visualizaciones de letras 23

Asanm (feat. Shishie)

Wendyyy

Letra

    It's magic baby

    N ap ansanm nan tristès n ap ansanm nan jwa
    E pe enpòt desizyon an n ap ansanm nan chwa a
    N ap ansanm en esprit en Coeur et en foi
    Nou pap ansanm ni de ni twa n ap ansanm on fwa
    Kè nou ap chache riches menm si n ansanm kou pòv
    Nou pap ansanm pa enterè men n ap ansanm pou love
    N ap ansanm pou mwen n ap ansanm pou ou
    Nou pap ansanm pou fè moun plezi n ap ansanm pou nou
    N ap enseparab, n ap ansanm tankou n te mare
    Menm si n pa prete sèman n ap ansanm tankou n te marye
    Menm lè de pòch nou a vid n ap ansanm tankou n te pare
    N ap ansanm a lenfini, pito n mouri tan pou n ta varye
    N ap ansanm nan vye e nan bon moman
    Ansanm n ap make listwa bae n ap kreye on gwo roman
    N ap ret sou do sou pou tout obstak n ap prepare
    E n ap ansanm pou n ri tout sa k vle separe nou

    Pale pale, n ap kite yo pale
    Pale pale, n ap kite yo pale
    S on bann ipokrit pale dèyè do n
    Se rezon y ap bann pou n ret ansanm
    Yo di m pa sanble ou, m pa merite ou
    Tout se rezon y ap bann pou n ret ansanm

    Ansanm avè w m prè pou m fè yo wont
    Yo konplo pou separe nou yo mèt anpil yo pap janm kont
    Ansanm avè w m pral fè yo je dou
    Tout sa k te cho pral ret tou dou ansanm nou pral fè yo jalou
    Yo prè yo prè pou yo dejwe n
    Yo prè yo prè pou yo pyeje n
    Yo prè pou voye dwèt nan je n
    Men jamè yo pap janm arive separe n

    Cheri, avè w m byen plase avni m byen trase
    M jwenn afeksyon e sou kabann pye kase
    Senti a byen bwase, mwen avè w gen ase
    Y ap swete n separe e nan je yo n ap byen pase

    Mwen prè pou m fè tout sakrifis pou ou
    Pou relasyon n mache
    Yo mèt di sa yo vle men m se pou ou, ou ou...

    Pale pale, n ap kite yo pale
    Pale pale, n ap kite yo pale
    S on bann ipokrit pale dèyè do n
    Se rezon y ap bann pou n ret ansanm
    Yo di m pa sanble ou, m pa merite ou
    Tout se rezon y ap bann pou n ret ansanm


    Comentarios

    Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

    0 / 500

    Forma parte  de esta comunidad 

    Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Wendyyy y explora más allá de las letras.

    Conoce a Letras Academy

    ¿Enviar a la central de preguntas?

    Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

    Comprende mejor con esta clase:

    0 / 500

    Opciones de selección