visualizaciones de letras 107
Letra

    Ala kontan m kontan Bondye renmen m
    Li banm kouraj pou m supòte woo
    Ala kontan m kontan Bondye renmen
    Li banm kouraj pou m pa komèt betiz

    Nan kèlke ane ki te pase
    Mwen te tankou yon jwif eran
    Mwen la toujou
    Zanmi leve frape m atè
    Yo fè tankou ke yo bliye m
    Mwen la toujou
    Ala bèl bagay se vanite
    Ou gen bèl oto pou yo prete
    Wi ou se ti Bondye pou yo
    Lajan nan pòch pa sa rete se pa reproòch ke map fè yo
    Mwen la toujou

    Wi m la toujou Kris kapab

    Nan kèlke ane ki te pase
    Mwen te tankou yon jwif eran
    Mwen la toujou
    Zanmi leve frape m atè
    Yo fè tankou ke yo bliye m
    Mwen la toujou
    Ala bèl bagay se lè w gen lajan
    Ou gen bèl oto pou yo prete
    Wi ou se ti Bondye pou yo
    Lajan nan pòch pa sa rete se pa reproòch ke map fè yo
    Mwen la toujou

    Wi m la toujou wo
    Wa di mwen la toujou aprè Dieu
    Zanmi leve m frape m atè
    Yo pale m mal yo kritike m, mwen la toujou

    Fiyèl oh pa kriye, fiyèl oh konsole w
    Fiyèl oh, pran kouraj
    Se lè w nan malè pou w konn si w gen bon zanmi
    Fiyèl oh pa kriye, fiyèl oh konsole w
    Fiyèl oh, pran kouraj
    Se lè w nan malè pou w konn si w gen bon zanmi

    Se lè w nan malè w pou w konn si w gen bon zanmi
    Se lè fiyèl mouri pou w konn si w gen bon marenn
    Se lè w nan pwoblèm pou w konn si gen bon zanmi
    Se bite m bite m poko tonbe wo
    Lè w nan pozisyon tout moun rele w ti pouchon
    Ou rive lanbi de boutèy wisky douz koka pou yo
    Ou tande w pèdi djòb ou tout moun te gentan bliye w
    Se bite m bite m poko tonbe wo

    Fiyèl oh pa kriye, fiyèl oh konsole w
    Fiyèl oh, pran kouraj
    Se lè w nan malè w pou w konn si w gen bon zanmi
    Fiyèl oh pa kriye, fiyèl oh konsole w
    Fiyèl oh, pran kouraj
    Se lè w nan malè w pou w konn si w gen bon zanmi

    Si w ap koute sousi w ka komèt betiz chak jou
    Pa gade sou moun ou sanlè tonbe nan kouchay
    Lasosyete ap mande w men l pa janm ofri w anyen
    M pap koute lavi pou m al komèt betiz
    Zanmi leve lanwit l al fè afè l san w pa konnen
    Demen matin l leve men longè otomobil li
    Mwen pap gade sou moun wi m pap kopye sou zanmi
    Mwen menm mwen la toujou map demele m aprè Dieu

    Fiyèl oh pa kriye, fiyèl oh konsole w
    Fiyèl oh, pran kouraj
    Se lè w nan malè w pou w konn si w gen bon zanmi
    Fiyèl oh pa kriye, fiyèl oh konsole w
    Fiyèl oh, pran kouraj
    Se lè w nan malè w pou w konn si w gen bon zanmi

