visualizaciones de letras 26

Lè M'ap Ekri

PIC

Letra

    (It’s the P to the I to the C niggah)

    Lè’m ap ekri, mpa sèlman fè lank plim sal ka ye
    M pran tout sanm ni sak koule nan venn ni sa’k kaye
    M konn konn konnen mpral ekri sanm mpoko menm konn sa’l k ye
    Li k rap, pwezi, powèm men si’l son lèt fòl pa kaye

    Poul pa gaye, m’pleye baye nan ranje mo’k te degaye
    Sa’m te graye atire atansyon kou fanm ki debraye

    M’ekri anpil, paske’m pa pal’anpil
    E sim vin diw m’pap pa nan pil
    M’ekri’l nan balèn, li pase kouran, ou wèl pap k nan pil

    Lè map ekri c poum mande sa kap fèt
    Poum pale’l de sak pral fèt, sa’m reve’k fèt
    Sak plede fèt, defèt sak t fèt
    E pale de vèy e de fèt

    De frèt kach avek cash ki gen ant siksè e defèt
    An fèt, m’ekri san rezon
    Ak tò ni rezon
    Sou rezon ki fè liyezon

    Ant chak mo ki nan chak ri’m
    Chak nesans oubyen chak krim
    De dlo nan je’m oubyen chak ri’m
    Donk c chak lèm anvi pale de dunk Oneil Shaq ri’m

    M’ekri’m, paskem pale de vi’m e de mizè’m
    Nan ekri m’satisfè tizè’m
    Apre 6è flow m’te diw pa pal’anpil* m’trase lizyèm
    M’ekri poum swanye kriz kèm

    M’asure’w nu pap ekri menm jan memsiw ta wè plizyèm

    Depi nan 6è St Louis d’Gonzague
    Sou wout la m’fon zigzag
    M’ekri’l dous, m’ekri’l anmè
    Gen’k banm respè, gen’k banm plis vag

    M’ekri lèm pap fè anyen, m’ekri lèm sou ekri
    M’ekri lèm sou 3 pye, m’ekri tou lèm sou beki
    Chak grenn mo c gramfat so m’ekri lèm sou megri

    M’ekri sou patnè, sou egri
    M’ekri lem sou ekri
    Euh banm wè, m’ekri sou lèm sou ekri
    M’ekri lem fucked up, lèm lucide e menm lèm sou m’ekri

    M’ekri pou’m bay lide mwen
    Nan lis lan pou’m valide mwen
    Kite mwen ekri pou’m k pale nou de nou, de li, de mwen

    M’ekri pou rans
    Pou’n k fè konesans san’n pa fè bri
    E nan yon sans, m’ka di’m vin vann konesans san’m pa fè pri
    San’m pa febli

    M’vin ekri, pou ou, pou yo, pou li
    M’ekri muzik pouw chante, m’ekri tèks ak liv pouw li
    M’ekri sou baz mwen ak sou zansèt yo poum pale de brav
    M’ekri sou politik peyim nan lèm sou fè epav

    Se grav, m ekri an esklav, an òm lib e an afranchi
    M’ekri poum diw gen limit nan vi sa pouw pa franchi
    M’ekri an dèy men wap anvim lè c lajan’w bezwen blanchi
    M’ekri yon album anba dlo san’m pa respire par branchi

    M’ekri lèm grangou, lè vant mwen plen ni lèm balonnen
    M’ekri pou sak renmen wont, ni pou sak sanwont pou’m ba’l on
    Nen

    M’ekri pou manman’m lè lanmou ak fyète makonnen
    Pa sou luxe, ni sou papa paske’m pa ekri sa’m pa konnen

    M’ ekri rapid, m’ekri vers lent
    M’ekri punchline, m’ekri verlan
    Depuis vers l’an 2000 map ekri revers nan
    Sak pral pase nan univers lan

    Rouge, jaune, vert lan
    C doktrin mwen c sak fè’m ekri Reggae
    M’ekri dwat, m’ekri kwochi, dè-dè-dè fwa m’ekri bege

    U k di woaw, ou k di wouch
    Bèl pawòl, ekriti pat mouch
    W’anvi fè la p’tite cuillère, pandan mwen map ekri ak louch
    M’ekri fawouch, m fè sispèk menm sa’k pat louch

    2, 3, 4 touch m’ekri pou’m fè bri, pou’m pèse, m’ekri katouch (pla!)

    Ekriti’n pa dekri aksyon’n
    Ekri nenpòt sa’n jwenn, lèn pa jwenn chabon n’ekri ak sann
    E nou pran san’n son
    San’n pa gen ide swisid, blese dwèt, n’ekri ak san’n

    Gen anpil neg ki ekri fo e sou tèt “o” a nou met aksan’n

    M’pa vi’n ekri sou mal, m’ekri pou nou pou nou byen, Oubyen
    Siw t fache avèm m’ekri pou nou, pou nou byen
    Mo yo konn mal ekri, men lèm ekri poum pale de nou m’dekri nou byen
    Ke’m ekri gwo, ke’m ekri fen

    De komansman jiskalafen
    M’konnen m’pap sispann ekri, ke’m nan riches kou nan lafen
    Enfen, m’espere ke’m pap ekri anven
    Nan ekri san fren
    Yo di’m fon outro 8bars m ekri 20

    Its the P to the I to the C Yon MC Yon ekriven
    Ekri an gwo e an detay Pou konn gen bon twal fòk gen bon retay
    Yeah! Wisan on the beat Yo Hype! Word is born PIC!
    Ekri nenpòt sa’n jwenn, lè’n pa jwenn chabon n’ekri sann


    Comentarios

    Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

    0 / 500

    Forma parte  de esta comunidad 

    Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de PIC y explora más allá de las letras.

    Conoce a Letras Academy

    ¿Enviar a la central de preguntas?

    Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

    Comprende mejor con esta clase:

    0 / 500

    Opciones de selección