visualizaciones de letras 8

5ème Vitesse

Zenglen

Letra

    Depi w' tande Zenglen fè you bagay k'ap soti
    Fanatik yo motivè
    Asyèt sou bòl, yo chita ak kiyè kwaze
    Yo konn s'on bon pla, nou prepare (pou yo)

    Zenglen s'on jazz ki beni, tout Ayisyen chwazi
    Si m' manti di m' mantè
    Dwèt kite rès, nou pase 5e Vitès
    Never impressed, 'cause we're the best (oh yes)
    Nou pa fè machin pou fè back
    Necessité se avanse
    Nou pap pale pawòl crack
    Nou pè lasosyete
    N'ap kouri avèk anbisyon
    Pou n' ba kompa you lòt dimansyon
    Men n' fè antansyon n' pa konpfonn vitès ak presipitasyon

    Zenglen s'on jazz ki beni, tout Ayisyen chwazi
    Si m' manti di m' mantè
    Dwèt kite rès, nou pase 5e Vitès
    Never impressed, 'cause we're the best (oh yes)
    Pou w' opine fò w' infòme
    Osinon w' pral voye monte
    Gen 5 vitès dan lavi
    Se sa nou dekouvri
    Li di m' pa fè back, li pa bon
    Dèyè volan se li k' patwon
    Pandan li non wonn
    M wè sa l' pa konnen

    (Rete, ebyen l' kase tèt tounen wi la
    Yo, Kenny di Yves Leroy, men pwoblèm nan
    S'on 6 k'ap mande you 9, kòman w' fè kwochi konsa?)
    Kòman w' fè kwochi konsa?

    Miami!
    Se konsa nou depoze
    5e Vitès la pase
    Se konsa nou depoze
    5e Vitès la pase

    (Anh! Jan l'ap jwe la li di l' genyen
    Ebyen jwèt la se qui perd, gagne li ye)
    Li kase tèt tounen li poko konnen
    (Se nan sans opoze li a epi li di l'ap kouri menm jan ak Zenglen
    Ala mechan!)
    Li kase tèt tounen

    Se konsa nou depoze
    5e Vitès la pase
    Se konsa nou depoze
    5e Vitès la pase

    Paske n' renmen Bondye
    Maten midi swa n'ap priye
    Zòt panse n' tap dòmi
    Lè n' double yo, yo sezi
    (Timoun)
    Atansyon pousyè, nou pran 5e Vitès la
    N' kite satan jouk dèyè

    Ou mèt wè n'ap kouri, n' toujou chaje kontwòl
    Zenglen garanti bon son, bèl mizik, bèl pawòl
    (Timoun)
    Atansyon pousyè, nou pran 5e Vitès la
    N' kite satan jouk dèyè

    Se konsa nou depoze
    5e Vitès la pase
    Se konsa nou depoze
    5e Vitès la pase

    Gen sa ki pase 5e tankou Zenglen
    (Yo kite satan jouk dèyè)
    4e, gen nan yo ki pè kouri ki ralanti
    (Qui va lentement arrive surement)
    3e Gen sa ki bouke ki kanpe
    2e Gen sa k'ap fè bak tou pa bon
    Dènye a se monkonpè m' ki fenk kase tèt tounen la
    Nan sens unique sens opposé

    Jump around, jump around
    Jump up, jump up and get down
    (Repete)
    Jump around, jump around
    Jump up, jump up and get down
    (Ayisyen leve kanpe)

    Yo di ti jazz ap mande pou nou
    Men nou nan lari a
    Yo di gwo jazz ap mande pou nou
    Men nou nan lari a
    Jazz ki poko jazz ap mande pou nou
    Men nou nan lari a
    Jazz ki gen foli jazz ap mande pou nou
    Men nou nan lari a

    Ak modèl kompa sa n' pa ka kache
    Men nou nan lari a
    Ponyèt kompa Zenglen toujou gonfle
    Men nou nan lari a
    Yo di kote n' pase zèb pa pouse
    Men nou nan lari a
    Se 5e vitès la nou fenk pase
    Men nou nan lari a

    Nou nan lari a, n' nan lari a, n' nan lari a, n' nan lari a
    N' nan lari a, n' nan lari a, n' nan lari a, n' nan lari a

    Jump around, jump around
    Jump up, jump up and get down
    Jump around, jump around
    Jump up, jump up and get down
    (Jwèt Chachou)

    Yo di ti jazz ap mande pou nou
    Men nou nan lari a
    Yo di gwo jazz ap mande pou nou
    Men nou nan lari a
    Jazz ki poko jazz ap mande pou nou
    Men nou nan lari a
    Jazz ki gen foli jazz ap mande pou nou
    Men nou nan lari a

    Ayisyen di Zenglen s'on pate cho
    Men nou nan lari a
    Timoun, granmou yo tout vle ti moso
    Men nou nan lari a
    Ponyèt kompa Zenglen toujou gonfle
    Men nou nan lari a
    Se 5e vitès la nou fenk pase
    Men nou nan lari a

    Nou nan lari a, n' nan lari a, n' nan lari a, n' nan lari a
    N' nan lari a, n' nan lari a, n' nan lari a, n' nan lari a

    Jump around, jump around
    Jump up, jump up and get down
    (Come on)
    Jump around, jump around
    Jump up, jump up and get down
    (Gade misye, mesye!)


    Comentarios

    Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

    0 / 500

    Forma parte  de esta comunidad 

    Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Zenglen y explora más allá de las letras.

    Conoce a Letras Academy

    ¿Enviar a la central de preguntas?

    Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

    Comprende mejor con esta clase:

    0 / 500

    Opciones de selección