visualizaciones de letras 6

Cheri, ou fè m, fè m tounen yon timoun piti
Doudou, ou fè m tande sa w di epi m obeyi
Cheri, ou fè m pwodwi chak jou chak fwa lè w souri
Pwodwi, ekri bèl literati
Fou pran lari ak foli damou
Trete m tou swit ak yon beze mouye
Mete m kouche, m santi m prale

Cheri, ou fè m tounen on bèl flè, ou pran awoze m
Doudou, ou fè m tounen on bèl kap, ou file m ale
Doudou, ou ban m anpil fil mòl lè van move
Tounen on boul pik pou teke m ale
Lapli tonbe chak fwa lè w gade m
Kò m pran dife, ou tounen van vante m
Nan sann dife n'ap chofe lanmou

Ou wa awa ou waya
Mwen pa kapab viv san ou
San ou


Comentarios

Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

0 / 500

Forma parte  de esta comunidad 

Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Riva Nyri Précil y explora más allá de las letras.

Conoce a Letras Academy

¿Enviar a la central de preguntas?

Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

Comprende mejor con esta clase:

0 / 500

Opciones de selección