    A wi sa se vre, se nan malè pou w konn si w gen bon zanmi
    Lè w nan pwoblèm nan touman, ou nan tout move moman
    Se lè sa pou w konnen si w gen bon kamarad pou vwazen
    Lè ou wè w gen lajan, tout moun se zanmi w
    Tout lajounen, fanmi, zanmi, visit, lajan
    Ou temèt gen 90 an, depi w gen lajan
    Wap okipe jèn timoun yo deyò a, yo rele w ti pouchon
    Granmoun nan wi k ti pouchon an, ou wè laj li, lajan, larjan
    Bon, moun nan pèdi, li sot Okap li pèdi, pandan ke yo rankontre l
    Yo mande ki fanmi w, ki moun ou konnen
    La belle Capoise paske l gen lajan, lajan
    Li sot Jacmel li pèdi
    Yo mande l ki moun ou konn nan Pòtoprens
    Ki moun ou konn nan Pòtoprens - Gerard Tadoucau
    Paske l gen kòb, konprann
    Depi w gen kòb tout moun se fanmi w
    Moun nan sot Okap li pèdi l anfouye, yo mande ki moun ou konnen
    Gerard Massisi paske l gen anpil lajan, anpil lajan, anpil lajan
    Bon yon flannè nan on zòn, li te mèt fè tout class li, bon filozòf
    Epa filozòf rabi non, filozòf ki gen savwa, ki konn pale, bèl disksyon
    Pouvu ke li pa gen lajan, li pa gen respè nan zòn nan
    Tout moun demake l, y ap fè fèt yo pa envite l, paske l pa nan pozisyon
    Men jou w tande li nan job, l ap degaje l, l kòmanse ap pase nan zòn nan
    Yo rele li enspekte, enspektè bonjou enspekte
    Li kòmanse pa chanje vwa, ti bas
    Vokal li kòmanse chanje l ap fè kòb, kòl nan kou, l komanse ap pale franse
    L ap eksprime l, ou konn ki non yo ba l nan zòn nan
    Ki non yo ba l nan zòn nan?
    Ti pouchon woy mon Dieu, gad ti pouchon an non, gad ale ti pouchon an non
    Gad chita l nan on bèl voiture, paske l gen lajan l nan pozisyon
    E sepandan lè l te san pozisyon, tout moun te maltrete l
    Lajan larjan

    Bon lòt istwa se li k pral fè nou ri nèt
    Gen on mekanisyen k sot travay a 5hr
    L rele on komyonèt, chofè a monte pou li, li monte
    Pandan l monte, tout moun ap demake paske l sal
    Men li gen tout kle l zouti l nan men l
    On pakèt bèl medam la, tchuluchuchu ou konprann, yap eseye demake l
    Lè misye sispèk yo imilye l
    Misye te gen on mago lajan m pa konn yo te bay bay nan kay li
    Li rale kòb la lap feyte, san dola
    De san dola, twa san dola, kat san dola, senk san dola
    Menm ekip medam sa yo ki tap meprize flanè a
    Pandan yo wè mago lajan, ou konen lajan, lajan se leman
    Epi dam nan kanpe li di ti pouchon
    Ti pouchon rale kòw non pou w pa tonbe, ou nan pwen kamyonèt la non
    Si yo pèdi w, si fanmi w pèdi w ti pouchon

    Ti pouchon, gade ti pouchon an
    Ti pouchon, gade ti pouchon an
    Rale kòw nan ti pouchon
    Ti pouchon yap pwoteje lajan w nan wi, manti wi
    Ti pouchon, wi Bondye gade on ti pouchon non
    Mekanisyen an wi yo bliye vye rad sal la a zouti yo

    Oh wi entèl c'est mon cousin
    Il etait mon condisciple
    Paske l nan pozisyon

    Fiyèl oh pa kriye, fiyèl oh konsole w
    Fiyèl oh, pran kouraj
    Se lè w nan malè w pou w konn si w gen bon zanmi
    Fiyèl oh pa kriye, fiyèl oh konsole w
    Fiyèl oh, pran kouraj
    Se lè w nan malè w pou w konn si w gen bon zanmi

    Lè w nan pozisyon tout moun rele w ti pouchon
    Ou rive lanbi de boutèy wisky douz koka pou yo
    Ou tande w pèdi djòb ou tout moun te gentan bliye w
    Se bite m bite m poko tonbe wo

    Fiyèl oh pa kriye, fiyèl oh konsole w
    Fiyèl oh, pran kouraj
    Se lè w nan malè w pou w konn si w gen bon zanmi


    Comentarios

    Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

    0 / 500

    Forma parte  de esta comunidad 

    Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Toto Nécessité y explora más allá de las letras.

    Conoce a Letras Academy

    ¿Enviar a la central de preguntas?

    Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

    Comprende mejor con esta clase:

    0 / 500

    Opciones de selección