visualizaciones de letras 26

Bayo (feat. J Perry, Baky & Strong G)

Michael Brun

Letra

    Se sak fè fyète n fyè ke kwè n se black
    Pou libète n te kanpe gade nou pa t fè bak
    E chak jou nan vi nou gade n vle pran on lòt etap
    On lòt eta, on lòt leta
    1 n vle enpoze n fè sonje kiyès nou ye
    2 n vle dekwoche e kase kòn ki mare n
    3 santiman nou k ap gide nou
    Nou kon kote n sòti e n gon kote nou vle ale tou

    Bayo, Bayo Bayo
    Bayo, Bayo Bayo

    Leve kanpe leve kanpe
    An nou met vwa nou ansanm pou nou chante
    Fò w espere fò w espere
    Yon jou kanmenm gade sa gen pou chanje
    Chak vye moman nan lavi fò w kanpe rèd
    Pa okipe sa k ap di ke nou se nèg
    Kanpe rèd kou bwa mitan
    Prè pou fè lit lan
    Depi lè w te fèt fò w konnen byen w son militan
    Chak moun gen on misyon
    Wi fò w gon vizyon
    Se met tèt an plas pou kapab pran bon desizyon
    So mwen m ap kanpe
    Ou ap kanpe
    Li ap kanpe
    Nou tout ap kanpe

    Bayo, Bayo Bayo
    Bayo, Bayo Bayo

    Yow m soti Ayiti, sou tè sa'm fèt
    Bleu et rouge la se de sa'm fyè (oh, yeah)
    Siw pa dako nou zafè
    Jè'n yo avè'n nap fè yo fyè de sa'n fè
    Nou ba yo limyè lè'n klere (Haiti)
    Nou pral montre se pat sal te ye
    So Chak son m, chak rimes, chak projet, chak muzik nap montre'w vrè fòs peyi'n nan chak sa'n kreye
    N’ ba yo rèv Pou lot nasyon ka ba yo glwa (Sa'n fè)
    Ansanm nou kanpe poun ba yo dwa yo (Sa'n fè?)
    Sak paka pale Nou ba yo vwa
    Nou gon peyi poun sove sak vle bare'n nap ba yo Bwaa

    Bayo, Bayo Bayo
    Bayo, Bayo Bayo
    Bayo, Bayo Bayo
    Bayo, Bayo Bayo

    Se pa gade selman gade pou gade
    Fòk ou leve fè afè pou yo gade’w tou
    Se pa gade selman gade pou gade
    Fòk ou leve fè afè pou yo gade’w tou
    Se pa gade selman gade pou gade
    Fòk ou leve fè afè pou yo gade’w tou
    Se pa gade selman gade pou gade
    Fòk ou leve fè afè pou yo gade’w tou

    Bayo bayo


    Comentarios

    Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

    0 / 500

    Forma parte  de esta comunidad 

    Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Michael Brun y explora más allá de las letras.

    Conoce a Letras Academy

    ¿Enviar a la central de preguntas?

    Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

    Comprende mejor con esta clase:

    0 / 500

    Opciones de selección