visualizaciones de letras 27

Dyaman Nan Bidonvil

Zafèm

Sonje yo pa bliye yo
Ba yo lavi souple
Ba yo lavi souple
Gade yo pa inyore yo
Yo anvi viv tande
Ba yo lavi souple

De ti pawòl mwen twouve k nesesè
Mwen pa vin pou m kondane
Pito se le kontrè
Se yon okazyon pou raple n lesansyel
Si nou neglije pran swen timoun yo
Demen na wè l

Sonje yo pa bliye yo
Ba yo lavi souple
Ba yo lavi souple
Gade yo pa inyore yo
Yo anvi viv tande
Ba yo lavi souple

Yon gro kout chapo pou paran k konn dwa yo
E pou sila ki abandone wout la nan devwa yo
Se yon okazyon pou raple lesansyèl
Si nou neglije pran swen timoun yo
Demen na wè l demen n va wè l

M tande vwa k ap rele
K ap kriye byen fò di ase

Nou vle nou vle
Mande n mande
Pwoteje n renmen n jan nou merite

Nou vle nou vle
Mande n mande
Pwoteje n renmen n jan nou merite

Yon bann inosan
Yo fèt tou entelijan
Si te gen mwayen
k ta ka vin gran komandan
Granmoun a dizan
Pran responsablite paran
Fè yo tonbe vann kò anatandan
Poko gen lot opsyon
Grangou ap bay presyon

Nou vle nou vle
Mande n mande
Nou vle nou vle
Mande n mande
Pwoteje n renmen n jan nou merite

Lè w desann avyon an
Rale dola rale papye
Fò w gen anpil fyèl
pou di w pap separe

M'wè sa nan tout Cité
Menm nan Fò Libète
Se menm bagay la m wè Burkinabe
Gad dyaman nan bidonvil
Grangou ap bay presyon

Nesesite timoun yo
Son w chay lou k mare nan kou n
Ki fèk kare jennenn si n
Pa demele n aji an granmoun

Bay la konesans ka defye tout inyorans
Se pa nan lari anba bouch brigan pou yal aprann
Bese brase

Men non se pa konsa pa konsa
Men non se pa konsa pa konsa
Men non se pa konsa pa konsa
Men non se pa konsa pa konsa

Nesesite timoun yo
Son w chay lou k mare nan kou n
Ki fèk kare jennenn si n
Pa demele n aji an granmoun

Bay la konesans ka defye tout inyorans
Se pa nan lari an ba bouch brigan pou yal aprann
Bese brase

Men non se pa konsa pa konsa
Men non se pa konsa pa konsa
Men non se pa konsa pa konsa
Men non se pa konsa pa konsa


Comentarios

Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

0 / 500

Forma parte  de esta comunidad 

Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Zafèm y explora más allá de las letras.

Conoce a Letras Academy

¿Enviar a la central de preguntas?

Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

Comprende mejor con esta clase:

0 / 500

Opciones de selección