visualizaciones de letras 5

Warete

T-Vice

Letra

    Ou t'ap mande jistis, kounya w ateri lajistis
    Ane sa a kou pou kou

    Rasanble, vin tande yon koze
    Gade dezòd, gade dezòd nan Djakout la
    Han, griyen dan an fini
    Gade dosye, gade dosye nan Djakout la
    Mèt mande m padon, m pap kite pou yo

    Kote w pase, w'ap fè mechanste
    Chita pale fanm mal, pran pòz ou s'on macho
    E poutan ou pran kout pitit deyò
    Ak tout papye divòs
    Tèt ou fin pati

    Ay, ou tonbe nan tout move zafè
    Al fè deal ak tout kò malfektè

    Hey, lajistis jwenn dosye w ti pòk - Ou mele
    Yo voye manda ou oblije prezante - Oh oh, ou mele
    Aprè jijman ou vin kondane - Ou mele
    Pouchon tu es méchant - Oh oh
    Sa w plante, se li w rekòlte

    Yes.. Nouvèl la tout kote
    Pouchon nan kidnaping
    Pouchon kidnapè
    Ayiti men bon nouvèl
    Pouchon kidnapè
    Wa, wa kite volè

    W arete, penitansye tèt dwat

    Mache Ti Tony

    Li nan tout jounal
    Pouchon kidnapè
    M pa vle tande twip
    Pouchon kidnapè
    Digicel
    Pouchon kidnapè
    Wa, wa kite volè

    W arete, penitansye tèt dwat

    Pwovèb la di: Bat chyen an, tann mèt li
    Pote menòt
    Podopo

    Weee, oh oh
    Alo Bouboul ouvè kò w, ou chanpyon

    Pwovèb la di: Bat chyen an, tann mèt li
    Pote menòt
    Podopo

    Weee, oh oh
    HL Construction, bon bagay
    W'a kite, w'a kite frekan

    Melodi
    Siye dlo nan je w
    Pote Kleenex pou li
    E poko kriye w sa
    Siye siye

    Yo fè, yo fè wi yo fè bagay
    Yo fè, yo fè vye bagay
    Yo fè, yo fè, wi yo fè bagay
    Yo nan kidnaping
    Yo nan zokiki
    Yo nan blanchisman se vre
    Yo kou on ban chyen peyi
    Epi yo pa jwenn zo, yo goumen antre yo

    Sa w swete pou bèlmè w, se manman w li rive
    Se sa w swete pou bòpè w, se papa w li rive
    Sa w swete pou zanmi w, se ou menm li rive
    Sa w swete pou T-Vice, se Djakout li rive
    Tonèr

    Oh... Ah
    Oh... Yo ah ah

    Tande
    Vice la tèlman cho - Wey
    Li tounen on vòlkan - Wey
    Pa kanpe devan l - Wey
    W'ap fout boule - Biw
    Eksploze sou yo - Biw
    Wi sote sou yo - Biw
    Eksploze sou yo - Biw
    Gad'on chalè

    Leve mayo
    Leve kaskèt
    Leve mouchwa
    Vire yo

    Oh oh, eya eya
    MSC Plus, bwa pa m pi bon
    Oh oh, eya eya
    Oh oh

    Vice la tèlman cho - Wey
    Li tounen on vòlkan - Wey
    Pa kanpe devan l -Wey
    W'ap fout boule - Biw
    Eksploze sou yo - Biw
    Wi sote sou yo - Biw
    Eksploze sou yo - Biw
    Gad'on chalè

    Leve mayo
    Leve kaskèt
    Leve mouchwa
    Vire yo

    Oh oh, eya eya
    Mick Avin m te pale yo
    Rhum Barbancourt
    Oh oh eya, eya
    Oh oh

    Bon ban m pale de peyi m
    Tout Ayisyen k renmen peyi a, an n ale

    Ayisyen Ayisyen - Wey
    Depi w renmen peyi w - Wey
    Depi w pa nan volè - Wey
    Leve de men n anlè, souke yo

    Bay Ayiti yon chans
    Tout sa k pa vle n vanse yo
    Bay Ayiti yon chans

    Ayisyen Ayisyen - Wey
    Depi w renmen peyi w - Wey
    Depi w pa nan volè - Wey
    Leve de men n anlè, souke yo

    Bay Ayiti yon chans
    Tout blofè yo
    Bay Ayiti yon chans

    Bon, le peup, piyay la fini, m repran tronbòn mwen
    Lage l

    [Trombone groove]

    Zobodobo

    Depi w pa mèt Beton, avanse ban m pase
    Si w pa rele T-Vice, avanse ban m pase
    Depi w pa rose et jaune, avanse ban m pase
    Avanse ban m pase, avanse ban m pase
    Hip hip, rale kò w, avanse ban m pase
    An n chante

    Zobodobo

    Si w pa mèt beton, avanse ban m pase
    Depi w kanpe anfas, avanse ban m pase
    Depi w pa bon bagay la, avanse ban m pase
    Si w pa rose et jaune, avanse ban m pase
    Compas Market, men mèt beton an, avanse ban m pase
    Hip hip

    Gen sa ki pral fache, ki pral vle boykote m
    Epa kounya

    Oh oh
    Juju, sousi kadnase, kè sote
    Oh oh
    Sogener

    Gen sa ki pral fache, ki pral vle boykote m
    Epa kounya

    Oh oh
    Ki mele dada m
    Oh oh
    Mache, mache, se tchap tchap tchap tchap tchap
    Konsa

    [SKIT]

    [Roberto]
    Chelo, sa m tande a, e verite?

    [Chelo]
    Ah Bèto, pawòl sa a pi fò k'on verite, sa a s'on veri kafe Bèto
    Ou konn pou kisa Khekhe te fè vye mizik sa a?
    Se paske paran Fofo pat vle l wi tonè

    [Roberto]
    E byen, djaz sa a au féminin?

    [Chelo]
    Kòm kanaval la tonbe pou St. Valentin ane sa a
    Fofo et Khekhe, vous êtes libre d'aimer

    Yes.. Nouvèl la tout kote
    Pouchon nan kidnaping

    Pouchon kidnapè
    Pito m emosyonèl, m pa kidnapè
    Pouchon kidnapè... Ohhh
    Pouchon kidnapè
    Wa, wa kite volè

    W arete, penitansye tèt dwat

    Pwovèb la di: Bat chyen an, tann mèt li
    Pote menòt
    Podopo

    [Guitar groove]
    Weee, oh oh

    Evens Jean, men gita lari a
    Dream Promo
    Pi rèd, pi rèd

    [Trombone groove]

    Zobopobo
    Criolito

    Depi w pa mèt Beton, avanse ban m pase
    Si w pa rele T-Vice, avanse ban m pase
    Depi w pa rose et jaune, avanse ban m pase
    Avanse ban m pase, avanse ban m pase
    Hip hip, rale kò w, avanse ban m pase

    Gen sa ki pral fache, ki pral vle boykote m
    Epa kounya

    Oh oh

    Secom Rent a Car, bon bagay la
    HPS
    Shabibi, soumoun pa vle di popilè


    Comentarios

    Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

    0 / 500

    Forma parte  de esta comunidad 

    Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de T-Vice y explora más allá de las letras.

    Conoce a Letras Academy

    ¿Enviar a la central de preguntas?

    Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

    Comprende mejor con esta clase:

    0 / 500

    Opciones de selección