visualizaciones de letras 257

Tan an pase kè k te brize yo repare
Tout doulè mwen yo efase
Wi mwen ka di mwen prepare
Pa paske'm an mank
Tout dlo je yè yo tounen lank
Pou yon pi bèl istwa lanmou
On pi bèl istwa lanmou

M vini pou'm fè gran so a, sa tante’m
M pare, m pa pè w ankò
Lanmou, m pa pè w ankò, lanmou
M'ap louvri kè'm pou ba w antre, sa tante’m
M pare, m pa pè w ankò
Lanmou, m pa pè w ankò, lanmou

Flè yo fleri
Lavi a reprann tout dwa li
Maladi sèl lanmou k geri
Mwen pliye anba pouvwa li
M pare pou m bay
Tout sa m ta renmen resevwa
Kite'm chante yon lòt istwa a
Chante yon lòt istwa

M vini pou'm fè gran so a, sa tante’m
M pare, m pa pè w ankò
Lanmou, m pa pè w ankò, lanmou
M'ap louvri kè'm pou ba w antre, sa tante’m
M pare, m pa pè w ankò
Lanmou, m pa pè w ankò, lanmou

Menm si 2 montay p'ap jamè kwaze
Mwen rete kwè 2 kè ka kontre
Bon moun lan, nan bon moman an
Bèl istwa pou'n rakonte

Menm si 2 montay p'ap jamè kwaze
Mwen rete kwè 2 kè ka kontre
Bon moun lan, nan bon moman an
Bèl istwa pou'n rakonte

Tankou yon fenix, mwen renèt
Flanm ki anndan mwen an ravive
Flanm ki anndan mwen an ravive
M'pare pou'm rekòmanse renmen nèt
Se sèl lanmou ki bay lavi vre
Se sèl lanmou ki bay lavi vre

M vini pou'm fè gran so a, sa tante’m
M pare, m pa pè w ankò
Lanmou, m pa pè w ankò, lanmou
M'ap louvri kè'm pou ba w antre, sa tante’m
M pare, m pa pè w ankò
Lanmou, m pa pè w ankò, lanmou

Menm si 2 montay p'ap jamè kwaze
Mwen rete kwè 2 kè ka kontre
Bon moun lan, nan bon moman an
Bèl istwa pou'n rakonte

Menm si 2 montay p'ap jamè kwaze
Mwen rete kwè 2 kè ka kontre
Bon moun lan, nan bon moman an
Bèl istwa pou'n rakonte


Comentarios

Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

0 / 500

Forma parte  de esta comunidad 

Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Stan Ofisyèl y explora más allá de las letras.

Conoce a Letras Academy

¿Enviar a la central de preguntas?

Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

Comprende mejor con esta clase:

0 / 500

Opciones de selección