visualizaciones de letras 1

Machandiz

Zo Polo

Letra

    Papa! Please montre m jan pou m vanse
    Pa kite m tease, ease nan vi m pou m ranse
    M pap viv vre m vid lè m panse
    M bezwen gid lead rit pou m anonse

    Bon evènman, m nan nevèn nan
    Mande w sou chemen m ekate tout devèn
    Rete fèm, rete kwè ak tout kè w pral efase mal m te fè

    Rete fyè toutan lirik mwen la pou sèvi yon ta
    De moun ki t ap ekate sou
    Bon chemen an, lonje men w pou w pran m
    Menm si lèzòm ta epate pou

    Sa di lè n ap fè sadik poutan tout sa ki
    Chape ak konpreyansyon n fè
    Tèt nou pati, nou soufri mati, se tank on pati
    Nan nou te konekte avè w

    Alòs jodi a m vin devan w m vin defann yon nouvo depa
    Tou depan jan sa ye, plim ak kaye te toujou devan m
    Menm vin di w pou de bon fwa sa m pral bataye

    Desizyon m pran e tèt mwen sou zepòl mwen
    Karyè medikal mwen la m pap kanpe lekòl
    Presizyon m bezwen w a klere m tankou paul
    Lè m anvi nye egzistans ou m a kenbe pwotokòl

    Ede m grandi pazapa
    Ede m evite panik papa, please m pa kapab
    Fè mizik ak medsin se pa konfrè
    Fò m fè chwa ant fè night shift oubyen al jwe konsè

    Chemen w chwazi pran se youn nan sa k mal viv isit
    Lavi w pral divize, fè za konplè pral difisil
    Karyè w pral plen defisi, y ap defigire w chak vizit
    Men chak mizik dwe bay plezi menm si w priyorize medsin

    Y ap reyalize ke talan w remakab
    E menm si yo ta krab yo pap dakò w kenbe l anba tab
    Kidonk ou pa kab chwazi pou w ba yo demakaj
    E menm si w pa ta ka jwe live f on jan fè l jan w kapab

    Kenbe estabilite w tout sa k pèmèt ou ka lite
    Milite, mache men nan men avèk kalite
    Pa bliye: Desten w ou se mèt li yo pa ka rete w
    Menm si selon sa yo di rap ou pa ka briye

    E lè w pa gen tan non entansyonèlman
    Pwojè w ap retade ebyen fout yo yon lòt dat
    Yo pral di w mantè nigga fuck that!
    Pa koute komantè ki pral fè w stop!

    Mete nanm rete djanm gason m se pasyon w rete dan rete bande
    Tout fason rete dan, rete focus
    Pa desann nan nivo pete dan my man show skills
    Pa pretann ret tann moman pa w pou w defann ideyoloji w
    Fè pase mesaj rèd rap pou sove kilti tank on medsen tretan rete yon lojik


    Comentarios

    Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

    0 / 500

    Forma parte  de esta comunidad 

    Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Zo Polo y explora más allá de las letras.

    Conoce a Letras Academy

    ¿Enviar a la central de preguntas?

    Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

    Comprende mejor con esta clase:

    0 / 500

    Opciones de selección