
Map Ret Ak Tet Mwen
Bedjine
Apiye sou yon bra ki pa solid se tankou nan dezè Sahara ki san dlo
Kwè nan moun ki kwè nan yon lòt, s'on istwa vrè ou fo
Ret viv prè yon moun ki ap viv lwen ou se entènèt san Google
Sa k nan kè yanm pou ou tout sa k konnen l son kouto
Ou pito defisi mwen pou benefis yo, uo o
Ou pito banm refi mwen pou w ba yo viza yo
M pap janm vle vi sa
Mete'm chita, pal avè'm
Ou ka blese'm, m pap mouri
Si ou pa avè'm, non non
Si w pa renmen'm (m ap rete ak tèt mwen, cheri)
Non non, si w pa bezwen'm (m ap ret ak tèt mwen, cheri)
Mwen pa bezwen yon kouto de bò
(M ap rete ak tèt mwen, cheri)
Cheri ou ou (m ap rete ak tèt mwen, cheri)
M ta pito ret soufri pou m kenbe respè'm
Si m te konnen, m pa t'ap janm ba'w GPS kè'm, ou o o o
M tap ba'w yon move adrès lè sa w tap pèdi
Wout bonè'm, ou te vle met pikan detrès
Ou jwe ou pa ganye, je w pa kale
Pou wè modèl moun sa ou genyen, ou vle kite'l ale
Ou jwe ou pa ganye, monchè ou pa kare
Ou tap gen tan di'm sa
Se wè'w tap wè do m ap pase, we e ee
Si w pa renmen'm (m ap rete ak tèt mwen, cheri)
Non non, si w pa bezwen'm (m ap ret ak tèt mwen, cheri)
Mwen pa bezwen yon kouto de bò
(M ap rete ak tèt mwen, cheri)
Cheri ou ou (m ap rete ak tèt mwen, cheri)
Nou konn kiyès ki la?
Be Be Bedjine
Pase'm ret ap swiv ou
M pito swiv lonbraj mwen
Si lanmou fè'm toun on bèt fewòs
M ap ret viv nan kaj mwen
Nivo m renmen tèt mwen depase simbi
Rezon lavi, pral fè w wè
Siksè'm nan chak ekriti
Pase'm ret ap swiv ou
M pito swiv lonbraj mwen
Si lanmou fè'm toun on bèt fewòs
M ap ret viv nan kaj mwen
Nivo m renmen tèt mwen depase simbi
Rezon lavi, pral fè w wè
Siksè'm nan chak ekriti
Si w pa renmen'm (m ap rete ak tèt mwen, cheri)
Non non, si w pa bezwen'm (m ap ret ak tèt mwen, cheri)
Mwen pa bezwen yon kouto de bò
(M ap rete ak tèt mwen, cheri)
Cheri ou ou (m ap rete ak tèt mwen, cheri)



Comentarios
Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra
Forma parte de esta comunidad
Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Bedjine y explora más allá de las letras.
Conoce a Letras AcademyRevisa nuestra guía de uso para hacer comentarios.
¿Enviar a la central de preguntas?
Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.
Comprende mejor con esta clase: