Ak tout kè w!
    Sipòte madanm ou! Fè l ak tout kè w!
    Cheri pran swen mari w! Ak tout kè w!
    Lè wap fè lanmou! Woy!
    Si wap fè l pa fè l a demi!
    Tout sa w fè nan lavi, ou dwe fè l a san pou san (Sòf mechanste)
    Panzanmpan! (Bondye ap gade)
    Uh huh!
    Lè Klass ap depoze, nou fè li ak tout kè nou! (Se konsa n ye)
    Panzanmpan! (Pa negosye)
    Let’s go!

    Aye! Si wap etidye! Fè l ak tout kè w!
    Di si wap edike! Ak tout kè w!
    Pastè fòk ou preche! Fè l ak tout kè w!
    Kèlkeswa sa wap fè a! Ak tout kè w!
    Politisyen! Fè l ak tout kè w!
    Lè wap pran angajman! Ak tout kè w!
    Francisco yo fèk bwè kou a tande!
    Nan moman sa se KLASS ki djaz planet la!
    Junior Port-de-Paix! Ak tout kè w!

    Djaz sa pa gen manti! Non!
    Se san diskisyon! Aight!
    Si w kwè m manti, mande fanatik!
    Se tan pa n!
    Se lè pa n!
    Moman pa n!
    Se sa k fè w pa ka kenbe n!

    Pozo! Bale yo! Woy!

    Anmweyyy! Men konpa!
    Wo ou wo! Egri yo sezi wè n pa poukont nou!
    Wo ou wo! Fanatik yo n gen fòs yok kenbe nou!
    Wo ou wo! Bondye nan syèl jire l pap lage nou!
    Wo ou wo! Ki ki ki ki kitel mache!
    Woy!

    Richie! Aya man!
    Jwèt pou ou!

    Tan pou m fè back! M pito peye pouse m!
    Olye mwen fè back! Mwen pito peye pouse m!
    Gen bagay ou pa aprann! Lè w granmoun!
    Tankou file fanm! Lè w granmoun!
    Monte bisiklèt! Lè w granmoun!
    Souse dwèt!

    Tan pou m fè back! M pito peye pouse m!
    Olye mwen fè back! Mwen pito peye pouse m!
    Gen bagay ou pa aprann! Lè w granmoun!
    Tankou file fanm! Lè w granmoun!
    Monte bisiklèt! Lè w granmoun!
    Epi souse dwèt! Rekomanse!
    Djaz sa pa gen manti! Ditou!
    Se san diskisyon! Di non wi!
    Si w kwè m manti, mande fanatik!
    Se tan pa n!
    Se lè pa n!
    Moman pa n!
    Se sa k fè w pa ka kenbe n!

    Pozo! Bale yo!
    Woy! Anmweyyyy!
    Ti medam pran selfie nan djaz la!
    Ti Yves Leroi!


    Comentarios

    Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

    0 / 500

    Forma parte  de esta comunidad 

    Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Klass y explora más allá de las letras.

    Conoce a Letras Academy

    ¿Enviar a la central de preguntas?

    Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

    Comprende mejor con esta clase:

    0 / 500

    Opciones de selección